BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • bhs chap. 14 p. 145-153
  • Fanmi w kapab gen kè kontan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fanmi w kapab gen kè kontan
  • Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Li nan Sa Labib anseye
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • SA BONDYE ATANN POU MARI YO FÈ
  • SA BONDYE ATANN POU MADANM YO FÈ
  • SA BONDYE ATANN POU PARAN YO FÈ
  • SA BONDYE ATANN POU TIMOUN YO FÈ
  • FANMI W KA GEN KÈ KONTAN
  • Yon lavi fanmi ki fè Bondye plezi
    Ki sa Bondye vle nou fè?
  • De kle pou yon maryaj dire
    Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
  • Konsèy saj ki bay kè kontan nan yon fanmi
    Reveye n! — 2021
  • Ki jan w ka fè pou fanmi w viv ak kè kontan?
    Koute Bondye pou w viv pou toutan
Gade plis
Ki sa Labib kapab anseye nou?
bhs chap. 14 p. 145-153

CHAPIT KATÒZ

Fanmi w kapab gen kè kontan

1, 2. Ki sa Jewova vle pou fanmi yo?

SE JEWOVA DYE ki te fè premye maryaj la. Labib fè nou konnen li te kreye premye fi a e li te “mennen l bay gason an”. Adan te tèlman kontan, li te di: “Sa se zo ki soti nan zo mwen e se chè ki soti nan chè mwen.” ​(Jenèz 2:22, 23). Sa fè nou wè Jewova vle moun ki marye yo gen kè kontan.

2 Malerezman, gen anpil moun ki pa janm jwenn kè kontan nan fanmi yo. Sepandan, Labib gen anpil prensip ki kapab ede tout moun nan yon fanmi kowopere pou lavi fanmi yo reyisi e pou yo byen viv ansanm. — Lik 11:28.

SA BONDYE ATANN POU MARI YO FÈ

3, 4. a) Kòman yon mari dwe aji ak madanm li? b) Poukisa li enpòtan pou yon mari ak madanm li padone youn lòt?

3 Labib di yon bon mari dwe renmen madanm li e li dwe respekte l. Tanpri, li Efezyen 5:25-29. Yon bon mari ap toujou aji ak madanm li yon fason ki demontre lanmou. Epitou, l ap pwoteje l, l ap pran swen l, e l pap fè anyen ki ka fè l soufri.

4 Men, ki sa yon mari dwe fè lè madanm li fè erè? Men sa Labib di mari yo: “Se pou nou kontinye renmen madanm nou, epi pa eksite sou yo.” ​(Kolosyen 3:19). Mari, sonje nou menm tou nou konn fè erè. Si nou vle Bondye padone nou, nou dwe padone madanm nou (Matye 6:12, 14, 15). Lè yon mari ak madanm li dispoze padone youn lòt, sa ap ede yo gen kè kontan nan maryaj yo.

5. Poukisa yon mari dwe onore madanm li?

5 Jewova atann pou yon mari onore madanm li. Yon mari dwe panse seryezman ak bezwen madanm li genyen. Se yon bagay ki enpòtan anpil. Si yon mari pa byen aji ak madanm li, Jewova ka refize koute priyè l (1 Pyè 3:7). Se lanmou yon moun genyen pou Jewova ki fè moun sa a gen valè pou li. Jewova pa pi renmen gason pase fi.

6. Ki sa sa vle di pou yon mari ak madanm li fè “yon sèl chè”?

6 Jezi te fè konnen yon mari ak madanm li “pa de ankò, men yo se yon sèl chè”. (Matye 19:6.) Youn fidèl ak lòt e yo pa dwe janm sispann ret fidèl youn ak lòt (Pwovèb 5:15-21; Ebre 13:4). Mari ak madanm dwe bay youn lòt sa yo bezwen nan domèn seksyèl san yo pa fè egoyis (1 Korentyen 7:3-5). Yon mari dwe sonje “pa gen moun ki janm rayi pwòp kò l. Men, li nouri l e li ancheri l”. Donk, li dwe renmen madanm li e li dwe ancheri l. Sa yon madanm ta pi renmen se pou mari l aji avè l avèk jantiyès ak lanmou. — Efezyen 5:29.

SA BONDYE ATANN POU MADANM YO FÈ

7. Poukisa yon fanmi bezwen gen yon chèf fanmi?

7 Tout fanmi bezwen gen yon chèf, yon moun ki la pou dirije fanmi an pou yo ka travay byen ansanm. Nan 1 Korentyen 11:3, Labib di: “Chèf tout gason se Kris, chèf fi se gason, e chèf Kris se Bondye.”

8. Kòman yon madanm kapab montre gwo respè pou mari l?

8 Tout mari konn fè erè. Men, lè yon madanm soutni desizyon mari l pran e li chwazi kowopere avè l, tout fanmi an jwenn byenfè (1 Pyè 3:1-6). Labib di: “Madanm nan, bò kote pa l, dwe gen yon gwo respè pou mari l.” ​(Efezyen 5:33). E si yon mari pa gen menm kwayans ak madanm li? Madanm nan bezwen gen gwo respè pou li kanmenm. Labib di: “Nou menm madanm, se pou nou soumèt devan mari nou, konsa, si gen ladan yo ki pa obeyi pawòl la, nou ka genyen yo san pawòl grasa konduit nou, paske yo temwen ak je yo nou gen yon konduit ki pwòp e nou gen yon gwo respè.” ​(1 Pyè 3:1, 2). Bèl egzanp yon madanm bay kapab ede mari l konprann kwayans li epi respekte l.

9. a) Ki sa yon madanm ka fè si li pa dakò ak mari l? b) Ki konsèy ki gen nan Tit 2:4, 5 pou madanm yo?

9 Ki sa yon madanm ka fè lè li pa dakò ak mari l? Li ka bay opinyon l yon fason ki montre respè. Pa egzanp, Sara te di yon bagay Abraram pa t renmen, men Jewova te di Abraram: “Koute l.” ​(Jenèz 21:9-12). Li pa fasil pou yon mari kretyen pran yon desizyon ki kont sa Labib di, se sa k fè madanm li ta dwe soutni l (Travay 5:29; Efezyen 5:24). Yon bon madanm ap pran swen fanmi l. (Li Tit 2:4, 5.) Lè mari l ak pitit li wè fason l travay di pou yo, y ap montre plis lanmou ak plis respè pou li. — Pwovèb 31:10, 28.

Abraram k ap koute Sara.

Poukisa Sara se yon bon egzanp pou madanm yo?

10. Ki sa Labib di sou separasyon ak divòs?

10 Pafwa, koup yo konn prese separe oswa divòse. Sepandan, Labib di “yon madanm pa dwe separe ak mari l” e “yon mari pa dwe kite madanm li”. (1 Korentyen 7:10, 11.) Gen kèk sitiyasyon grav ki ka lakòz yon koup separe, men, sa se yon gwo desizyon. Ki sa n ka di konsènan divòs? Labib montre sèl rezon valab pou yon moun divòse se si mari a oswa madanm nan fè sèks ak yon moun ki pa madanm li oswa ki pa mari l. — Matye 19:9.

SA BONDYE ATANN POU PARAN YO FÈ

1. Jezi k ap pase tan ak timoun; 2. Yon papa k ap esplike pitit gason l liv Koute gran Anseyan an.

Jezi se yon bon egzanp pou chak moun nan fanmi an.

11. Ki sa timoun yo bezwen plis pase nenpòt lòt bagay?

11 Paran, fè tout sa n kapab pou n pase tan ak pitit nou. Pitit ou bezwen w, e plis pase nenpòt lòt bagay, yo bezwen w aprann yo konnen Jewova. — Detewonòm 6:4-9.

12. Ki sa paran yo dwe fè pou yo pwoteje pitit yo?

12 Monn Satan an ap vin pi mechan toujou, e gen moun ki ka vle fè pitit ou mal, e yo ka menm fè abi seksyèl sou yo. Kèk paran konn twouve li difisil pou yo pale sou sijè sa a ak pitit yo. Men, paran yo bezwen avèti pitit yo kont moun sa yo epi aprann yo fason pou yo evite yo. Paran, nou dwe pwoteje pitit noua. — 1 Pyè 5:8.

13. Ki jan paran yo ka anseye pitit yo?

13 Paran yo gen responsablite pou anseye pitit yo fason pou yo konpòte yo. Ki jan w ka anseye pitit ou? Pitit ou bezwen fòmasyon, men, koreksyon w ap ba yo pa dwe janm twò di oswa twò sevè (Jeremi 30:11). Donk, ou pa dwe janm disipline pitit ou lè w an kòlè. Ou pa ta renmen pawòl ou tankou “kout epe” k ap blese yo (Pwovèb 12:18). Aprann pitit ou konprann poukisa yo bezwen obeyi. — Efezyen 6:4; Ebre 12:9-11; gade nòt 30.

SA BONDYE ATANN POU TIMOUN YO FÈ

14, 15. Poukisa timoun yo dwe obeyi paran yo?

14 Jezi te toujou obeyi Papa l, menm lè sa pa t fasil (Lik 22:42; Jan 8:28, 29). Jewova atann tou pou timoun yo obeyi paran yo. — Efezyen 6:1-3.

15 Timoun, menmsi nou santi li difisil pou n obeyi paran nou, sonje lè nou obeyisan, sa fè ni Jewova ni paran nou kontanb. — Pwovèb 1:8; 6:20; 23:22-25.

Yon tigason k ap reziste anba tantasyon pou l fimen sigarèt jèn parèy li ap ofri l.

Ki sa k ap ede jèn yo ret fidèl ak Bondye lè yo jwenn tantasyon pou yo fè sa k mal?

16. a) Ki jan Satan eseye pouse jèn yo fè sa ki mal? b) Poukisa li enpòtan pou w chwazi fè zanmi ak moun ki renmen Jewova?

