Nòt anba paj
a Piske se Jewova ki kreye tout bagay, li merite pou n adore l. Jewova ap aksepte adorasyon n ap ba li a si n obeyi kòmandman l yo e si n viv ann amoni ak prensip li yo. Nan atik sa a, nou pral pale konsènan uit aspè nan adorasyon n ap bay Jewova a. Pandan w ap reflechi sou fason w patisipe nan chak aspè sa yo, chèche wè ki jan sa ap fè w vin gen plis kè kontan.