-
Ki sa pou w fè si w fè yon peche grav?Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
-
-
4. Rezon ki fè se yon bon bagay lè yon moun eskominye
Si yon moun fè yon peche ki grav e li refize suiv prensip Jewova yo, li pap ka kontinye fè pati kongregasyon an. Y ap eskominye l, nou pap frekante l ankò e menm pale nou pap pale avèk li. Li 1 Korentyen 5:6, 11 ak 2 Jan 9-11, epi reponn kesyon sa a:
Menm jan ledven fè yon pat leve, si nou ta frekante yon moun ki peche e ki pa repanti, ki jan sa t ap gen efè sou kongregasyon an?
Gen anpil moun ki te eskominye ki tounen nan kongregasyon an, paske malgre disiplin yo te jwenn nan te fè yo mal, sa te ede yo retounen nan bonsans yo (Sòm 141:5). Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.
VIDEYO: Annou soutni desizyon Jewova yo fidèlman (9:28)
Nan videyo a, lefètke Sonya te eskominye, ki jan sa te ede l?
Lè yon moun eskominye, nan ki sans...
sa onore non Jewova?
sa montre Jewova rezonab e li gen lanmou?
-
-
Jewova bay fidelite w anpil valè!Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
-
-
1. Ki jan lòt moun ka eseye fè w sispann ret fidèl ak Jewova?
Gen moun k ap eseye fè nou sispann sèvi Jewova. Kiyès ki ka eseye fè yon bagay konsa? Gen kèk moun ki kite laverite k ap bay yon seri manti sou òganizasyon Jewova a yon fason pou yo kraze lafwa nou. Yo rele moun sa yo aposta. Mete sou sa, gen kèk chèf relijye k ap gaye fo enfòmasyon sou nou pou fè kèk moun ki pap veye kite laverite. Se yon danje sa ye si n ap eseye defann tèt nou devan moun sa yo, si n al li liv yo fè oubyen li sa yo ekri sou Entènèt, oubyen al sou sit yo oswa gade videyo yo fè. Men sa Jezi te di sou moun sa yo k ap eseye anpeche lòt moun sèvi Jewova avèk fidelite: “Pinga nou okipe yo. Yo se yon bann gid je pete. Si yon avèg ap mennen yon lòt avèg, yo toule de ap tonbe nan twou.”— Matye 15:14.
Men, e si yon moun nou konnen deside li pap Temwen Jewova ankò? Sa ka fè nou mal anpil si yon moun nou te pwòch avè l ta fè yon bagay konsa. Se kòmsi moun sa a fòse nou chwazi ant li menm ak Jewova. Nou dwe pran detèminasyon pou nou ret fidèl ak Bondye anvan tout moun (Matye 10:37). Donk, nou obeyi lòd Jewova ban nou pou nou pa frekante moun konsa.— Li 1 Korentyen 5:11.
2. Ki jan desizyon n ap pran kapab montre si nou fidèl ak Jewova?
Lefètke nou renmen Jewova, sa pouse nou pou n pa mele ak fo relijyon nan anyen. Nou bezwen veye pou travay nou, òganizasyon n ap pran pa avèk yo oubyen kèlkeswa aktivite n ap fè pa gen okenn rapò ak fo relijyon. Men sa Jewova di nou fè: “Sot [nan Gran Babilòn nan], pèp mwen.”— Revelasyon 18:2, 4.
FOUYE PLIS
Aprann ki sa w ka fè pou w pa kite okenn moun fè w pa fidèl ak Jewova. Mete sou sa, gade ki jan w ka montre w fidèl lè w soti nan Gran Babilòn nan.
3. Fè atansyon ak fo anseyan
Ki sa nou ta dwe fè si n ta tande move pawòl sou òganizasyon Jewova a? Li Pwovèb 14:15, epi reponn kesyon sa a:
Poukisa nou veye pou n pa kouri kwè tout sa nou tande?
Li 2 Jan 10, epi reponn kesyon sa yo:
Ki jan nou dwe aji avèk aposta yo?
Menmsi nou pa pale ak yon aposta dirèkteman, ki jan nou kapab vin an kontak avèk sa y ap anseye?
Ki jan w panse Jewova t ap santi l si nou ta koute move pawòl y ap di sou li oubyen sou òganizasyon l lan?
-