Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
4-10 JIYÈ
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 SAMYÈL 18-19
“Bazilayi, yon egzanp modesti”
w07-F 15/7 14 § 5
Bazilayi, yon moun ki te konn limit li
Pa gen dout nan sa, David te vrèman apresye èd Bazilayi te ba li. Ta sanble wa a pa t jis vle bay bagay materyèl pou l remèt byen yo te fè pou li. Avèk tout richès Bazilayi te genyen, li pa t bezwen kalite èd sa a. Petèt David te vle l vini nan lakou wa a akoz bèl kalite l te genyen antanke yon moun aje. Rete nan palè a se te yon onè ki t ap pèmèt Bazilayi jwi privilèj antanke zanmi wa a.
w07-F 15/7 14 § 7
Bazilayi, yon moun ki te konn limit li
Yon rezon ki fè Bazilayi te ka pran desizyon sa a se akoz li te gen anpil laj e sa te fè l limite nan sa l te ka fè. Petèt Bazilayi te santi li pa t ap viv anpil tan ankò (Sòm 90:10). Li te fè tout sa l kapab pou l soutni David, men tou li te rekonèt limit li te genyen akoz li te granmoun anpil. Bazilayi pa t kite ide pou l jwenn glwa e pou l vin yon moun ki enpòtan anpeche l evalye kapasite l yon fason ki reyalis. Kontrèman ak Absalon ki te gen anbisyon, avèk sajès Bazilayi te demontre modesti. — Pwovèb 11:2.
w07-F 15/7 15 § 1-2
Bazilayi, yon moun ki te konn limit li
Istwa Bazilayi a mete aksan sou enpòtans pou n ekilibre. Yon bò, nou pa ta dwe rejte yon privilèj sèvis oswa evite fè plis jis paske nou vle mennen yon lavi trankil oswa nou pa santi nou kalifye pou responsablite sa a. Bondye ka fè nou pase sou feblès nou yo si nou konte sou li pou n jwenn fòs ak sajès. — Filipyen 4:13; Jak 4:17; 1 Pyè 4:11.
Yon lòt bò, nou bezwen rekonèt limit nou. Pa egzanp, petèt yon kretyen ka deja vrèman okipe akoz aktivite espirityèl yo. Li rann li kont si l aksepte plis privilèj, li te ka riske neglije responsablite Pawòl Bondye a ba li tankou pran swen fanmi l. Nan yon sitiyasyon konsa, èske sa pa t ap montre li gen modesti e li rezonab lè li refize aksepte plis privilèj nan moman an? — Filipyen 4:5; 1 Timote 5:8.
Trezò espirityèl
“Ann kouri nan kous la jis nou fini l”
19 Si w gen yon seri difikilte ki fè w pa ka fè tout sa w ta vle fè nan sèvis Jewova e w santi lòt moun pa konprann sitiyasyon w, ou kapab jwenn ankourajman nan egzanp Mefibochèt (2 Sam. 4:4). Nonsèlman li te enfim, men wa David te mal jije l. Mefibochèt pa t fè anyen pou l te jwenn pwoblèm sa yo. Aktout sa, li pa t kite sitiyasyon sa a fè l vin gen move atitid, li te apresye bon bagay ki te rive nan lavi l. Li te gen rekonesans poutèt David te aji byen avè l anvan sa (2 Sam. 9:6-10). Se sa k fè, lè David te mal jije Mefibochèt, li pa t gad sou sa. Li pa t kite erè David te fè a fè l gen rankin, e li pa t bay Jewova responsab sa David te fè a. Mefibochèt te konsantre sou sa l te ka fè pou l soutni wa Jewova te chwazi a (2 Sam. 16:1-4; 19:24-30). Jewova te fè mete bèl egzanp Mefibochèt la nan Pawòl li a pou byen nou. — Wom. 15:4.
11-17 JIYÈ
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 SAMUEL 20-21
“Jewova se yon Bondye ki gen jistis”
it-1-F 1047 § 3
Gabawon
Pandan syèk ki pase yo, moun Gabawon yo te kontinye egziste antanke pèp, byenke wa Sayil te eseye detwi yo. Sepandan, avèk pasyans, moun Gabawon yo te ret tann Jewova pou fè konnen enjistis la. Sa te fèt pa mwayen yon gwo grangou ki te dire twazan pandan David te wa. Lè David te fin pale ak Jewova e li te aprann sa gen rapò ak san ki te koule, David te mande moun Gabawon yo ki sa k ta dwe fèt pou repare tò a. Menm kote a, moun Gabawon yo te fè konnen “se pa ajan oswa lò [yo] bezwen”, paske, selon Lalwa, yo pa dwe aksepte ranson pou yon asasen (Nb 35:30, 31). Yo te rekonèt tou yo pa t ka touye yon moun san lalwa pa t otorize sa. Se sa k fè, se jis lè David te poze plis kesyon sou sa yo te mande l pou l ba yo sèt “pitit gason” Sayil. Lefètke ni Sayil ni moun lakay li te koupab san ki te koule a, sa fè nou konprann yon fason oswa yon lòt, “pitit gason l yo” te patisipe ladan l, byenke petèt se Sayil ki te pran latèt nan krim sa a (2Sa 21:1-9). Nan istwa sa a, se pa ka kote pitit gason mouri akoz peche papa yo (Dt 24:16), men sa gen rapò ak fason yo pini yon moun pou bay jistis ann amoni ak lwa “nanm pou nanm” nan. — Dt 19:21.
Trezò espirityèl
Ansyen yo ‘se konpayon travay nou pou nou ka gen lajwa’
14 Etandone nou se pèp Jewova, n ap akonpli travay predikasyon an sou tout kò tè a malgre tout obstak Satan ak patizan l yo mete sou wout nou. Gen kèk nan nou k ap fè fas ak yon seri pwoblèm ki tankou gwo jeyan, men, piske nou mete tout konfyans nou nan Jewova, nou kanpe devan swadizan Golyat sa yo e nou kraze yo rapyetè. Sepandan, lefètke se toutan n ap goumen kont presyon ki gen nan monn sa a, sa konn fè n santi n fatige e sa konn fè n dekouraje pafwa. Lè nou nan moman feblès sa yo, li vin pi fasil pou ènmi nou yo atake nou. Menm pwoblèm nou gendwa te konn goumen avèk yo anvan sa kapab mete nou an danje e nan yon sans yo gendwa menm touye nou. Nan moman sa yo, jan anpil moun ki te deja fè eksperyans sa a konn sa, ti tan yon ansyen ban nou pou l ede nou kapab fè nou rejwenn lajwa ak fòs nou te genyen. Men sa yon sè ki pyonye e ki gen anviwon 65 an te di: “Sa gen kèk tan, mwen pa t santi m byen ditou e travay predikasyon an t ap fatige m anpil. Gen yon ansyen ki te wè jan m te fatige e l te vin fè yon ti pale avè m. Nou te gen yon konvèsasyon ankourajan ki te baze sou yon vèsè nan Bib la. Mwen te aplike sijesyon l te ban m yo e m te jwenn anpil byenfè.” Men sa sè a te ajoute: “Lefètke ansyen sa a te remake jan m te vin fèb e l te aji pou l ede m, sa montre li vrèman gen lanmou!” Wi, se pa ti kontan nou kontan lefètke nou konnen ansyen yo ap veye sou nou paske yo gen lanmou pou nou e menm jan ak Abichayi, ansyen sa yo toujou pare pou ‘vin pote n sekou’.
18-24 JIYÈ
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 SAMYÈL 22
“Konte sou Jewova pou n jwenn èd”
Èske l posib pou w “pwoche bò kote Bondye”?
11 Bib la fè konnen Bondye “gen anpil pisans”. (Izayi 40:26.) Li nou li sa nan Bib la se youn, men konprann sa sa vle di vre se de. Lè nou wè jan Bondye te delivre Izrayelit yo lè l te fè yo travèse lanmè Wouj la, e lè nou wè jan li te fè yo rete vivan nan dezè a pandan 40 an, nou ka pi byen konprann sa sa vle di Bondye gen pisans. Nou ka imajine gwo lanmè sa a k ap fann an de e nasyon sa a, petèt ki te gen 3 000 000 moun, k ap travèse lanmè a sou yon tè sèk toutpandan dlo lanmè a kanpe tankou de gwo miray sou toule de bò yo (Egzòd 14:21; 15:8). Nou ka wè aklè jan Bondye te pwoteje yo e li te pran swen yo nan dezè a. Li te fè dlo sot nan wòch pou yo. Li te ba yo manje ki te gen koulè blan e ki te sanble ak grenn pitimi, e yo te vin jwenn manje sa a atè (Egzòd 16:31; Nonb 20:11). Aksyon sa yo fè nou konnen nonsèlman Jewova gen pisans, men li itilize pisans li pou l ede pèp li a. Èske sa pa fè nou kontan lefètke nou konnen priyè nou yo al jwenn yon Bondye ki gen anpil pisans e ki se ‘tout pwoteksyon nou, tout fòs nou e ki toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray’? — Sòm 46:1, Bib la.
w10-F 1/6 26 § 4-6
“W ap aji ak fidelite”
Ann pi byen egzamine pawòl David te di yo. Ekspresyon ebre lè yo tradui l yo mete “aji ak fidelite” pou li a ka vle di tou “aji ak bonte ki plen lanmou”. Vrè fidelite a makònen ak lanmou. Avèk lanmou, Jewova ret atache ak moun ki fidèl avè l yo.
Note sa tou, fidelite sa a se pa jis yon santiman; li mache ak aksyon. Jewova aji ak fidelite jan David te aprann sa depi okòmansman. Pandan moman ki te pi difisil nan lavi David yo, Jewova te aji an favè l, avèk fidelite Li te pwoteje l e Li te gide wa David ki te fidèl. Avèk rekonesans, David te rekonèt se Jewova ki te “sove l anba men tout ènmi l yo.” — 2 Samyèl 22:1.
Ki sa pawòl David yo vle di pou nou? Jewova pa fè alevini oswa li pa chanje (Jak 1:17). Li rete kole ak prensip li yo e li toujou fidèl anrapò ak pwomès li fè. Nan youn nan lòt sòm li yo, men sa David te ekri: “Jewova [...] pap lage moun ki fidèl ak li yo.” — Sòm 37:28.
Trezò espirityèl
Fè efò pou w pa pran tèt ou pou yon pakèt afè
7 Imilite Bondye te gen yon gwo efè sou salmis David. Men sa li te di Jewova nan yon chante: “W ap ban m boukliye delivrans ou an, e se imilite w ki fè m gran.” (2 Sam. 22:36, NW). David te rekonèt se grasa imilite Jewova ki fè l te gen kèlkeswa pouvwa a ann Izrayèl. Nan yon sans, Jewova te bese pou l gade David (Sòm 113:5-7). Èske se konsa Jewova aji anvè nou tou? Ki sa nou genyen ‘se pa resevwa nou te resevwa l’, kit se kalite nou, kapasite nou ak privilèj nou genyen (1 Kor. 4:7)? Moun ki pa bay tèt li twòp enpòtans lan vin yon moun “ki enpòtan” paske li vin gen plis valè nan je Jewova antanke sèvitè l (Lik 9:48). Ann wè sa k fè sa.
25-31 JIYÈ
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 SAMYÈL 23-24
“Èske sa w bay la se yon sakrifis?”
it-1-F 153
Awona
Sanble Awona te bay tè, bèf ansanm ak bwa pou yo fè sakrifis la gratis, men David te ensiste pou l peye yon pri. Resi nou jwenn nan 2 Samyèl 24:24 la montre David te achte kote yo konn bat manje angren an ak bèf yo pou 50 chekèl ann ajan ($110). Sepandan, resi ki nan 1 Kwonik 21:25 lan di David te peye 600 chekèl lò (c. $77,000) pou espas la. Moun ki te ekri liv 2 Samyèl la pale sèlman sou acha espas yo te fè lotèl la ak materyèl yo te sèvi pou fè sakrifis la, ta sanble pri li mansyone a se te sèlman pou bagay sa yo. Yon lòt bò, moun ki te ekri liv 1 Kwonik la pale sou sa ki gen rapò ak tanp yo te vin konstwi annapre nan espas sa a, epi li te asosye acha a ak konstriksyon sa a (1Kw 22:1-6; 2kw 3:1). Kòm tout espas kote tanp lan te ye a te gwo anpil, sanble 600 chekèl lò yo se te pou acha gwo espas sa a olye de ti espas David te bezwen pou premye lotèl li te konstwi a.
Kite “chapant verite” a anseye nou
8 Gen sakrifis Juif yo te konn fè volontèman pou yo montre Jewova rekonesans yo oswa pou yo jwenn favè l. Youn nan sakrifis sa yo se te olokos yo. Lè Juif yo t ap ofri sakrifis sa yo, sandout li pa t difisil pou yo fè yon bon chwa. Moun ki t ap ofri sakrifis la t ap kontan bay Jewova pi bon bèt li te genyen an. Jodi a, kretyen yo pa fè sakrifis bèt jan Lwa Moyiz la mande sa, sepandan, yo fè sakrifis kanmenm lè yo bay Jewova tan yo, fòs yo ak bagay materyèl yo posede. Apot Pòl te pale de fason kretyen yo pale de esperans yo lè y ap fè “deklarasyon piblik” e li te pale tou de enpòtans pou yo ‘fè byen epi pataje sa yo genyen ak lòt moun’. Li te di sakrifis sa yo fè Bondye plezi (Ebre 13:15, 16). Fason moun ki nan pèp Jewova a fè deklarasyon piblik la, fason yo fè byen epi yo pataje sa yo genyen ak lòt moun montre nan ki pwen yo gen anpil rekonesans pou tout sa Bondye ba yo. Moun nan tan lontan ki t ap ofri Jewova sakrifis volontèman yo te bezwen gen bon atitid e yo te bezwen gen bon rezon ki te pouse yo ofri sakrifis sa yo. Se menm bagay la tou pou kretyen yo jodi a.
Trezò espirityèl
Pwen enteresan ki nan dezyèm liv Samyèl la
23:15-17. David te tèlman gen respè pou lwa Bondye bay sou lavi ak san, nan okazyon sa a li te refize fè yon bagay ki ta ka fè l pase pou yon moun ki vyole lwa sa a. Se yon etadespri nou dwe kiltive konsènan tout kòmandman Bondye yo.
1-7 OUT
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 WA 1-2
“Èske w aprann nan erè w fè yo?”
it-2-F 987 § 3
Salomon
Lè Adonija ansanm ak moun ki t ap fè konplo ansanm avè l yo te tande son mizik ki te gen nan Giyon ki pa t twò lwen yo, epi yo te tande vwa pèp la k ap di: “Se pou wa Salomon viv lontan”, laperèz te anvayi yo, yo te tonbe nan konfizyon epi yo te tonbe kouri. Salomon te bay yon apèsi sou lapè ki t apral genyen anba dominasyon l lan, lè l te refize tire revanj, sa ki te ka sal repitasyon l pandan l ap monte sou pouvwa a. Si sitiyasyon an te diferan, li t ap posib pou Salomon te pèdi lavi l. Adonija te kouri al pran refij bò kot lotèl la, donk, Salomon te bay lòd pou y al chèche Adonija mennen ba li. Salomon te fè Adonija konnen l ap rete vivan amwenske yo ta jwenn l ap fè sa ki mal, epi Salomon voye l al lakay li. — 1Wa 1:41-53.
