Se pou w kontinye “ fè sa ki byen ”
1 Se te yon bèl bagay lè w te fèk kòmanse ap sèvi Jewova Dye. Kounye a, nan tan kritik nou ye la a, sa ki pi difisil la, se kontinye “ fè sa ki byen ”. (Gal. 6:9.) Malgre sa mande anpil efò, ou ka reyisi. Men, se ki jan ?
2 Se pou w devlope menm mantalite ak Jezi : Menm jan ak Jezi, ou ka sipòte eprèv ou rankontre, si w rete konsantre sou esperans Wayòm nan (Ebre 12:2, 3). Ou mèt sèten Jewova renmen w e li vle pou w reyisi (2 Pyè 3:9). Mete tout konfyans ou nan li, l ap ede w (1 Kor. 10:13). Pèsevere nan lapriyè. Mande Jewova pou l ede w andire (Wom. 12:12). Ou mèt rejwi, paske w gen konviksyon andirans ou an ap fè Bondye dakò avè w (Wom. 5:3-5). Fidelite w pandan w ap devlope “ menm mantalite ak Jezi Kris ”, pral fè w jwenn yon satisfaksyon pèsonèl, e anmenmtan, l ap fè kè Jewova kontan. — Wom. 15:5 ; Pwo. 27:11.
3 Se pou w kontinye fè sa ki dwat : Pwofite o maksimòm tout dispozisyon Jewova pran pou l ede pèp li a kontinye ap fè sa ki byen. Men bon abitid pou w kenbe : li Pawòl Bondye a epi etidye piblikasyon esklav fidèl e eklere a ki baze sou Bib la. Prepare tout reyinyon yo san manke youn, asiste reyinyon yo, patisipe ladan yo. Anvan reyinyon yo, e apre reyinyon yo, se pou w pwofite bèl konpayi frè ak sè espirityèl ou yo. Se pou w gen objektif ki rezonab nan ministè w yon fason pou w patisipe kòmsadwa nan predikasyon e pou w amelyore ladrès ou genyen nan bay w ap bay lòt moun yo bon nouvèl la.
4 Se konsa w ka kontinye ap fè sa ki byen e ou ka jwenn anpil lajwa anmenmtan. Sou pwen sa a, men sa yon frè nan peyi Itali di : “ Leswa, apre mwen fin pase yon jounen nan sèvis Jewova, mwen rantre lakay mwen tou fatige se vre, men, mwen kontan e mwen remèsye Jewova paske li ban mwen yon lajwa pèsonn pa kapab anpeche m genyen. ” Kidonk se pou w kontinye ap fè sa ki byen, e ou menm tou, w ap jwenn yon gwo lajwa.