-
Ou kapab zanmi JewovaOu kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
-
-
5. Sa Jewova atann pou zanmi l yo fè
An jeneral, nou atann pou zanmi nou fè kèk bagay...
Bay kèk bagay ou renmen lè zanmi w yo fè pou ou.
Li 1 Jan 5:3, epi reponn kesyon sa a:
Ki sa Jewova atann pou zanmi l yo fè?
Si nou vle obeyi Jewova, nou ka bezwen fè kèk chanjman nan fason nou aji oswa nan kalite moun nou ye. Li Ezayi 48:17, 18, epi reponn kesyon sa a:
Poukisa Jewova mande zanmi l yo pou yo fè chanjman lakay yo?
Yon bon zanmi ap fè nou sonje bagay ki ka pwoteje nou e ki ka fè byen pou nou. Jewova fè menm jan an pou zanmi l yo.
-
-
W ap jwenn anpil benediksyon lè w batize!Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
-
-
Pou w ka prepare w pou w batize, ou bezwen aprann konnen Jewova e w bezwen fè efò pou w gen plis lafwa nan li. (Li Ebre 11:6.) Tank w ap gen plis konesans sou Jewova e w ap gen plis lafwa nan li, se tank w ap vin pi renmen l. Konsa, w ap santi w anvi pale de li e w ap viv selon prensip li yo (2 Timote 4:2; 1 Jan 5:3). Lè yon moun ap viv “yon fason ki diy devan Jewova, yon fason pou [l] fè l plezi nèt”, li ka pran desizyon pou l vwe lavi l bay Jewova e pou l batize. — Kolosyen 1:9, 10a.
-
-
W ap jwenn anpil benediksyon lè w batize!Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
-
-
a Menmsi yon moun te deja batize nan lòt relijyon, l ap bezwen batize ankò. Poukisa? Paske nan relijyon li te ye a, yo pa t anseye verite ki nan Bib la. — Gade Travay 19:1-5 ak leson 13.
-
-
Montre w apresye sa Jewova ak Jezi fè pou ouOu kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
-
-
Imajine yon moun ta sove lavi w pandan w t apral nwaye. Èske w t ap annik bliye sa moun sa a te fè pou ou a oubyen èske w pa t ap chèche fason pou w montre moun sa a jan w gen rekonesans?
Jewova sove lavi nou. Li 1 Jan 4:8-10, epi reponn kesyon sa yo:
Sa k fè sakrifis Jezi a se yon kado ki gen anpil valè?
Ki jan w santi w pou sakrifis Jewova ak Jezi te fè pou ou a?
Ki jan nou ka montre nou gen rekonesans pou sa Jewova ak Jezi fè pou nou an? Li 2 Korentyen 5:15 ak 1 Jan 4:11; 5:3. Lè w fin li chak vèsè, reponn kesyon sa a:
Selon vèsè a, ki sa nou ka fè pou n montre rekonesans nou?
-
-
Ki sa nou ka fè pou nou montre Jewova nou renmen l?Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
-
-
LESON 34
Ki sa nou ka fè pou nou montre Jewova nou renmen l?
Depi lè w kòmanse etidye Bib la, èske w santi w pi renmen Bondye? Èske w ta renmen kontinye vin pi bon zanmi l? Si w ta renmen sa, sonje plis Jewova wè w renmen l, se plis li menm l ap renmen w e l ap sansib pou ou. Ki jan w ka montre l ou renmen l?
1. Ki jan nou ka montre Jewova nou renmen l?
Nou montre Jewova nou renmen l lè nou obeyi l. (Li 1 Jan 5:3.) Li pa fòse pèsonn obeyi l. Okontrè, li bay chak moun posiblite pou yo chwazi si y ap obeyi l oubyen si yo pap obeyi l. Poukisa? Se paske Jewova vle nou ‘obeyi l ak tout kè nou’. (Women 6:17.) Sa vle di li pa vle ou obeyi l paske w oblije fè sa, men li vle w obeyi l paske w vle fè sa. Yo fè seksyon 3 ak seksyon 4 nan liv sa a pou ede w montre Jewova ou renmen l lè w fè sa ki fè l plezi e w rejte sa k pa fè l plezi.
2. Sa k ka fè li difisil pou nou montre nou renmen Jewova?
“Moun ki jis la jwenn anpil pwoblèm.” (Sòm 34:19). Nou tout ap lite ak feblès nou genyen paske nou enpafè. Mete sou sa, nou gendwa ap fè fas ak pwoblèm ekonomik, ak enjistis e ak lòt difikilte. Lè n jwenn pwoblèm sa yo, li ka pa fasil pou nou fè sa Jewova mande nou, paske li pi fasil pou nou fè sa k pa bon. Men, lè w toujou fè efò pou w fè sa Jewova mande w, w ap montre l ou renmen l plis pase nenpòt bagay e w ap montre ou fidèl avè l. Li menm tou l ap fidèl avè w, li pap janm kite w. — Li Sòm 4:3.
FOUYE PLIS
Gade poukisa Jewova kontan lè l wè w obeyi l, epi gade ki sa ki ka ede w obeyi l.
3. Yon kesyon ki konsène w
Liv Jòb la pale de yon akizasyon Satan te lage sou Jòb. Men, se pa sou Jòb sèlman li te lage akizasyon an, se sou tout moun ki vle sèvi Jewova. Li Jòb 1:1, 6–2:10, epi reponn kesyon sa yo:
Selon sa Satan te di, poukisa Jòb te obeyi Jewova? — Gade Jòb 1:9-11.
Ki akizasyon Satan lage sou tout moun, e ou ladan l tou? — Gade Jòb 2:4.
Li Jòb 27:5b, epi reponn kesyon sa a:
Ki jan Jòb te montre li renmen Jewova toutbon?
Jòb te montre li renmen Jewova lè l te ret fidèl avè l.
Nou menm tou, nou montre nou renmen Jewova lè nou ret fidèl avè l.
4. Fè kè Jewova kontan
Li Pwovèb 27:11, epi reponn kesyon sa yo:
Ki jan Jewova santi l lè w montre w saj e ou obeyi l? Poukisa?
5. Ou kapab fidèl ak Jewova
Lanmou nou pou Jewova pouse n pale de li ak lòt moun. E lè nou fidèl avè l, sa fè nou kontinye pale de li menm lè sa pa fasil. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.
Èske w santi li difisil pou w pale de Jewova ak lòt moun?
Nan videyo a, ki sa ki te ede Grayson pou l pa pè ankò?
Li pi fasil pou n fidèl ak Jewova lè n renmen sa l renmen e lè n rayi sa l rayi. Li Sòm 97:10, epi reponn kesyon sa yo:
Selon sa w aprann, bay kèk bagay Jewova renmen ak kèk bagay li rayi.
Ki jan w ka aprann renmen sa ki bon epi rayi sa ki mal?
6. Nou jwenn byenfè lè nou obeyi Jewova
Li toujou pi bon pou nou lè n obeyi Jewova. Li Ezayi 48:17, 18, epi reponn kesyon sa yo:
Èske nou ka sèten Jewova toujou konn sa ki pi bon pou nou? Poukisa?
Ki byenfè ou deja jwenn paske w ap etidye Bib la e w ap aprann konnen Jewova, vrè Dye a?
GEN MOUN KI DI: “Fason nou aji pa enpòtan pou Bondye.”
Ki vèsè ou te ka itilize pou w montre fason nou aji kapab fè Bondye kontan oswa tris?
SA W TE APRANN
Ou ka montre Jewova ou renmen l lè w obeyi l e lè w rete fidèl avè l menm lè sa pa fasil.
Revizyon
Ki sa w te aprann nan egzanp Jòb?
Ki jan w ap montre Jewova ou renmen l?
Ki sa k ap ede w rete fidèl ak Jewova?
APRANN PLIS
Gade ki jan w ka montre w fidèl ni ak Jewova ni ak kongregasyon an.
Aprann plis sou akizasyon Satan te lage sou do lèzòm.
Gade ki jan menm timoun kapab montre yo renmen Jewova.
Ki jan yon jèn kapab kontinye rete fidèl ak Jewova menm lè lòt jèn ap chèche pouse l fè sa k pa bon?
-