it-1-F 48
Adonija
Sepandan, apre lanmò David, Adonija t al kot Batcheba e l di l pale ak Salomon pou li, epi mande l pou l ba li Abichag, jèn dam ki t ap pran swen David e ki te madanm sou kote David la kòm madanm li. Deklarasyon Adonija te fè lè l te di “Ou byen konnen se mwen ki te dwe vin wa. Mete sou sa, tout pèp Izrayèl la t ap tann pou se mwen ki vin wa” a, montre li te santi li pèdi dwa li te genyen an, menmsi li te pran pòz li rekonèt se Jewova ki dirije bagay yo konsa (1Wa 2:13-21). Alòske demann li an te petèt baze sèlman sou anvi li te genyen pou l jwenn yon bagay nan plas wayòm nan li te pèdi a, sa klè dife anbisyon te kontinye chofe anndan Adonija, piske selon koutim ki te gen nan zòn Oryan tan lontan an, madanm ak madanm sou kote yon wa te dwe vin pou moun ki te eritye legal la. (Konpare 2Sa 3:7; 16:21.) Donk, Salomon te konprann sa Adonija te mande pa mwayen manman l lan e l te bay lòd pou yo touye Adonija, e san pèdi tan Benaya te egzekite lòd la. — 1Wa 2:22-25.
Trezò espirityèl
Pwen enteresan ki nan premye liv Wa yo
2:37, 41-46. Ala sa danjere lè yon moun panse li ka dezobeyi lwa Bondye san li pa sibi okenn pinisyon! Moun ki kite ‘wout jennen ki mennen nan lavi a’ volontèman ap peye konsekans move desizyon yo pran an. — Matye 7:14.
8-14 OUT
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 WA 3-4
“Enpòtans sajès genyen”
Li te bay bon egzanp e li te bay move egzanp?
4 Lè Salomon te fèk vin wa, Bondye te pale avè l nan yon rèv e l te di Salomon pou l mande l sa l vle. Piske Salomon te konnen li te manke eksperyans, li te mande Bondye sajès. (Li 1 Wa 3:5-9.) Bondye te kontan dèske Salomon pa t mande l richès ak glwa, se sa k fè l te bay Salomon “plis konesans ak plis bon konprann”, sa vle di sajès, ansanm ak anpil byen (1 Wa 3:10-14). Jan Jezi te di sa, Salomon te tèlman gen sajès, rèn nan peyi Cheba a ki te tande sa te fè yon vwayaj byen long pou l al wè si sa l te tande a se te sa. — 1 Wa 10:1, 4-9.
5 Nou pa atann pou Bondye fè mirak pou l ban nou sajès. Men, Salomon te di “se Jewova menm ki bay sajès”. (NW.) Sepandan, li te montre nou bezwen fè efò pou nou gen kalite sa a Bondye bay la. Men sa l te di: “Louvri zòrèy ou pou ou tande sa moun ki gen sajès ap di ou. Chache konprann yo.” Pou Salomon te montre enpòtans pou nou fè efò pou n gen sajès, li te itilize ekspresyon tankou “chache gen”, “kouri dèyè” ak “chache”. (Pwo. 2:1-6.) Li klè, nou kapab gen sajès.
6 Li ta bon pou nou mande tèt nou ‘si nou bay sajès Bondye valè menm jan ak Salomon’. Pwoblèm ekonomik lakòz anpil moun konsantre sou travay yo ak fè lajan e sa pouse yo fè plis etid. Ki jan sa ye pou ou menm ak fanmi w? Èske desizyon w pran yo montre sajès Bondye gen valè pou ou e w ap chèche sajès sa a? Si w ta fè ajisteman nan objektif ou genyen yo, èske sa pa t ap ede w vin gen plis sajès? Pa gen dout nan sa, lè yon moun vin gen sajès e li sèvi ak sajès sa a, sa ap toujou ale byen pou li. Men sa Salomon te ekri: “Si ou koute m, w’a konnen ki jan pou ou mennen bak ou byen, ki jan pou ou pa fè lenjistis. W’a konnen ki jan pou ou mache dwat nan lavi. W’a konnen tout bon bagay ou dwe fè.” — Pwo. 2:9.
Trezò espirityèl
w98-F 1/2 11 § 15
Jewova se yon Bondye ki konn fè alyans
15 Jewova te beni desandan Abraram yo ann amoni ak pwomès li te fè patriyach la lè li te òganize yo antanke nasyon pa mwayen Lalwa. Nan ane 1473 anvan epòk nou an, Jozye ki te vin apre Moyiz te mennen pèp Izrayèl la nan peyi Kanaran. Fason yo te separe peyi a bay tribi yo te reyalize pwomès Jewova te fè pou l bay desandans Abraram nan peyi a. Lè pèp Izrayèl la te fidèl, Jewova te reyalize pwomès li te fè pou l ba yo viktwa sou ènmi yo. Sa te sitou yon reyalite pandan rèy wa David la. Rive nan epòk Salomon, pitit gason David la, yon twazyèm aspè nan alyans Abraram nan te reyalize. “Moun Jida yo ak moun Izrayèl yo te anpil tankou grenn sab bò lanmè. Yo t ap manje, yo t ap bwè e yo t ap viv ak kè kontan” — 1Wa 4:20.
15-21 OUT
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 WA 5-6
“Yo te konstwi l ak men yo e ak tout kè yo”
w11-F 1/2 15
Èske w te konnen?
Yo te sitou konnen pye sèd ki nan Liban yo paske yo te dire lontan, yo te bèl, yo te santi bon, san nou pa pale de reziste yo te ka reziste kont ensèk. Sa klè, Salomon te sèvi ak pi bon materyo yo pou l konstwi tanp lan. Jodi a, sèl sa k rete nan forè ki te chaje sèd ki te nan mòn Liban yo nan epòk sa a se kèk ti touf bwa ki epapiye.
it-1-F 411
Sèd
Gwo travay sa a yo te konn fè ak bwa sèd yo te mande pou gen plizyè milye ouvriye k ap travay nan koupe bwa yo, transpòte yo nan peyi Ti oswa Sidon sou kòt lanmè Meditèrane a, mare yo pa pakèt epi fè yo flote rive sou kòt la, petèt nan zòn Jope. Apre sa, yo rale yo rive Jerizalèm. Travay sa a te fèt grasa yon kontra Salomon te fè ak Iram (1Wa 5:6-18; 2Kw 2:3-10). E menm apre sa, transpò bwa yo te kontinye fèt toujou nan pwen yo te ka di ‘li te fè bwa sèd vin tankou pye sikomò’ pandan rèy li an. — 1Wa 10:27; konpare ak Eza 9:9, 10.
it-2-F 1047 § 7
Tanp
Pou Salomon te òganize travay la, li te pran 30 000 gason toupatou nan peyi Izrayèl, li te konn voye 10 000 travayè pou ranplase 10 000 ki te deja la ap travay yo. Yo te konn pase yon mwa nan zòn Liban an epi de mwa lakay yo (1Wa 5:13, 14). Salomon te gen 70 000 lòt gason ki t ap pote chay pami “rezidan etranje” ki nan peyi a, li te gen 80 000 lòt travayè ki t ap taye wòch (1Wa 5:15; 9:20, 21; 2Kw 2:2). Te gen 550 chèf fòmann ki te responsab travay Salomon te bay fè yo e sanble li te gen 3 300 fòmann (1Wa 5:16; 9:22, 23). Sanble pami yo 250 se te Izrayelit epi 3 600 ladan yo se te “rezidan etranje” nan peyi Izrayèl. — 2Kw 2:17, 18.
Trezò espirityèl
g-F 5/12 17, kare
Labib, yon liv ki gen pwofesi nou ka fè konfyans, premye pati
PRESIZYON ANRAPÒ AK DAT
Nou jwenn yon egzanp nan 1 Wa 6:1 ki montre jan Bib la bay presizyon nan kesyon dat anpil valè, kote li montre moman Salomon te kòmanse travay nan tanp Jerizalèm nan. Men sa nou li: “Nan 480yèm ane [479 ane konplè] depi pèp Izrayèl la te kite peyi Ejip, Salomon te kòmanse bati kay Jewova a, nan mwa Ziv (sa vle di dezyèm mwa a). Se te nan katriyèm ane depi Salomon te vin wa sou Izrayèl.”
Kwonoloji Bib la fè konnen ane 1034 anvan epòk nou an se katriyèm ane rèy Salomon an. Lè nou konte 479 ane soti nan ane sa a, n ap rive nan ane 1513 anvan epòk nou an, ane Izrayelit yo te kite peyi Ejip.
22-28 OUT
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 WA 7
“Sa nou ka aprann konsènan de poto”
‘Nan mòn li yo n’a jwenn kuiv’
Wa Salomon te sèvi ak yon bon kantite kuiv pou l te meble tanp Jerizalèm nan. Se David, papa l, ki te jwenn pifò nan kuiv sa yo lè l te anvayi peyi Siri (1 Kwonik 18:6-8). ‘Lanmè yo te fè ak metal yo fonn’ nan, yon gwo basen an kuiv prèt yo te konn itilize pou yo te lave kò yo, te gen kapasite pou l kenbe 17 500 galon dlo e petèt li te peze 30 tòn (1 Wa 7:23-26, 44-46, NW). Apre sa, te gen de gwo poto an kuiv nan antre tanp lan. Yo te mezire 8 mèt wotè. Tèt poto yo te gen yon pati ki pi laj, yo te mezire 2,2 mèt wotè. Poto yo te epè, yo te mezire 7,5 santimèt e dyamèt poto yo te mezire 1,7 mèt (1 Wa 7:15, 16; 2 Kwonik 4:17). Nou ka rete bouch ouvè lè nou reflechi ak kantite kuiv yo te sèvi pou yo te fè twa bagay sa yo sèlman.
it-1-F 355
Bowaz, II
Poto ki te bay plis nan nò nan de poto yo te konstwi nan bèl tanp Salomon an te rele Bowaz, ki te ka vle di “avèk fòs”. Poto ki te nan sid la te rele Jakin, ki vle di “se pou l [anpalan de Jewova] fè l chita byen djanm”. Donk, lè n mete yo de a ansanm epi nou li yo soti adwat pou ale agoch kòmsi yon moun te bay fas li nan Lès, li t ap bay ide ‘se pou [Jewova] fè [tanp lan] chita byen djanm avèk fòs.’ — 1 Wa 7:15-21; gade CHAPITEAU.
Trezò espirityèl
it-1-F 257
Benyen
Moun k ap adore Jewova yon fason ki sen e ki san salte yo dwe pwòp nan domèn fizik. Sa te parèt nan dispozisyon yo te pran pou tabènak la epi annapre nan sèvis ki te konn fèt nan tanp lan. Lè yo t ap enstale Gran prèt Arawon ak pitit gason l yo, yo te benyen anvan yo ba yo rad ofisyèl yo (Egz 29:4-9; 40:12-15; Lev 8:6, 7). Pou prèt yo te ka lave men yo ak pye yo, yo te konn sèvi ak dlo ki nan basen an kuiv ki nan lakou tabènak la, e annapre, yo te konn sèvi ak gwo basen an kuiv ki te nan tanp Salomon an (Egz 30:18-21; 40:30-32; 2Kw 4:2-6). Nan jou pirifikasyon an, gran prèt la te benyen de fwa (Lev 16:4, 23, 24). Moun yo ki te pran kabrit Azazèl la, ki te pran rès bèt ki te sakrifye yo, e ki te pran sakrifis gazèl bèf wouj yo te fè pa deyò kan an, te dwe lave kò yo ak rad yo anvan yo retounen nan kan an. — Lev 16:26-28; Nb 19:2-10.
29 OUT–4 SEPTANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 WA 8
“Priyè Salomon te fè avèk imilite e ak tout kè l an piblik la”
Amelyore priyè w yo grasa etid ou fè nan Bib la
9 Pou Bondye tande priyè w yo, fòk yo soti nan kè w. Salomon te fè yon priyè ki te soti nan kè l, ki nan 1 Wa chapit 8, devan yon foul moun ki te rasanble Jerizalèm pou inogirasyon tanp Jewova a nan ane 1026 anvan epòk nou an. Lè yo te mete lach alyans lan nan Trèsen an, Jewova te fè yon nyaj ranpli tanp lan. Nan moman sa a, Salomon te louwe Bondye.
10 Etidye priyè Salomon an, e w ap remake li pale de kè divès kote ladan l. Salomon te konnen se Jewova sèlman ki konnen kè yon moun (1 Wa 8:38, 39). Nan priyè sa a tou, li montre gen espwa pou yon moun ki peche, men ki ‘tounen vin jwenn Bondye ak tout kè l’. Li te di si yon ènmi ta pran pèp Jewova a an kaptivite, e pèp la ta priye Jewova, Jewova ap tande yo si y ap sèvi l ak yon kè ki konplè (1 Wa 8:48, 58, 61). Donk, pa gen dout nan sa, priyè w yo ta dwe soti nan kè w.
w99-F 15/1 17 § 7-8
Leve men nou ak fidelite nan lapriyè
7 Kit n ap priye an piblik oswa an prive, yon prensip biblik enpòtan nou dwe sonje sèke nou dwe montre nou gen imilite nan priyè nou yo (2 kwonik 7:13, 14). Wa Salomon te montre imilite nan priyè li te fè an piblik lè inogirasyon tanp Jewova a ki nan Jerizalèm. Salomon te fèk fin fè pi bèl konstriksyon ki te janm fèt sou tè a. Epoutan, avèk imilite, men sa l te di nan priyè l la: “O Bondye, èske se toutbon w ap ret sou tè a? Gade, menm syèl la, wi, menm kokennchenn syèl la, pa ka kenbe w, alewè pou kay sa a mwen bati a!” — 1 Wa 8:27.
8 Menm jan ak Salomon, nou ta dwe gen imilite lè n ap priye pou lòt moun an piblik. Toutpandan n ta dwe evite parèt tankou moun ki pi jis, nou ka montre imilite nan ton vwa nou. Priyè ki fèt avèk imilite yo se pa priyè kote moun yo parèt twò kwè nan tèt yo oswa ki mete santiman ki egzajere nan sa y ap di. Yo pa atire atansyon sou moun k ap priye a, men pito sou Sila a y ap priye a (Matye 6:5). Imilite ap parèt tou nan sa nou di nan priyè nou yo. Si nou priye avèk imilite, nou p ap pale tankou moun k ap mande Bondye pou fè bagay yo jan nou vle a. Olye de sa, n ap sipliye Jewova pou li aji yon fason ki ann amoni ak volonte l ki sakre. Youn nan moun ki ekri Sòm yo te bay egzanp sou bon atitid nou dwe genyen lè l te priye konsa: “Jewova, nou sipliye w, sove nou, tanpri! Jewova, fè nou gen laviktwa, tanpri!” — Sòm 118:25; Lik 18:9-14.
Trezò espirityèl
it-1-F 475 § 3
Syèl
Salomon, moun ki te konstwi tanp Jerizalèm nan te fè konnen “syèl la, wi, menm kokennchenn syèl la” pa ka kenbe Bondye (1Wa 8:27). Antanke Kreyatè syèl la, pozisyon Jewova ye a pi wo lontan pase syèl la, e “non l pi wo pase tout lòt non. Li gen plis glwa lontan pase tè a ak syèl la”. (Sòm 148:13.) Jewova mezire syèl nou ka wè a byen fasil menm jan yon moun t ap mezire yon bagay lè l lonje dwèt li pou l mezire yon bagay ant dwèt pous li ak ti dwèt la (Eza 40:12). Salomon pa t vle di Bondye pa gen yon kote egzak pou l rete. Ni li pa t vle di tou Li tout kote nan yon sans literal kòmkwa Li tout kote e L nan tout bagay. Nou ka wè sa lefètke Salomon te pale de Jewova tou antanke Sila a ki tande “detan [l] nan syèl la, kote [l] rete a”, sa vle di syèl kote kreyati espirityèl yo ap viv la. — 1Wa 8:30, 39.