Nòt anba paj
a Piske nou enpafè, nou ka fè oswa di yon seri bagay ki blese santiman frè n ak sè n yo. Ki sa nou fè lè konsa? Èske nou chèche fè tout sa n kapab pou n rezoud pwoblèm nan? Èske nou mande padon byen vit? Oswa èske n di tèt nou, si sa fè yo mal se pwoblèm pa yo, se pa pwoblèm pa n? Èske n konn kouri fache akoz sa lòt moun di oswa sa yo fè? Èske nou konn ap chèche defann tèt nou pou n ap di se konsa nou ye, nou pap chanje? Oswa èske nou wè fason nou aji a kòm yon defo ki merite korije?