16 Dyab la kapab sèvi ak zanmi w oswa lòt jèn pou pouse w fè sa ki mal. Li konnen li ka difisil anpil pou w reziste anba presyon sa a. Pa egzanp, Dina, pitit fi Jakòb, te gen yon seri zanmi ki pa t renmen Jewova. Sa te lakòz li menm ak fanmi l tonbe nan yon pakèt pwoblèm (Jenèz 34:1, 2). Si w gen zanmi ki pa renmen Jewova, yo kapab pouse w fè yon bagay Jewova rayi, sa ki ka lakòz ni ou menm, ni fanmi w, ni Bondye soufri anpil (Pwovèb 17:21, 25). Se poutèt sa li enpòtan anpil pou w chèche fè zanmi ak moun ki renmen Jewova. — 1 Korentyen 15:33.

FANMI W KA GEN KÈ KONTAN

17. Ki responsablite chak moun genyen nan yon fanmi?

17 Lè moun nan fanmi an suiv enstriksyon Bondye bay yo, yo evite anpil pwoblèm ak anpil traka. Donk, si w se yon mari, renmen madanm ou e aji avè l avèk lanmou. Si w se yon madanm, respekte mari w, soumèt devan l epi imite egzanp madanm yo pale de li nan Pwovèb 31:10-31 an. Si w se yon paran, aprann pitit ou renmen Bondye (Pwovèb 22:6). Si w se yon papa, dirije fanmi w “yon fason ki kòrèk”. (1 Timote 3:4, 5; 5:8.) Si w se yon timoun, obeyi paran w (Kolosyen 3:20). Nou bezwen sonje chak moun nan fanmi an ka fè erè, donk, se pou nou gen imilite e se pou youn mande lòt padon. Wi, Labib gen konsèy Jewova bay pou chak moun nan fanmi an.

a Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou fason pou w pwoteje pitit ou nan chapit 32 liv Koute gran Anseyan an. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

b Yon timoun pa oblije obeyi paran l si yo mande l fè yon bagay ki kont lwa Bondye. — Travay 5:29.

REZIME

VERITE NO 1: SE JEWOVA KI KREYE FANMI

“Se poutèt sa mwen met ajenou devan Papa a, li menm ki pèmèt tout fanmi ki nan syèl la e ki sou tè a egziste.” — Efezyen 3:14, 15.

Ki jan fanmi w ka gen kè kontan?

  • Jenèz 1:26-28

    Se Jewova ki te kreye premye fanmi an.

  • Efezyen 5:1, 2

    Imite Jewova ak Jezi se kle pou yon fanmi gen kè kontan.

VERITE NO 2: FASON YON MOUN KA VIN YON BON MARI OSWA YON BON MADANM

“Nou chak dwe renmen madanm nou [...]. Madanm nan, bò kote pa l, dwe gen yon gwo respè pou mari l.” — Efezyen 5:33.

Ki jan mari ak madanm dwe aji youn ak lòt?

  • Efezyen 5:22-29

    Se mari a ki responsab fanmi an. Li dwe renmen madanm li, e madanm li dwe soutni desizyon l pran.

  • Kolosyen 3:19; 1 Pyè 3:4

    Yo dwe janti youn ak lòt e youn dwe gen konsiderasyon pou lòt.

  • 1 Pyè 3:1, 2, 7

    Mari ak madanm dwe onore youn lòt e yo dwe gen respè youn pou lòt.

  • 1 Timote 5:8; Tit 2:4, 5

    Yon mari dwe bay fanmi l sa yo gen bezwen. Yon madanm dwe byen pran swen kay li.

VERITE NO 3: FASON YON MOUN KA VIN YON BON PARAN

“Pa tingting pitit nou pou fè yo fache, men kontinye leve yo nan disiplin Jewova ak nan avètisman li bay.” — Efezyen 6:4.

Ki responsablite paran yo genyen?

  • Detewonòm 6:4-9; Pwovèb 22:6.

    Ou bezwen pran tan pou w aprann pitit ou konnen Jewova. Kòmanse fè sa depi lè yo toupiti. Avèk pasyans, ede yo chak pou yo vin zanmi Jewova.

  • 1 Pyè 5:8

    Anseye pitit ou fason yo ka evite abi seksyèl lòt moun ka fè sou yo ak fason yo ka evite lòt danje.

  • Jeremi 30:11; Ebre 12:9-11

    Ou bezwen disipline pitit ou, men, pa janm fè sa ak kòlè oswa ak mechanste.

VERITE NO 4: SA BONDYE ATANN POU TIMOUN YO FÈ

“Timoun, se pou nou obeyi paran nou.” — Efezyen 6:1.

Timoun, poukisa nou dwe obeyi paran nou?

  • Pwovèb 23:22-25; Kolosyen 3:20

    Lè w obeyisan sa fè Jewova ak paran w kontan.

  • 1 Korentyen 15:33

    Chèche fè zanmi ak moun ki renmen Jewova. Konsa, l ap pi fasil pou w fè sa ki dwat.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje