Nòt anba paj
a Anpil moun pa rann yo kont pasaj ki nan Jan 7:53–8:11 lan se ajoute yo ajoute l nan kèk Bib paske l pa t fè pati premye maniskri Bondye te enspire yo. Gen kèk moun ki baze sou pasaj sa a pou fè konnen se sèlman yon moun ki san peche ki ka di yon moun ki fè adiltè li peche. Sepandan, lwa Bondye te bay nasyon Izrayèl la te fè konnen: “Si yo bare yon gason pandan l nan relasyon ak madanm yon lòt gason, se pou yo touye toule de.” — Det. 22:22.