Nòt anba paj
d Dapre sa kèk rapò ki soti nan plizyè peyi fè konnen, zafè viv lwen yon konjwen oswa yon pitit akoz travay aletranje a, se youn nan bagay ki lakòz kèk moun jwenn anpil gwo pwoblèm. Sa ka lakòz youn oswa toule de konjwen yo fè adiltè, tonbe nan omoseksyalite oswa fè sèks ak yon manm fanmi pwòch yo. Timoun yo menm ka vin gen move konpòtman, yo ka gen pwoblèm pou yo aprann lekòl, yo ka vin agresif, yo ka vin enkyè, yo ka fè depresyon oswa yo ka menm anvi touye tèt yo.