Nòt anba paj
a Nan parabòl la, gen yon kantite tan byen klè ki pase ant lè rèl la di “men lemarye” a (vèsè 6) ak lè lemarye a vini oswa rive a (vèsè 10). Pandan dènye jou yo, moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki kontinye veye yo rive wè siy prezans Jezi a. Konsa, yo konnen li la e l ap dirije nan yon Wayòm ki pisan. Yo kontinye ap fè fas ak defi pou yo kontinye veye a jiskaske l vini oswa rive.