BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Veye kò nou ak pyèj Dyab la!
    Toudegad — 2012 | 15 out
    • Veye kò nou ak pyèj Dyab la!

      ‘Retire kò nou nan pyèj Dyab la.’ — 2 TIM. 2:26.

      KI REPONS NOU TA BAY?

      • Ki sa nou bezwen fè si nou gen tandans pou nou toujou ap kritike lòt moun?

      • Ki sa nou aprann nan egzanp Pilat ak Pyè k ap ede nou pa pè epi pa pran presyon nan men moun?

      • Ki sa k ap ede nou pou nou pa santi nou koupab depase limit?

      1, 2. Nan atik sa a, ki pyèj Dyab la konn itilize nou pral egzamine?

      DYAB la ap pousuiv sèvitè Jewova yo. Prensipal objektif li se pa touye yo jan yon chasè fè sa lè l ap chase. Okontrè, sa k pi enpòtan pou li se pran yo tou vivan pou l ka fè yo fè sa l vle. — Li 2 Timote 2:24-26.

      2 Pou yon chasè ka pran yon bèt tou vivan, li ka itilize tout kalite pyèj. Li kapab tann yon pèlen, epi li eseye fè bèt la kouri kite kote l kache a pou l ka pran l pi fasil. Oswa li kapab kache yon pyèj yon kote pou l pran bèt la san bèt la pa atann. Dyab la fè menm jan an pou l pran sèvitè Bondye yo tou vivan. Si nou pa vle pran nan pyèj li yo, nou dwe rete veyatif e nou dwe suiv tout avètisman nou jwenn k ap ede nou idantifye pyèj li yo. Nan atik sa a, nou pral wè sa nou kapab fè pou nou pa tonbe nan twa nan pyèj Satan konn itilize pou l kenbe kèk nan sèvitè Bondye yo. Pyèj sa yo se: 1) pale moun mal, 2) laperèz ak moun k ap fè presyon sou nou, epi 3) lè nou santi nou koupab depase limit. Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine de lòt pyèj Satan konn itilize.

      PA PALE MOUN MAL

      3, 4. Ki sa k ka rive si n pa kontwole lang nou? Bay yon egzanp.

      3 Pou yon chasè pran yon bèt ki kache nan yon rak bwa, li kapab mete dife nan yon pati nan rak bwa a pou l fòse bèt la soti kote l kache a pou l ka pran l pandan l ap eseye chape. Nan yon sans senbolik, Dyab la ta renmen met dife nan kongregasyon an. Si l rive fè sa, l ap fè frè ak sè yo kite kongregasyon an, ki pwoteje yo, pou l ka pran yo nan pyèj. San nou pa rann nou kont, ki jan nou kapab kolabore ak Satan epi pran nan pyèj li yo?

      4 Disip Jak te konpare lang nan ak dife. (Li Jak 3:6-8.) Si nou pa kontwole lang nou, nou ka met dife nan kongregasyon an. Ki jan sa ka rive? Ann pran yon egzanp: Nan reyinyon kongregasyon an, yo anonse gen yon sè yo nome pyonye pèmanan. Lè reyinyon an fini, gen de sè k ap pale sou anons lan. Gen youn ki montre li kontan e li swete pou nouvo pyonye a reyisi nan sèvis li. Lòt la li menm gen dout sou rezon ki te pouse sè a pran sèvis la e li di se chèche sè a ap chèche fè moun nan kongregasyon an wè l. Kiyès nan de sè sa yo nou ta renmen genyen kòm zanmi? Li pa difisil pou n wè kiyès nan yo ki ta ka met dife nan kongregasyon an ak bouch li.

      5. Pou nou evite pale moun mal, ki sa nou dwe fè?

      5 Ki sa n ka fè pou n pa pale moun mal? Jezi te di: “Pawòl ki sot nan bouch yon moun montre sa k ranpli kè l.” ​(Mat. 12:34). Donk, premye bagay pou nou fè se egzamine kè nou. Èske nou fè sa nou kapab pou n kouri dèyè move santiman nou genyen ki ka fè nou tonbe nan pale moun mal? Pa egzanp, lè nou tande yon frè ap fè efò pou l jwenn kèk privilèj nan kongregasyon an, èske otomatikman nou panse li gen bon entansyon oswa nou panse se pozisyon l ap chèche? Si nou gen tandans toujou panse tout moun se enterè pa yo y ap chèche, l ap bon pou n sonje Dyab la tou te gen dout sou rezon ki te pouse Jòb sèvi Bondye fidèlman (Jòb 1:9-11). Olye pou n gen dout sou frè nou yo, l ap bon pou n gade pou n wè pou ki rezon n ap pale yo mal. Èske nou vrèman gen rezon pou sa oubyen èske se kite nou kite lespri monn nan ki gaye nan dènye jou yo anvayi kè nou pou l fè nou pa renmen moun? — 2 Tim. 3:1-4.

      6, 7. a) Bay kèk rezon ki ta ka fè n tonbe nan pale moun mal. b) Kòman n ta dwe reyaji si yo joure nou?

      6 Ann egzamine kèk lòt rezon ki ka fè n tonbe nan pale moun mal. Youn ladan yo se gendwa paske nou vle moun plis wè sa nou menm nou fè. Nou gendwa ap chèche kraze lòt moun pou moun ka wè se nou ki pi bon. Oswa nou kapab ap chèche eskiz paske nou pa t fè yon bagay nou te dwe fè. Kèlkeswa rezon an, kit se ògèy, kit se anvye nou anvye moun, kit se konfyans nou pa gen nan tèt nou, sa ap gen move konsekans kanmenm.

      7 Nou gendwa fè sa tou paske nou santi gen dekwa pou sa. Petèt yon lè moun nan te pale nou mal tou. Si se sa, pale moun nan mal tou se pa solisyon an. Si n ta fè sa, se t ap kòmsi n ap vide gaz sou dife e n ap kolabore ak Dyab la olye n kolabore ak Bondye (2 Tim. 2:26). Li t ap pi bon pou nou imite Jezi. Lè yo te joure l, “li pa t joure tou”. Okontrè, li “te remèt tèt li nan men sila a ki jije avèk jistis la”. (1 Pyè 2:21-23.) Jezi te gen konfyans Jewova t ap ranje bagay yo lè l vle e jan l vle. Se yon konfyans konsa nou dwe genyen nan Bondye. Lè nou di pawòl ki ka ankouraje moun, n ap ede kongregasyon an kenbe “chenn inyon lapè a”. — Li Efezyen 4:1-3.

      PINGA NOU PÈ E PINGA NOU PRAN NAN PRESYON

      8, 9. Sa k fè Pilat te kondane Jezi?

      8 Lè yon bèt pran nan pèlen, li pèdi kontwòl sou libète l te genyen pou l ale kote l vle. Menm jan an tou, yon moun ki pran nan presyon e ki pè pa gen tout kontwòl tèt li. (Li Pwovèb 29:25.) Nou pral egzamine egzanp de moun ki te pran nan presyon e ki te vin pè. Nou pral wè tou ki leson nou kapab aprann nan egzanp moun sa yo.

      9 Gouvènè women yo rele Pons Pilat la te konnen Jezi te inosan e sanble gouvènè a pa t vle kondane l. Se sa k fè Pilat te di Jezi pa t fè “anyen ki merite lanmò”. Sepandan, malgre sa, Pilat te aksepte pou yo touye l. Sa k fè sa? Se paske Pilat te pran nan presyon foul la (Lik 23:15, 21-25). Juif yo t ap di byen fò: “Si w lage mesye sa a, ou pa zanmi Seza.” Yo te fè presyon sou Pilat yon fason pou yo te ka jwenn sa yo t ap chèche a (Jan 19:12). Pilat gendwa te pè pou l pa pèdi pozisyon l oswa menm pou l pa pèdi lavi l. Konsa, li te fè volonte Dyab la paske l te pran nan presyon.

      10. Sa k fè Pyè te nye Jezi?

      10 Apot Pyè se te youn nan bon zanmi Jezi yo. Li te di devan tout moun Jezi se Mesi a (Mat. 16:16). Pyè te rete fidèl lè lòt disip yo pa t fin konprann sans yon pawòl Jezi te di e yo te abandone l (Jan 6:66-69). Pyè te rale epe l pou l defann Jezi lè opozan yo te vin arete Jezi (Jan 18:10, 11). Sepandan, annapre, Pyè te vin pè e li te nye Jezi Kris. Pandan yon ti tan, apot la te gen lakrentif pou lòm e li te vin manke kouraj pou l aji avèk fidelite. — Mat. 26:74, 75.

      11. Ak ki move enfliyans nou gendwa oblije ap goumen?

      11 Antanke kretyen, nou dwe fè efò pou n pa pran nan presyon moun ap fè sou nou pou n fè sa k pa fè Bondye plezi. Patwon nou ak lòt moun ankò kapab ap eseye fè nou aji yon fason ki pa onèt, oswa yo gendwa ap ban nou presyon pou nou fè imoralite. Li ka difisil pou elèv yo reziste ak presyon kamarad yo ap fè sou yo swa pou yo pran poul nan egzamen, swa pou yo gade pònografi, pou yo fimen, pou yo pran dwòg, pou yo bwè bwason ki gen alkòl oswa pou yo fè imoralite. Donk, ki sa k ap ede nou pou n pa pè e pou n pa pran nan presyon moun ap fè sou nou pou n fè sa k pa fè Jewova plezi?

      12. Ki sa nou ka aprann nan egzanp Pilat ak Pyè?

      12 Annou wè ki sa n ka aprann nan egzanp Pilat ak Pyè. Pilat pa t gen anpil konesans sou Jezi, men li te konnen Jezi te inosan e l pa t yon moun konsa konsa. Men, Pilat pa t gen imilite e li pa t renmen vrè Dye a. Se sa k fè li te fasil pou Dyab la kenbe l tou vivan. Pyè li menm te konnen Bondye byen e li te renmen l. Men, pafwa, li pa t konnen limit li, li te konn pè e li te pran nan presyon. Anvan yo te vin arete Jezi, men sa Pyè te di avèk konfyans: “Menmsi tout lòt yo kite w, mwen menm, mwen pap kite w.” ​(Mak 14:29). Apot la t ap pi byen pare pou eprèv ki t ap tann li yo si l te gen konfyans nan Bondye menm jan ak yon salmis ki te di: “Senyè a pou mwen, mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè m?” ​(Sòm 118:6). Nan dènye nuit Jezi te pase sou tè a antanke òm, li te antre byen fon nan jaden Jetsemane a ansanm ak Pyè ak de lòt apot. Men, olye Pyè ak konpayon l yo te kontinye veye, yo te kite dòmi pran yo. Jezi te reveye yo e li te di yo: “Mesye, kontinye veye e kontinye priye, yon fason pou nou pa tonbe anba tantasyon.” ​(Mak 14:38). Men, dòmi te pran Pyè ankò. Annapre, li te vin pè e l te pran nan presyon yo t ap fè sou li.

      13. Ki jan nou kapab reziste anba presyon moun ap fè sou nou pou n fè sa ki mal?

      13 Egzanp Pilat ak Pyè ka aprann nou yon lòt leson enpòtan ankò: Pou yon moun reziste lè y ap fè presyon sou li, nonsèlman li bezwen gen konesans egzak, men tou, li bezwen gen imilite, li bezwen konn limit li, li bezwen gen lanmou ak lakrentif pou Bondye olye l pè moun. Si lafwa nou byen chita sou konesans egzak la, n ap gen kouraj pou nou pataje kwayans nou avèk kran. Sa ap ede nou pou n pa pran nan presyon e pou n pa pè moun. Pa gen dout nan sa, nou pa dwe janm twò kwè nan tèt nou. Okontrè, nou dwe rekonèt avèk imilite nou bezwen Bondye ban nou fòs pou n ka reziste lè moun ap fè presyon sou nou. Nou bezwen priye Jewova pou l ban nou lespri sen l e se lanmou nou gen pou li ki dwe pouse nou defann non l ak prensip li yo. Mete sou sa, pou nou ka reziste lè moun ap fè presyon sou nou, nou bezwen prepare lespri nou alavans. Pa egzanp, lè nou prepare timoun yo alavans e nou priye avèk yo, sa kapab ede yo pa pran nan presyon lòt timoun ap fè sou yo pou yo fè sa ki mal. — 2 Kor. 13:7.a

      LÈ YON MOUN SANTI L KOUPAB DEPASE LIMIT

      14. Ki sa Dyab la ta renmen nou panse parapò ak erè nou te fè?

      14 Pafwa, pou yo pran yon bèt nan pyèj, yo kapab pandye yon gwo bout bwa byen lou oswa yon gwo wòch sou wout bèt la abitye pase. Moun k ap chèche touye bèt la kapab mete yon fil fè sou wout la ki pou deklannche pyèj la. Lè bèt la teke fil fè a san l pa rann li kont, bout bwa a oswa wòch la tonbe sou li e li kraze l plat. Lè yon moun santi l koupab depase limit, li kapab santi se kòmsi li gen yon gwo bout bwa oswa yon gwo wòch sou do l k ap kofre l. Lè nou plede ap reflechi sou yon erè nou te fè, nou kapab santi nou “kraze jis nan dènye limit”. (NW.) (Li Sòm 38:3-5, 8.) Satan ta renmen nou panse Jewova pap janm padone nou pou erè nou e nou pap janm ka rive fè tout sa l mande.

      15, 16. Ki sa k ap ede nou pou nou pa santi nou koupab depase limit?

      15 Ki jan nou ka evite pran nan pyèj k ap kraze nou an? Si w te fè yon peche ki grav, aji depi kounye a pou w kapab retounen gen bon relasyon ak Jewova. Chèche èd nan men ansyen yo (Jak 5:14-16). Fè tout sa w kapab pou w repare fot la (2 Kor. 7:11). Si w te resevwa yon reprimann, pa kite sa kraze w. Youn nan fason Jewova montre li renmen w toutbon se lè li disipline w (Ebre 12:6). Pran detèminasyon pou w pa fè bagay ou te konn fè ki te lakòz ou tonbe nan peche a. Si w repanti e w sispann pratike peche a, ou mèt gen asirans sou baz sakrifis ranson Jezi a w ap jwenn padon pou peche w te fè a. — 1 Jan 4:9, 14.

      16 Gen kèk moun ki kontinye santi yo koupab pou yon peche yo te fè Bondye deja padone yo pou li. Si se ka pa w, sonje Jewova te padone Pyè ak lòt apot yo ki te abandone Jezi, pitit Gason li renmen anpil la, lè l te plis bezwen yo a. Jewova te padone mesye yo te mete deyò nan kongregasyon Korent lan paske li te fè fònikasyon, apre mesye sa a te repanti (1 Kor. 5:1-5; 2 Kor. 2:6-8). Pawòl Bondye a fè nou konnen gen lòt moun toujou ki te fè peche ki grav anpil e ki te jwenn padon nan men Jewova apre yo te repanti. — 2 Kwo. 33:2, 10-13; 1 Kor. 6:9-11.

      17. Ki sa ranson an ka fè pou nou?

      17 Jewova ap padone nou e l ap bliye tout erè n te fè si nou repanti toutbonvre e si nou aksepte mizèrikòd li. Pinga nou janm panse sakrifis ranson an pa ka kouvri peche nou. Si n ta panse konsa, nou mèt konnen nou pran nan youn nan pyèj Satan yo. Malgre tout sa Dyab la vle fè nou kwè, sakrifis ranson an kapab kouvri peche kèlkeswa moun nan depi l repanti (Pwo. 24:16). Lafwa nan sakrifis ranson an kapab libere w pou l fè w pa santi w koupab depase limit e li kapab ba w fòs pou w sèvi Bondye ak tout kè w, ak tout nanm ou e ak tout lespri w. — Mat. 22:37.

      NOU KONNEN ENTANSYON SATAN

      18. Ki sa nou kapab fè pou n pa tonbe nan pyèj Dyab la?

      18 Satan pa bezwen konnen nan ki pyèj n ap pran, sa k enpòtan pou li se pran nou nan pyèj. Sepandan, lefètke nou konnen entansyon l, nou ka fè atansyon pou n pa tonbe nan pyèj li yo (2 Kor. 2:10, 11). Nou pap tonbe nan pyèj Satan yo si nou priye Bondye pou l ban nou sajès pou n andire anba eprèv yo. Men sa disip Jak te ekri: “Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l, e l ap ba li l, paske l donan ak tout moun, e li pa fè repwòch.” ​(Jak 1:5). Nou bezwen aji ann amoni ak priyè nou yo. N ap kapab fè sa lè nou fè etid pèsonèl regilyèman ak lè nou aplike sa nou aprann nan Pawòl Bondye a. Piblikasyon esklav fidèl ki prevwayan an fè pou l ede nou etidye Bib la montre nou ki jan Dyab la kapab pyeje nou ak sa nou kapab fè pou n pa tonbe nan pyèj li yo.

      19, 20. Poukisa nou dwe rayi sa ki mal?

      19 Lè nou gen abitid priye e nou gen abitid etidye Bib la, sa fè nou renmen sa ki byen. Men, li enpòtan tou pou n rayi sa ki mal (Sòm 97:10). Lè nou medite sou konsekans aksyon nou ap genyen si nou fè sa lide nou di nou, sa ap ede nou pa aji konsa (Jak 1:14, 15). Lè nou aprann rayi sa ki mal e nou renmen sa ki byen toutbonvre, nou pap vle wè bagay Satan sèvi pou l pran nou nan pyèj yo.

      20 Èske nou pa kontan anpil lefètke Jewova ede nou pou nou pa pran nan pyèj Satan yo? Jewova sèvi ak lespri sen l, Pawòl li a ak òganizasyon l lan pou l delivre nou “anba Mechan an”. (Mat. 6:13.) Nan atik ki vin apre a, nou pral wè sa nou kapab fè pou nou pa tonbe nan de lòt pyèj Dyab la itilize pou l kenbe sèvitè Bondye yo tou vivan.

  • Kenbe fèm epi veye kò w ak pyèj Satan yo!
    Toudegad — 2012 | 15 out
    • Kenbe fèm epi veye kò w ak pyèj Satan yo!

      “Kenbe fèm kont manèv Dyab la.” — EFE. 6:11.

      KI REPONS NOU TA BAY?

      • Ki jan yon sèvitè Jewova ka veye kò l pou l pa vin materyalis?

      • Ki sa k ka ede kretyen ki marye yo pou yo pa tonbe nan adiltè?

      • Ki sa k fè w kwè li bon pou w veye kò w pou w pa vin materyalis e pou w pa tonbe nan imoralite?

      1, 2. a) Ki sa k fè Satan pa gen pitye ni pou moun Bondye chwazi pou y al nan syèl yo, ni pou “lòt mouton” yo? b) Ki pyèj Satan konn itilize nou pral egzamine nan atik sa a?

      SATAN LEDYAB pa gen pitye pou moun, sitou moun k ap sèvi Jewova yo. An reyalite, Satan ap mennen yon gè kont rès kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo ki toujou sou tè a (Rev. 12:17). Kretyen fidèl sa yo pran latèt nan travay predikasyon an nan epòk nou an e yo fè konnen se Satan k ap dirije monn nan. Dyab la rayi “lòt mouton” yo tou k ap kolabore ak moun Bondye chwazi pou y al nan syèl yo e ki gen esperans pou yo gen lavi ki pap janm fini an, yon esperans Satan pèdi (Jan 10:16). Sa pa etone nou lefètke l an kòlè anpil. Kit nou gen esperans pou n al nan syèl, kit nou gen esperans pou n viv sou tè a, pa gen dout nan sa, Satan pa vle wè nou. Objektif li se devore nou. — 1 Pyè 5:8.

      2 Pou Satan ka atenn objektif li, li itilize plizyè kalite pyèj. Piske li “bouche lespri moun” ki pa kwayan yo, sa fè yo pa aksepte bon nouvèl la e yo pa ka wè pyèj li yo. Sepandan, Dyab la met pyèj menm pou moun ki te deja aksepte mesaj Wayòm nan (2 Kor. 4:3, 4). Atik nou te etidye semèn pase a te montre kòman nou ka evite pran nan twa nan pyèj Satan yo. Pyèj sa yo, se te 1) pale moun mal, 2) laperèz ak moun k ap fè presyon sou nou, ak 3) lè nou santi nou koupab depase limit. Kounye a, annou gade ki jan nou ka veye kò nou ak de lòt pyèj Satan konn itilize: materyalis ak adiltè.

