Nòt anba paj
a Lè Jezi t ap pale konsènan siy dènye jou yo, li te bay disip li yo plizyè egzanp. Li enteresan pou n note premye egzanp lan pale de “esklav fidèl ki prevwayan an”, yon ti gwoup frè Bondye chwazi pou al nan syèl la ki t ap gen pou pran latèt pami pèp Bondye a (Matye 24:45-47). Apre sa, li te bay kèk egzanp ki gen rapò ak tout moun Bondye chwazi pou al nan syèl la (Matye 25:1-30). Alafen, li te pale de moun ki t ap gen pou soutni frè Kris yo e ki t ap gen pou viv sou tè a pou toutan (Matye 25:31-46). Menm jan an tou, lè pwofesi Ezekyèl la te kòmanse akonpli nan epòk nou an, li te reyalize toudabò sou moun ki gen esperans pou al nan syèl la. Byenke, an jeneral, dis tribi Izrayèl yo pa reprezante moun ki pral viv pou toutan sou tè a, inite y ap pale nan pwofesi sa a fè n sonje inite ki egziste ant moun ki pral viv pou toutan sou tè a ak moun Bondye chwazi pou al nan syèl la.