BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g17 no 5 p. 14-15
  • Yon ti vizit nan Kazakstan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon ti vizit nan Kazakstan
  • Reveye n! — 2017
Reveye n! — 2017
g17 no 5 p. 14-15
Astana, Kazakstan

Vil Astana

PEYI YO AK MOUN K AP VIV LADAN YO

Yon ti vizit nan Kazakstan

Yon kat jeyografi ki montre kote peyi Kazakstan ye.

KAZAK YO pa t konn viv yon kote fiks. Jis jounen jodi a, gen kèk Kazak, chak fwa sezon yo chanje, ki deplase bèt yo gade yo pou mennen yo lòt kote yo ka jwenn manje. Pa egzanp, lè l fè cho nan sezon ete, yo monte nan mòn kote ki gen zèb e ki fre. Men, lè sezon ivè ap pwoche kote ki pral gen nèj, yo desann ak bèt yo nan zòn ki pa twò frèt.

Gen kèk Kazak k ap viv nan gwo vil. Malgre sa, yo toujou kenbe anpil nan tradisyon yo genyen ki gen rapò ak manje, atizana, e sa montre jan zansèt yo pa t ret yon kote fiks. Depi lontan, Kazak yo renmen pwezi, chante, jwe mizik ak yon seri enstriman lokal.

Kazak yo fè yon seri kay yo ka deplase avèk yo ki rele yout. Pou yo menm, kay sa yo fè lèzòm fè yon sèl ak lanati. Bèje yo toujou renmen yout yo, e byen souvan, Kazak ki nan vil yo konn itilize yo pou yon seri evènman espesyal. Yout yo konn yon bon kote pou touris yo rete. Moun konn al gade medam kazak yo k ap bwode, tise, epi fè kapèt anndan yout yo.

Yon fanmi ki anndan yon yout.

Anndan yon yout.

Fanmi kazak k ap viv andeyò yo bay cheval anpil valè. Gen omwen 21 mo Kazak yo itilize pou pale de cheval, e chak mo sa yo vle di yon bagay. E gen plis pase 30 mo ak ekspresyon pou yo dekri koulè cheval yo. Jiska prezan, yo toujou kontan resevwa yon bon cheval paske se yon kado ki gen anpil valè pou yo. Nan zòn andeyò yo, ti gason yo kòmanse aprann monte cheval depi yo toupiti.

Yon pla nasyonal Kazak yo dwe toujou gen vyann ladan l e an jeneral yo pa gen anpil epis. Pami bwason Kazak yo pi renmen gen bwason ki rele koumis la, li fèt ak lèt cheval e yo fè konnen li gen anpil vitamin, e li bon anpil pou sante. Gen yon lòt bwason ki rele shubat li menm ki gen yon ti gou si e li fèt ak lèt chamo.

Filyal Temwen Jewova yo nan vil Almati renmen akeyi moun ki vin vizite l yo.

Yon leyopa ki viv nan nèj.

Yon lewopa ki viv nan nèj e yo pa ka pran l fasil. Ann ete, l al nan mòn Kazakstan ki byen wo yo.

ÈSKE W TE KONNEN?

Nan Kazakstan, gen omwen 36 kalite flè yo rele tilip sovaj la, e yo fè desen flè tilip la nan travay atizana yo fè nan peyi sa a.

Nan peyi Kazakstan, pati lès lak ki rele Balkach la sale, men pati lwès lak la prèske pa gen sèl ladan l.

Moun ki konn antrene èg, ak lòt zwazo ki konn chase, gen anpil enpòtans nan peyi sa a. Yo rekonèt kazak yo kòm moun ki gen plis kapasite pou antrene èg ki rele èg wayal la, e yo renmen èg sa a anpil.

Yon èg ki gen yon bagay sou tèt li ki bouche je l e ki sou men yon mesye.

Yon èg ki gen yon bagay sou tèt li ki bouche je l, konsa, li pa pè moun.

  • PRENSIPAL LANG YO PALE: KAZAK, RIS

  • POPILASYON: 17 563 000

  • KAPITAL: ASTANA

  • TANPERATI: NAN SEZON ETE LI FÈ CHO EPI LI SÈCH, NAN SEZON IVÈ LI FÈ FRÈT EPI GEN NÈJ

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje