BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Bib la chape anba efò moun fè pou yo chanje mesaj ki ladan l lan
    Toudegad piblik — 2016 | No 4
      • Doktrin Trinite a: Mwens pase 300 an apre yo te fin ekri Bib la, gen yon mesye ki te patizan doktrin Trinite a ki te ajoute mo sa yo nan 1 Jan 5:7 “nan syèl la gen yo twa, Papa a, Pawòl la ak Sentespri a: e yo twa a fè yon sèl”. Fraz sa a pa parèt nan tèks orijinal la. Gen yon biblis ki rele Bruce Metzger ki fè konnen se “apati sizyèm syèk la” yo te jwenn “mo sa yo pi souvan nan maniskri Ansyen laten an ak nan Vilgat [laten] an”.

  • Bib la chape anba efò moun fè pou yo chanje mesaj ki ladan l lan
    Toudegad piblik — 2016 | No 4
    • Ansuit, gwo kantite maniskri ki disponib jodi a vrèman ede biblis yo detekte erè yo. Pa egzanp, pandan plizyè syèk, gen kèk chèf relijye ki te fè konnen vèsyon laten yo genyen yo se vrè tèks Bib la. Konsa nan 1 Jan 5:7, yo te ajoute pawòl nou te mansyone nan kòmansman atik sa a. Erè sa a te menm glise nan vèsyon Labib Wa Jak la, yon vèsyon ann anglè anpil moun genyen. Men, lè yo te dekouvri lòt maniskri, ki sa yo te jwenn? Men sa Bruce Metzger te ekri: “Pasaj [nan 1 Jan 5:7] la pa nan okenn maniskri nan vèsyon ki pi ansyen yo (siryak, kòp, amenyen, etyopyen, arab ak slavon), se sèl nan vèsyon laten an yo jwenn li.” Kòm rezilta, vèsyon revize Labib Wa Jak la ak plizyè lòt Bib te retire fraz sa a ki pa kòrèk.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje