Nòt anba paj
a Lè n ap li mirak Jezi te fè yo, sa vrèman fè n fremi! Pa egzanp, li te kalme yon gwo van tanpèt, li te geri moun ki malad e li te leve moun ki mouri. Istwa sa yo nou jwenn nan Bib la pa la pou amize nou, men yo la pou anseye nou. Pandan n ap egzamine yo, n ap aprann yon seri leson k ap fè n vin gen plis lafwa nan Jewova ak Jezi e n ap aprann yon seri kalite Bondye genyen l ap bon pou n imite.