Nòt anba paj
a Safrete se yon pwoblèm ki chita nan lespri yon moun. Yon moun ki saf se yon moun ki manje yon fason egzajere. Konsa, se pa gwosè yon moun ki detèmine si l saf, men se atitid li genyen parapò ak manje. Yon moun kapab gen yon gwosè nòmal oswa menm li kapab mens, epoutan li kapab saf. Yon lòt bò, nan kèk ka, se pwoblèm sante ki konn fè moun gwo oubyen se paske yo soti nan yon fanmi kote moun yo gwo. Donk, kèlkeswa gwosè yon moun, kesyon an se konnen si li afre. — Gade atik “ Kesyon lektè yo poze ” ki nan Toudegad 1ye novanm 2004 (fransè).