BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • “Nou pral sèvi m temwen”
    ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
    • 14, 15. a) Ki sa zanj yo te di anrapò ak lè Kris ap tounen an, e ki sa yo te vle di? (Gade nòt anba paj la tou.) b) Nan ki sans Kris te tounen “menm jan” li te ale a?

      14 Jan nou te di sa nan kòmansman chapit sa a, Jezi te kòmanse monte nan syèl la, apre sa, disip yo pa t ka wè l ankò. Epoutan, 11 apot yo te ret kanpe la, yo te kontinye gade syèl la. Alafen, de zanj te parèt devan yo, e avèk jantiyès, yo te reprimande yo, yo te di yo: “Moun Galile, poukisa nou ret ap gade syèl la? Jezi sa a ki sot nan mitan nou pou l al nan syèl la ap vini menm jan nou te wè l ale a.” (Tra. 1:11). Èske zanj yo te vle di Jezi ap tounen ak menm kò l te genyen an, jan kèk relijyon anseye sa? Non, se pa sa yo te vle di. Ki jan nou fè konn sa?

      15 Zanj yo pa t di Jezi ap tounen nan menm fòm li te ye a, men yo te di “menm jan” li te ale ab. Ki jan Jezi te ale? Apot yo pa t ka wè l ankò lè zanj yo t ap pale a. E se sèlman kèk moun, sa vle di apot yo, ki te konnen Jezi te kite tè a e li te nan wout pou l al jwenn Papa l nan syèl la. Donk, se menm jan an Kris t ap gen pou l tounen. Vrèmanvre, se konsa sa te fèt. Jodi a, se sèlman moun ki konprann Labib e ki konprann evènman k ap pase nan epòk nou an ki rann yo kont Jezi prezan antanke Wa nan syèl la (Lik 17:20). Nou dwe chèche konprann prèv ki montre Jezi prezan antanke Wa epi fè lòt moun konnen prèv sa yo, yon fason pou yo menm tou yo ka wè n ap viv nan yon epòk ki mande pou nou aji san pèdi tan.

  • “Nou pral sèvi m temwen”
    ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
    • b La a, Bib la pa sèvi ak mo grèk mòfè a ki vle di “fòm”, men li sèvi ak mo twopòs la ki vle di “fason” oswa “jan”.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje