BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w18 septanm p. 22
  • Èske w konn ki lè l ye?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w konn ki lè l ye?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Sou menm sijè a
  • Ann veye sou fason n ap mache
    Ann chante louwanj pou Jewova
  • “ Kontinye veye ” !
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Poukisa nou dwe “kontinye veye”?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
w18 septanm p. 22

Èske w konn ki lè l ye?

LÈ W vle konn ki lè l ye, ki sa w fè? Petèt ou gade nan mont ou oswa nan yon òlòj. Si yon zanmi ta mande w ki lè l ye, ki jan w t ap reponn? Gen plizyè fason pou w di ki lè l ye. Ki fason konsa?

Ebyen, ann ta di li fè inè ak 30 minit apre midi. Ou ta gendwa di li 1:30. Selon kote w ap viv la ak koutim moun nan zòn nan, ou ta gendwa di lè a konsa: 13:30. Fason sa a pou w di lè a baze sou sistèm 24 èdtan an. Menm gen kèk zòn kote pou yo di menm lè sa a, yo ka di rete 30 minit pou l dezè.

Antanke moun k ap li Labib, ou ka ap mande tèt ou ki jan moun nan tan biblik yo te konn di ki lè l ye. Se pa t yon sèl fason yo te konn di sa. Pòsyon Bib ki te ekri ann ebre yo fè referans ak “granmmaten”, “midi”, “gwo midi” ak “aswè”. (Jen. 8:11; 19:27; 43:16; Det. 28:29; 1 Wa 18:26.) Men, nan kèk okazyon, yo te konn sèvi ak lè ki pi egzak.

Nan tan biblik yo, moun yo te konn sèvi ak gad pou veye. Yo te sitou bezwen yo nan nuit. Plizyè syèk anvan Jezi te fèt, Izrayelit yo te divize nuit la an twa peryòd yo te rele vèy (Sòm 63:6). Nan Jij 7:19 (nòt), yo pale konsènan “vèy ki nan mitan nuit lan”. Nan epòk Jezi a, Juif yo te adopte sistèm Grèk yo ak Women yo ki te gen kat peryòd vèy pandan nuit lan.

Nan Evanjil yo, yo pale konsènan vèy sa yo plizyè fwa. Pa egzanp, se “nan katriyèm vèy” la Jezi t ap mache sou dlo bò kot bato disip yo te ladan l lan (Mat. 14:25, nòt). Nan yon egzanp Jezi te bay, li te di: “Si mèt kay la te konnen ki lè nan nuit lan vòlè a t ap vini, li t ap rete je klè, li pa t ap kite l kase kay li.” — Mat. 24:43.

Jezi te fè referans ak toule kat vèy yo lè l te di disip li yo: “Se sa k fè, kontinye veye, paske nou pa konnen ki lè mèt kay la ap vini, si se byen ta nan jou a, si se a minui, si se avanjou oubyen si se granmmaten.” (Mak 13:35, nòt). Premye nan vèy sa yo: “byen ta nan jou a”, te konn kòmanse soti lè solèy kouche pou rive nevè diswa. Dezyèm nan: “minui”, te kòmanse soti nevè diswa rive minui. Twazyèm vèy la: “avanjou” oswa “lè kòk ap chante”, te kòmanse soti minui pou rive twazè dimaten. Se kapab pandan vèy sa a yon kòk te pran chante nan nuit yo te arete Jezi a (Mak 14:72). Katriyèm pati nan nuit lan: vèy ki rele “granmmaten” an, te kòmanse soti twazè dimaten pou rive lè solèy leve.

Kidonk, menm lè moun nan tan biblik yo pa t gen aparèy ki bay lè ki egziste jodi a, yo te gen yon sistèm pou yo di ki lè l ye nan jounen an oswa pandan nuit lan.

Kat vèy ki te gen nan yon jou juif nan tan biblik yo.
    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje