BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb17 desanm p. 5
  • Yon nouvo ribrik nan reyinyon lasemèn nan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon nouvo ribrik nan reyinyon lasemèn nan
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Kris antre Jerizalèm tankou moun ki pot laviktwa
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Wa a antre Jerizalèm sou yon ti bourik
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • A7-G Prensipal evènman nan lavi Jezi pandan l te sou tè a — Dènye kanpay predikasyon Jezi nan Jerizalèm (1ye pati)
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • Lè nou di “amèn”, Jewova bay sa anpil valè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
mwb17 desanm p. 5
Evanjil Matye a nan edisyon etid Tradiksyon monn nouvo a sou Entènèt

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Yon nouvo ribrik nan reyinyon lasemèn nan

Apati janvye 2018, reyinyon lasemèn nan ap gen nòt ansanm ak foto oswa videyo k ap soti nan edisyon etid Labib — Tradiksyon monn nouvo a (nwtsty), edisyon ki sou Entènèt la, menmsi edisyon sa a poko disponib nan lang pa w. Pa gen dout, sa pral fè preparasyon w fè pou reyinyon yo pi enteresan. Mete sou sa, nou swete pou sa fè w vin pi pwòch Jewova, Papa nou ki chaje ak lanmou!

NÒT ETID

Nòt etid la bay enfòmasyon sou kilti, jeyografi ak lang sou anpil nan vèsè nan Bib la.

Matye 12:20

Mèch lanp k ap bay lafimen: Nòmalman, lanp yo te konn itilize nan kay yo se te yon seri ti veso ki fèt ann ajil e ki plen ak luil doliv. Gen yon mèch ki fèt ak len ki anndan veso a e ki rale luil la monte, sa ki fè dife a ret limen. Ekspresyon grèk lè yo tradui l yo mete “mèch lanp k ap bay lafimen” an kapab gen rapò ak yon mèch k ap bay ti lafimen akoz li gen ti dife toujou ki ret ladan l byenke yo etenn gwo dife a. Pwofesi ki nan Ezayi 42:3 a te pale sou jan Jezi t ap gen konpasyon. Li pa t ap janm etenn dènye ti espwa moun ki gen imilite, oswa moun y ap toupizi yo, ta genyen toujou.

Matye 26:13

Anverite: Mo grèk la se amèn, se mo yo mete pou mo ebre amann nan, ki vle di “se konsa pou sa ye” oswa “se sèten”. Souvan, Jezi te sèvi ak ekspresyon sa a anvan l te fè yon deklarasyon oswa yon pwomès oswa bay yon pwofesi. Se te yon fason pou l te montre sa l t apral di a se laverite e moun ka fè l konfyans. Pa gen pèsonn nan Bib la oswa nan lòt liv ki gen rapò ak relijyon ki sèvi ak ekspresyon “anverite” a, oswa amèn nan, jan Jezi itilize l la. Nan Evanjil Jan an, lè Jezi repete ekspresyon amèn nan youn dèyè lòt, li fè sa pou l met plis aksan toujou sou jan sa l di a se laverite e moun ka fè l konfyans.

FOTO/VIDEYO

Li gen foto, desen, videyo ki pa gen son ak yon seri ti bout videyo ki montre plizyè detay yo pale de yo nan Bib la.

Betfaje, Mòn Oliv ak Jerizalèm

Videyo tou kout sa a montre yon wout ki mennen Jerizalèm si w ap sot nan lès, sa vle di si w ap soti nan zòn yo rele jodi a et-Tou, moun panse ki koresponn ak Betfaje Bib la pale de li a, pou rive nan youn nan kote ki pi wo sou Mòn Oliv. Betani nan lès Betfaje, e Betfaje li menm sou bò lès Mòn Oliv. Lè Jezi ak disip li yo te Jerizalèm, an jeneral, se Betani yo te konn pase nuit. Jodi a, gen yon vil ki rele el-ʽAzariyeh (El ʽEizariya), yon non arab ki vle di “Zòn Laza a”, ki nan plas kote Betani te ye a. Pa gen dout nan sa, Jezi te konn rete lakay Mat, Mari ak Laza (Mt 21:17; Mk 11:11; Lk 21:37; Jan 11:1). Lè Jezi t ap sot lakay yo pou l al Jerizalèm, li pwobab pou se wout nou wè nan videyo a li te fè. Jou ki te 9 Nizan 33 epòk nou an, lè Jezi te monte sou do yon ti bourik sou Mòn Oliv pou l al Jerizalèm, li pwobab pou se depi Betfaje li te soti epi li suiv wout ki mennen Jerizalèm nan.

Yon wout li pwobab pou Jezi te fè sot Betani pou l al Jerizalèm
  1. Wout ki soti Betani al Betfaje

  2. Betfaje

  3. Mòn Oliv

  4. Vale Kidwon

  5. Tanp lan

Klou ki nan talon pye yon moun

Yon klou ki nan talon pye yon moun

Yon foto ki montre yon klou an fè, ki mezire 11,5 santimèt longè, ki antre nan talon pye yon moun. Yo te jwenn zo a ak tout klou a ladan l nan ane 1968 nan yon fouy yo t ap fè nan nò Jerizalèm. Yo panse zo sa a la depi sou epòk Women yo. Sa bay akeyològ yo bonjan prèv ki montre li pwobab pou yo te konn itilize klou pou yo mete moun sou poto an bwa pou touye yo. Petèt, klou sa a sanble ak klou sòlda women yo te itilize pou yo mete Jezi sou yon poto. Yo te jwenn zo a ak tout klou a nan yon bwat ki fèt ak wòch, kote yo te konn mete zo moun ki mouri apre kò yo fin dekonpoze. Sa montre lè yon moun te fin mouri sou yon poto, yo te konn mete l nan tonm. — Mt 27:35.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje