-
Vizyon Zakari yo: Efè yo gen sou nouToudegad etid — 2017 | oktòb
-
-
16. a) Ki sa Zakari te wè ki te rive veso pou mezire a annapre? (Gade twazyèm foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki kote fi ki gen zèl yo mennen veso pou mezire a?
16 Apre sa, vin gen de fi ki gen gwo zèl tankou zèl sigòy ki parèt. (Li Zakari 5:9-11.) Fi sa yo pa menm moun ditou ak fi ki nan veso pou mezire a. Fi sa yo itilize zèl yo genyen yo ki gen anpil fòs pou yo plonje sou veso ki gen “bagay mal” la epi y al avè l. Ki kote y al avè l? Y al depoze bagay mal la “nan peyi Chineya” oswa Babilòn. Men, poukisa se Babilòn y al ak veso a?
17, 18. a) Poukisa se Chineya ki “kote [bagay mal la] dwe ye a”? b) Ki ta dwe detèminasyon n konsènan bagay ki mal?
17 Pou Izrayelit ki t ap viv nan epòk Zakari a, Chineya se yon kote ki apwopriye pou yo fèmen bagay mal la. Zakari ak lòt Juif ki t ap viv nan menm epòk la t ap dakò Babilòn se yon kote ki te gen bagay mal ki t ap fèt nan epòk yo a. Piske yo te grandi nan yon vil ki te gen bagay sal ak idolatri ki t ap fèt ladan l, yo te oblije lite chak jou pou yo te ka reziste kont mantalite ki te gaye nan monn payen sa a. Se pa ti soulajman vizyon sa a dwe te ba yo, se te yon garanti Jewova t ap kenbe vrè adorasyon an pwòp!
18 Sepandan, vizyon an te fè Juif yo sonje responsablite yo genyen pou yo kenbe adorasyon y ap bay Bondye a pwòp tou. Pèp Jewova a pa ka kite bagay mal ap fèt anba anba pami yo, yo pap kite sa fèt e yo pap tolere sa. Apre nou fin fè pati òganizasyon Bondye a ki pwòp, ki ban nou pwoteksyon ak lanmou, nou gen responsablite pou n fè efò pou n ede l ret pwòp. Èske sa pa ankouraje n kenbe “kay” nou an pwòp? Bagay mal pa gen plas li sou kèlkeswa fòm nan nan paradi espirityèl nou an.
-