Nòt anba paj
a N ap viv nan youn nan epòk ki pi estrawòdinè nan listwa! Wayòm Bondye a tabli, jan anpil pwofesi nan Bib la te deja anonse sa. Nan atik sa a, nou pral egzamine kèk nan pwofesi sa yo, konsa sa ap ede n gen plis lafwa nan Jewova e sa ap ede n rete kalm epi met konfyans nou nan li depi kounye a ak nan jou k ap vini yo.