BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 21 p. 56-p. 57 par. 6
  • Jezi nan sinagòg ki nan Nazarèt la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi nan sinagòg ki nan Nazarèt la
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Jezi al nan Sinagòg ki nan vil kote l rete a
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Li fè mirak, men yo pa byen akeyi l menm nan Nazarèt
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Lè l kite kay Jayiris, l al revizite Nazarèt
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Sinagòg — Kote Jezi ak disip li yo te konn anseye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 21 p. 56-p. 57 par. 6
Jezi kanpe nan sinagòg la e l ap li nan woulo Ezayi a.

CHAPIT 21

Jezi nan sinagòg ki nan Nazarèt la

LIK 4:16-31

  • JEZI LI NAN WOULO EZAYI A

  • MOUN NAN VIL NAZARÈT ESEYE TOUYE JEZI

Pa gen dout nan sa, vil Nazarèt ajite anpil. Anvan Jezi te deplase al jwenn Jan pou l batize, sa gen yon tikras plis pase ennan, moun yo te konnen l antanke bòs chapant. Men kounye a, moun tout kote konnen l kòm yon moun k ap fè mirak. Moun nan vil Nazarèt ap tann pou yo wè l fè kèk nan mirak sa yo nan mitan yo.

Kè yo vin pi cho lè Jezi al nan sinagòg ki nan vil la, jan l te konn abitye fè sa. Nan adorasyon sa yo, yo priye epi yo fè lekti nan liv Moyiz yo, jan yo konn fè sa “nan sinagòg yo [...] chak saba”. (Travay 15:21.) Yo te konn fè lekti nan liv ki gen pwofesi yo tou. Lè Jezi kanpe pou l li, sanble li wè kèk vizaj li te konnen pandan ane li te fè ap vin nan sinagòg la. Yo lonje woulo pwofèt Ezayi a ba li, li jwenn kote ki pale konsènan Moun lespri sen Jewova chwazi a, yon pati nou jwenn nan Bib la jodi a nan Ezayi 61:1, 2.

Jezi li pati ki pale sou fason Moun sa a yo pale de li a t apral preche pou l fè konnen, prizonye yo ap lib, moun ki avèg yo ap wè ankò, e Jezi li pati ki pale konsènan ane Jewova ap fè moun favè a. Apre sa, Jezi remèt sèvitè a woulo a epi li chita. Je tout moun nan sinagòg la fikse sou li. Lè sa a, sanble pandan yon bon moman, li pran lapawòl, e nan pawòl li t ap di yo nou jwenn deklarasyon ki vin apre a ki gen anpil enpòtans: “Jodi a, pasaj nan Ekriti a nou sot tande la a akonpli.” — Lik 4:21.

Moun yo sezi tande “bèl pawòl ki t ap sot nan bouch [Jezi]”. Youn di lòt: “Èske se pa pitit Jozèf la?” Men, Jezi konnen yo ta renmen wè l fè mirak, tankou mirak yo te tande yo, li di yo: “Siman, pawòl ki di: ‘Doktè, geri tèt ou’ a, nou pral di l pou mwen, e konsa, n ap di m: ‘Bagay nou tande w fè Kapènawòm yo, fè yo nan pwòp peyi w tou.’” ​(Lik 4:22, 23). Sanble, ansyen vwazen l yo panse se nan peyi Jezi pou Jezi te kòmanse fè gerizon, yon fason pou se yo menm ki benefisye mirak yo an premye. Se sa k fè yo ka panse Jezi pa pran yo pou anyen.

Lè Jezi wè fason yo panse, li rakonte yo kèk evènman ki te rive ann Izrayèl. Li fè yo konnen te gen anpil vèv ann Izrayèl nan epòk Eli a, men Bondye pa t voye Eli al jwenn okenn nan vèv sa yo. Okontrè, se yon vèv ki pa t Izrayelit li t al jwenn nan Safat nan peyi Sidon, kote li te fè yon mirak ki te sove lavi vèv sa a (1 Wa 17:8-16). Anplis de sa, nan epòk pwofèt Elize a, te gen anpil moun ki te gen lèp ann Izrayèl, epoutan se sèlman Naaman, moun Siri, pwofèt la te geri a. — 2 Wa 5:1, 8-14.

Mesye yo ki nan sinagòg la mennen Jezi sou tèt mòn nan.

Ki jan moun sa yo, ki te soti nan menm vil ak Jezi, te reyaji lè yo wè jan konparezon sa yo montre jan yo egoyis e jan yo pa gen lafwa? Moun sa yo ki te nan sinagòg la fache anpil, yo leve e yo kouri ak Jezi al pa deyò vil la. Yo mennen l sou tèt mòn kote vil Nazarèt bati a, e yo eseye lage l anba. Men, Jezi chape anba men yo e li retire kò l sennesòf. Kounye a, Jezi desann Kapènawòm, nan nòdwès toupre Lanmè Galile.

  • Poukisa vil Nazarèt, vil kote Jezi soti a, ajite anpil?

  • Ki sa moun yo panse konsènan pawòl Jezi yo, men sa k fè yo fache konsa?

  • Ki sa moun Nazarèt yo eseye fè Jezi?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje