-
Fason Gayis te ede frè yoToudegad etid — 2017 | me
-
-
YON ÈD NAN YON SITIYASYON DIFISIL
Jan pa t ekri Gayis jis pou l remèsye l. Li te vle ede l rezoud yon gwo pwoblèm tou. Pou yon rezon moun pa konnen, gen yon moun nan kongregasyon kretyen an ki te rele Dyotrefès ki pa t dispoze akeyi kretyen ki te konn vwayaje yo. Li te menm eseye anpeche lòt moun montre yo akeyan. — 3 Jan 9, 10.
Pa gen dout, kretyen ki fidèl yo pa t ap janm anvi desann lakay Dyotrefès menmsi sa te posib. Li te renmen pran latèt nan kongregasyon an, li pa t resevwa anyen ki sot nan men Jan avèk respè e l t ap gaye move pawòl sou apot la ak sou lòt moun. Byenke Jan pa t janm di Dyotrefès se yon fo anseyan, Dyotrefès te kanpe kont otorite apot la. Dyotrefès te vle yo pran l pou yon pakèt afè, e atitid sa a li te genyen an ki pa pou kretyen te fè moun gen dout sou fidelite l. Egzanp Dyotrefès montre ki jan moun ki gen anbisyon e ki awogan ka eseye met divizyon nan yon kongregasyon. Se rezon sa a ki fè Jan te di Gayis, e nou chak konsène tou, pawòl ki vin apre a: “Pa imite sa ki mal.” — 3 Jan 11.
-
-
Fason Gayis te ede frè yoToudegad etid — 2017 | me
-
-
Dezyèmman, nou pa ta dwe sezi si yon lè nou ta wè gen moun ki kanpe kont otorite moun ki pran latèt nan kongregasyon yo nan epòk nou an. Gen moun ki te kanpe kont otorite Jan, e menm bagay la te rive apot Pòl (2 Kor. 10:7-12; 12:11-13). Donk, ki jan n ta dwe reyaji si n ta wè gen kèk moun nan kongregasyon an k ap aji menm jan an? Men avètisman Pòl te bay Timote: “Yon esklav Seyè a pa dwe nan goumen, men li dwe dou ak tout moun, li dwe gen kapasite pou l anseye, li dwe metrize tèt li lè yo fè l ditò, e li dwe enstwi moun ki pa byen dispoze yo avèk dousè.” Lè n kontinye aji avèk dousè menm lè moun ap pwovoke n, sa ka fè kèk moun k ap kritike n chanje atitid tikras pa tikras. Petèt, Jewova “ka byen pèmèt yo repanti, e sa ap fè yo jwenn konesans egzak sou verite a”. — 2 Tim. 2:24, 25.
-