Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
5-11 MAS
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MATYE 20-21
“Nenpòt moun ki vle vin enpòtan pami nou dwe vin sèvitè nou”
nwtsty foto/videyo
Mache
Gen kèk mache, tankou sa nou wè nan Pwogram reyinyon an, ki te nan mitan wout. Byen souvan, moun ki t ap vann yo te tèlman konn mete machandiz nan lari a opwen sa te konn fè l difisil pou moun pase nan wout la. Moun ki ret nan zòn nan te kapab achte bagay yo bezwen pou kay yo, po ki fèt ann ajil ak yon seri veso ki fèt an kristal ki te chè anpil, epi kèk pwovizyon ki byen fre. Etandone pa t gen frijidè alepòk, moun yo te oblije al nan mache chak jou pou yo achte sa yo bezwen. Nan mache a, yon moun ki vin achte te ka aprann yon seri nouvèl nan bouch machann yo ak lòt moun ki vin achte, te ka gen timoun k ap jwe e te ka gen moun tou k ap tann pou yo jwenn yon travay. Jezi te konn geri moun nan mache, apot Pòl te konn preche la tou (Tr 17:17). Tandiske espè nan lalwa yo ak Farizyen yo te renmen fè moun wè yo, e yo te renmen pou moun ap salye yo nan zòn piblik.
nwtsty nòt etid pou Mt 20:20, 21
manman pitit Zebede yo: Se manman apot Jak ak apot Jan. Selon Evanjil Mak la, se Jak ak Jan ki te pwoche kote Jezi. Pa gen dout nan sa, se yo menm ki te dèyè demann manman yo, Salome, te fè a. Li pwobab pou Salome te matant Jezi e yo te fè Salome al mande Jezi sa pou yo te ka jwenn sa yo vle a. — Mt 27:55, 56; Mk 15:40, 41; Jan 19:25.
youn adwat ou e lòt la agoch ou: La a toule de pozisyon yo montre yon moun gen onè ak otorite, men lè yon moun sou bò dwat, li gen plis onè toujou. — Sm 110:1; Tr 7:55, 56; Wm 8:34.
nwtsty nòt etid pou Mt 20:26, 28
sèvitè: Byen souvan, Bib la sèvi ak mo grèk dyakonòs la pou l fè referans ak yon moun ki toujou dispoze rabese l pou l sèvi lòt moun. Yo itilize mo sa a pou pale de Kris (Wm 15:8), sèvitè Kris yo (1Ko 3:5-7; Kl 1:23), sèvitè ministeryèl yo (Fp 1:1; 1Ti 3:8), san wete moun k ap travay nan kay (Jan 2:5, 9) ak fonksyonè nan gouvènman yo (Wm 13:4).
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
nwtsty nòt etid pou Mt 21:9
N ap priye w, Bondye, sove: Lit.: “Ozana.” Mo grèk sa a soti nan yon ekspresyon ebre ki vle di “n ap priye w, Bondye, sove” oswa “sove n, tanpri”. Lè sa a li gen sans yon siplikasyon yon moun ap fè Bondye pou Bondye sove l oswa fè l ranpòte laviktwa, e yo te ka tradui l konsa tou: “Bay delivrans tanpri.” Yo itilize ekspresyon sa a nan kad lapriyè ak louwanj. Yo jwenn ekspresyon ebre sa a nan Sòm 118:25 lan, ki te fè pati Sòm Alèl yo yo te konn chante pandan fèt Pak la. Se sa k fè, yo te konn panse ak mo sa yo souvan nan okazyon sa a. Youn nan fason Bondye te reponn priyè sa a se lè li te resisite Pitit gason David la. Nan Mt 21:42, Jezi te site Sm 118:22, 23 e li te aplike l sou Mesi a.
Pitit David: Yon ekspresyon ki montre yo rekonèt liy fanmi kote Jezi soti a ak wòl li antanke Mesi Bondye te pwomèt la.
12-18 MAS
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MATYE 22-23
“Obeyi de pi gwo kòmandman yo”
nwtsty nòt etid pou Mt 22:37
kè: Lè yo itilize mo sa a nan yon sans senbolik, li fè referans ak sa yon moun ye pa anndan. Men, lè li ansanm ak mo “nanm” ak “lespri” a, li klè li gen yon sans espesyal e li fè referans ak santiman yon moun ak dezi li. Twa mo yo itilize la a (kè, nanm ak lespri) pa vle di youn diferan parapò ak lòt. Yo sèvi avèk yo nan yon sans laj pou mete plis aksan toujou sou jan li enpòtan pou lanmou nou gen pou Bondye a konplè.
nanm: Oswa “tout moun nan”.
lespri: Se kapasite mantal yon moun genyen. Yon moun dwe sèvi ak kapasite mantal li pou l aprann konnen Bondye e pou l vin renmen l (Jan 17:3, nòt; Wm 12:1). Nan Dt 6:5, tèks ebre orijinal la sèvi ak twa ekspresyon sa yo: ‘kè, nanm ak fòs.’ Sepandan, nan Evanjil Matye a li menm ki ekri an grèk, yo pa mete “fòs”, yo mete “lespri”. Gendwa gen plizyè rezon ki fè yo itilize mo ki diferan. Premye rezon an, se paske byen souvan, moun te konn itilize l pou mo ebre lè yo tradui l yo mete “kè” pou li a, byenke ansyen lang ebre a pa t gen yon fason fiks pou yo tradui mo “lespri” a. Lè yo sèvi ak mo sa a nan sans senbolik, li fè referans ak sa yon moun ye pa anndan, sa ki gen ladan l sa yon moun panse, santiman l, fason l aji ak rezon ki pouse l aji (Dt 29:4; Sm 26:2; 64:6; gade nòt etid pou kè nan vèsè sa a). Se sa k fè, lè tèks ebre a itilize mo “kè” a, byen souvan, tradiksyon grèk ki rele Septant lan itilize yon mo grèk ki mache ansanm avè l, yon mo lè yo tradui l yo mete “lespri” pou li (Jen 8:21; 17:17; Pw 2:10; Eza 14:13). Yon lòt rezon ki fè Matye itilize mo grèk lè yo tradui l yo mete “lespri” pou li a olye l mete “fòs” lè l fè referans ak Dt 6:5 se paske mo ebre lè yo tradui l yo mete “fòs” kapab fè referans ni ak fòs yon moun genyen ni nan domèn fizik ni nan domèn mantal, anpalan de kapasite entèlektyèl li. Kèlkeswa rezon an, tout sans sa yo ki genyen ant mo ebre a ak mo grèk la ka ede nou esplike rezon ki fè moun ki te ekri Evanjil yo pa t toujou itilize menm mo yo lè y ap fè referans ak liv Detewonòm nan.
nwtsty nòt etid pou Mt 22:39
dezyèm nan: Nou jwenn repons dirèk Jezi te bay Farizyen yo nan Mt 22:37, men Jezi t ale pi lwen toujou pase kesyon yo te poze l la e li te site yon dezyèm kòmandman (Le 19:18). Li te fè yo konnen de kòmandman sa yo vrèman lye youn ak lòt e se sou yo Lalwa ak pawòl pwofèt yo chita. — Mt 22:40.
pwochen: Mo grèk lè yo tradui l yo mete “pwochen” pou li a (lit.: “moun ki toupre w”) ka pa vle di sèlman moun k ap viv toupre nou, men li ka gen ladan l tou kèlkeswa moun ou konn pale avèk yo. — Lk 10:29-37; Wm 13:8-10.
nwtsty nòt etid pou Mt 22:40
Lalwa [...] pawòl pwofèt yo: “Lalwa” fè referans ak liv nan Bib la ki soti depi Jenèz rive Detewonòm. “Pawòl pwofèt yo” fè referans ak liv pwofèt yo te ekri ki fè pati Liv ki te ekri ann ebre yo. Men, lè yo itilize de ekspresyon sa yo ansanm, nou ka konprann ekspresyon “Lalwa [...] pawòl pwofèt yo” se tout Liv ki te ekri ann ebre yo. — Mt 7:12; 22:40; Lk 16:16.
chita: Vèb grèk la vle di literalman “chita sou”, e nan vèsè a li gen yon sans senbolik ki vle di “depann de; baze sou”. Kidonk, Jezi te vle montre ni dis kòmandman ki nan Lalwa ni Liv ki te ekri ann ebre yo chita sou lanmou. — Wm 13:9.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
nwtsty nòt etid pou Mt 22:21
bay Seza sa k pou Seza: Repons Jezi bay nan vèsè sa a, nou jwenn tou nan Mk 12:17 ak Lk 20:25, se sèl istwa yo rapòte nan Bib la kote yo montre Jezi te pale de Anperè women an. “Sa k pou Seza” a gen ladan l kòb nou peye pou sèvis gouvènman an bay ak respè nou ba yo kote nou dwe ba yo respè. — Wm 13:1-7.
bay Bondye sa k pou Bondye: Sa mande pou yon moun adore Bondye ak tout kè l, pou l renmen l ak tout nanm li epi pou l obeyi l nan tout sa l mande. — Mt 4:10; 22:37, 38; Tr 5:29; Wm 14:8.
nwtsty nòt etid pou Mt 23:24
nou pa bwè yon moustik, men n ap vale yon chamo: Izrayelit yo te konsidere moustik pami bèt ki pa pwòp ki pi piti e pou yo menm chamo te pami bèt ki pa pwòp ki pi gwo (Le 11:4, 21-24). Jezi te sèvi ak yon langaj senbolik ki rele ipèbòl, e li te itilize tou yon lòt langaj senbolik ki se iwoni, pou l di jan chèf relijye yo t ap filtre sa y ap bwè pou yo pa bwè moustik swadizan pou yo ret pwòp nan sèvis y ap bay Bondye a. Alòske, yo neglije aspè ki pi enpòtan nan Lalwa, anpalan de aksyon y ap fè ki parèt tankou se vale yo vale yon chamo.
19-25 MAS
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MATYE 24
“Ann kontinye veye nan dènye jou yo”
it-1-F 112 § 10
Lanmou
Lanmou ka vin rafredi. Lè Jezi Kris t ap anonse disip li yo sa k te gen pou rive, li te di yo lanmou (agapè) anpil moun, ki di yo kwè nan Bondye, t ap rafredi (Mt 24:3, 12). Apot Pòl te di youn nan aspè ki t ap montre tan yo t apral di, se lefètke lèzòm t ap vin “renmen lajan”. (2Ti 3:1, 2.) Kidonk, sa klè, yon moun gendwa sispann wè prensip ki jis yo epi li ka pèdi lanmou li te genyen okòmansman an. Sa montre jan l enpòtan pou n toujou ap fè efò pou n gen lanmou lakay nou epi kenbe lanmou sa a lè nou medite sou Pawòl Bondye a e lè nou viv ann amoni ak prensip li yo. — Ef 4:15, 22-24.
w99-F 15/11 19 § 5
Èske w kontinye kenbe pwomès ou te fè Bondye a?
Men sa Jezi Kris te di konsènan tan n ap viv yo ki di pou n sipòte: “Paske, menm jan epòk Noye a te ye a, se konsa prezans Pitit lòm nan ap ye. Paske, menm jan nan epòk anvan delij la, moun yo t ap manje, yo t ap bwè, mesye yo t ap marye e moun t ap marye pitit fi yo, jis nan jou Noye antre nan lach la, e yo pa t remake anyen jiskaske delij la vini e li pote yo tout ale, se konsa prezans Pitit lòm nan ap ye.” (Matye 24:37-39). Nòmalman, pa gen anyen mal pou yon moun manje oswa bwè, e se Bondye ki mete maryaj (Jenèz 2:20-24). Epoutan, si nou ta vin remake bagay moun bezwen pou yo viv chak jou nan lavi a vin tounen bagay ki pi enpòtan pou nou, li t ap bon pou n priye Bondye sou sa. Jewova ka ede nou kontinye mete Wayòm nan an premye, fè sa ki dwat epi kenbe pwomès nou te fè l la. — Matye 6:33; Women 12:12; 2 Korentyen 13:7.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
nwtsty nòt etid pou Mt 24:8
kòmansman doulè yo: Mo grèk la vle di literalman gwo doulè yon fi konn genyen lè l ap akouche. Byenke nan vèsè sa a li gen sans doulè, lapenn ak soufrans moun konn jwenn an jeneral, men li ka fè referans ak doulè yon fi konn genyen lè l ap akouche, nan sans pwoblèm ak soufrans Jezi te anonse yo t ap vin pi souvan, yo t ap vin pi rèd e yo pa t ap sispann ogmante anvan gwo tribilasyon Jezi te pale de li nan Mt 24:21 an.
nwtsty nòt etid pou Mt 24:20
nan sezon fredi: Gen gwo lapli, inondasyon, e li fè frèt anpil nan epòk sa a e sa te fè l difisil pou moun vwayaje, jwenn manje ak yon kote pou yo pran refij. — Esd 10:9, 13.
jou saba: Nan kèk zòn tankou Jide restriksyon yo te bay anrapò ak lwa sou Saba te fè l difisil pou yon moun vwayaje al byen lwen epi pou l pote anpil chay e anplis de sa yo te konn fèmen baryè vil yo nan jou Saba. — Gade Tr 1:12 ak Apendis B12.