BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwfq atik 47
  • Ki jan m ka vin yon Temwen Jewova?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan m ka vin yon Temwen Jewova?
  • Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Ki jan m ap fè konnen si m pare pou m batize?
  • Èske pitit Temwen Jewova oblije pase nan etap sa yo?
  • Batèm ak relasyon w avèk Bondye
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Fikse objektif ou pou w sèvi Bondye pou toutan
    Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la
  • Ranpli kondisyon pou batèm kretyen an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Ki sa batèm ye?
    Repons Bib la bay
Gade plis
Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
ijwfq atik 47
De Temwen Jewova k ap salye youn lòt.

Ki jan m ka vin yon Temwen Jewova?

Jezi te pale konsènan etap pou yon moun suiv pou l vin yon Temwen Jewova e n ap jwenn etap sa yo nan Matye 28:19, 20. Vèsè sa yo montre ki sa yon moun bezwen fè pou l vin yon disip Kris, sa enplike pou l pale oswa bay temwayaj sou Jewova.

1ye etap: Aprann sa Bib la anseye. Jezi te bay moun k ap suiv li yo lòd pou yo “fè disip”, “anseye yo”. (Matye 28:19, 20.) Mo lè yo tradui l yo mete “disip” pou li a vle di mo pou mo “yon moun k ap aprann”. Labib, espesyalman ansèyman Jezi Kris ki ladan l yo, gen enfòmasyon nou bezwen si nou vle gen kè kontan ak satisfaksyon nan lavi nou (2 Timote 3:16, 17). Nou gen yon pwogram etid Labib gratis pou ede w aprann sa Bib la anseye. N ap kontan ede w. — Matye 10:7, 8; 1 Tesalonisyen 2:13.

2yèm etap: Aplike sa w aprann yo. Jezi te fè konnen moun k ap aprann yo dwe ‘obeyi tout bagay li te bay lòd pou yo fè yo’. (Matye 28:20.) Sa vle di etid w ap fè nan Bib la pa ta dwe sèlman konesans w ap pran, li ta dwe pouse w fè gwo chanjman ni nan fason w panse ni nan fason w aji (Travay 10:42; Efezyen 4:22-29; Ebre 10:24, 25). Konsa, moun k ap obeyi lòd Jezi te bay yo pran desizyon pou yo suiv li lè yo vwe lavi yo bay Jewova Dye. — Matye 16:24.

3yèm etap: Batize. (Matye 28:19). Nan Bib la, yo konpare batèm nan ak antere yo antere yon moun. (Konpare ak Women 6:2-4.) Batèm nan sèvi kòm senbòl yon moun ki mouri parapò ak fason l te konn viv e ki kòmanse yon nouvo lavi. Kidonk, batèm ou se konnen ou fè konnen an piblik ou deja pase de premye etap Jezi te pale de yo a e w ap mande Bondye pou l fè w gen yon konsyans ki klè. — Ebre 9:14; 1 Pyè 3:21.

Ki jan m ap fè konnen si m pare pou m batize?

Pale ak ansyen yo nan kongregasyon an. Y ap pale avè w pou yo asire yo ou konprann tout sa batèm nan enplike, pou yo asire yo w ap aplike sa w aprann yo e w te vwe lavi w bay Bondye san pèsonn pa t fòse w fè sa. — Travay 20:28; 1 Pyè 5:1-3.

Èske pitit Temwen Jewova oblije pase nan etap sa yo?

Wi. Nou leve pitit nou yo nan “disiplin Jewova ak nan avètisman li bay”, jan Bib la mande sa (Efezyen 6:4). Men, lè y ap grandi, se yo menm ki dwe pran desizyon yo pou yo aprann sa Bib la anseye, pou yo aksepte yo e pou yo aplike yo anvan pou yo kalifye pou yo batize (Women 12:2). Alafen, se chak moun ki gen pou l pran pwòp desizyon l anrapò ak relijyon l ap chwazi. — Women 14:12; Galat 6:5.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje