LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Chèche gen kalite ki fè Bondye plezi: Kouraj
REZON KI FÈ SA ENPÒTAN:
Pou nou preche, sa mande kouraj. — Tr 5:27-29, 41, 42
Gwo tribilasyon an pral montre si n gen kouraj. — Mt 24:15-21
Lakrentif pou lòm mennen nan dezas. — Jr 38:17-20; 39:4-7
FASON NOU KA FÈ SA:
Medite sou sa Jewova te deja fè pou l sove moun. — Eg 14:13
Mete konfyans nou nan Jewova. — Sm 118:6
Nan travay predikasyon an, ki sa m pa dwe kite fè m pè?
GADE VIDEYO EVITE SA KI KA KRAZE FIDELITE NOU — LAKRENTIF POU LÒM, EPI REPONN KESYON KI VIN APRE YO:
Poukisa sa vrèman enpòtan pou n gen kouraj nan travay predikasyon an?
Ki de bagay ki pa mache youn ak lòt nou jwenn nan Pwovèb 29:25?
Poukisa se depi kounye a pou n chèche gen kouraj, yon kalite ki fè Bondye plezi?