BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Èske w vle mache avèk Bondye ?
    Toudegad — 2005 | 1ye novanm
    • 5. Poukisa Jezi te pale de ajoute yon koude nan longè lavi yon moun ?

      5 Souvan, Labib konpare lavi ak yon vwayaj. Nan kèk ka, konparezon sa a dirèk, men nan kèk lòt ka, li endirèk. Pa egzanp, Jezi di : “ Kiyès nan nou, lè li enkyete, ki kapab ajoute yon sèl koude sou dire lavi l ? ” ​(Matye 6:27). Gen yon bagay nan pawòl sa yo ou ka twouve ki difisil pou w konprann. Poukisa Jezi te pale de ajoute “ yon koude ” nan “ longè lavi ” yon moun, alòske yo mezire lavi selon dire li, e koude se yon mezi ki gen rapò ak distansa ? Sanble Jezi t ap konpare lavi yon moun ak yon vwayaj. Anfèt, li te fè konnen enkyetid pap ede w fè menm yon pa anplis nan vwayaj w ap fè nan lavi w la. Kidonk, èske nou dwe tire konklizyon pou n ta di pa gen anyen nou ka fè anrapò ak longè vwayaj n ap fè a ? Asireman non ! Sa mennen nou nan dezyèm kesyon nou an : poukisa nou bezwen mache avèk Bondye ?

  • Èske w vle mache avèk Bondye ?
    Toudegad — 2005 | 1ye novanm
    • a Kèk tradiksyon biblik chanje mo “ koude ” ki nan vèsè sa a, yo mete yon ekspresyon ki gen rapò ak kesyon mezire tan, tankou “ kèk lanne ” ​(Bib la) oswa “ yon minit ”. (A Translation in the Language of the People, Charles B. Williams.) Sepandan, pa gen dout sou sa, mo yo te itilize nan tèks orijinal la vle di yon koude, ki mezire anviwon 18 pous nan longè.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje