Nòt anba paj
a Enfimite motris serebral se yon tèm jeneral yo itilize pou yo dekri pwoblèm yon moun gen nan sèvo l ki fè l pa ka fè mouvman. Mete sou sa, li ka fè moun nan fè malkadi, li ka fè l manje twòp oubyen li fè l pa vle manje, e li ka fè l pa ka pale. Kwadripleji spastik la se fòm ki pi grav nan enfimite motris serebral yo. Li ka fè toule kat manm moun nan vin rèd e li ka fè kou moun nan vin mòl.