      MATERYALIS SE YON PYÈJ KI KAPAB TOUFE NOU

      3, 4. Ki jan enkyetid ki gen nan sistèm sa a ka fè yon moun vin materyalis?

      3 Nan yon egzanp Jezi te bay, li te pale de semans ki tonbe nan mitan pye pikan. Li te fè konnen gen moun ki kapab tande Pawòl la, “men enkyetid ki gen nan sistèm sa a ak pouvwa richès genyen pou l twonpe moun toufe pawòl la, e yo pa bay fwi”. (Mat. 13:22). Pa gen dout nan sa, materyalis se youn nan pyèj Satan, ènmi nou an, abitye itilize.

      4 Gen de bagay ki kapab met ansanm pou yo toufe Pawòl la. Youn ladan yo se “enkyetid ki gen nan sistèm sa a”. Nan tan sa yo ‘ki di e ki difisil pou moun sipòte’ n ap viv la, gen anpil bagay ki kapab ban nou enkyetid (2 Tim. 3:1). Kòm lavi a vin pi chè e vin gen plis moun ki pap travay, sa kapab rive ou pa ka achte sa w bezwen pou w viv. Ou kapab ap enkyete w pou demen e w ka ap mande tèt ou: ‘Èske m ap gen ase kòb pou m viv lè m pran retrèt?’ Gen anpil moun ki konn ap reflechi konsa e sa vin fè yo fou dèyè lajan paske yo panse lajan kapab pwoteje yo.

      5. Nan ki sans “pouvwa richès genyen” an kapab twonpe moun?

      5 Jezi te pale tou de “pouvwa richès genyen pou l twonpe moun”. Pouvwa sa a met ansanm ak enkyetid kapab toufe Pawòl la. Labib fè konnen ‘lajan ka pwoteje w’. (Ekl. 7:12.) Men, yon moun k ap kouri dèyè lajan pa gen sajès lakay li. Gen anpil moun ki rann yo kont plis yo kouri dèyè lajan se plis yo vin materyalis. Gen kèk nan yo ki menm vin esklav lajan. — Mat. 6:24.

      6, 7. a) Ki jan travay ou kapab fè w vin materyalis? b) Ki bagay yon kretyen pa ta dwe bliye lè patwon l mande l pou l fè siplemantè nan travay li?

      6 Yon moun ka anvi vin rich san l pa t gen sa nan tèt li. Men yon egzanp: Patwon w lan vin kote w e l di w: “M gen yon bon nouvèl pou ou! Konpayi an jwenn yon gwo kontra. Sa vle di, nan mwa k ap vini yo, w ap bezwen fè siplemantè pi souvan. Men, m ba w garanti w ap byen touche.” Ki jan w t ap reyaji nan sitiyasyon sa a? Se vre, pran swen fanmi w nan domèn materyèl se yon gwo responsablite, men, se pa sa sèlman w genyen kòm responsablite (1 Tim. 5:8). Gen yon bann lòt bagay ou bezwen sonje. Pa egzanp, konbyen tan w pral pase ap fè siplemantè? Èske travay ou a pap pran sou tan w konn pase nan aktivite espirityèl yo tankou asiste reyinyon ak fè adorasyon an fanmi?

      7 Anvan w pran desizyon pou w fè travay siplemantè a, èske w ta dwe ap reflechi sou kantite kòb ou pral gen sou kanè w, oswa w ta dwe ap reflechi sou efè sa pral genyen sou aktivite espirityèl ou yo? Si w ap chèche fè plis lajan, èske sa pap fè w sispann bay Wayòm nan premye plas nan lavi w? Èske w wè ki jan materyalis ka fè w neglije sante espirityèl ou ak sante espirityèl fanmi w? Si se nan sitiyasyon sa a ou ye, ki jan w kapab kenbe fèm epi veye kò w pou w pa kite materyalis toufe w? — Li 1 Timote 6:9, 10.

      8. Ki egzanp nou jwenn nan Bib la ki kapab ede nou byen egzamine tèt nou?

      8 Pou nou pa kite materyalis toufe nou, n ap bezwen egzamine tèt nou detanzantan. Pinga nou janm vin menm jan ak Ezayi ki te montre li meprize bagay espirityèl yo nan aksyon li te poze (Jen. 25:34; Ebre 12:16). E se sèten nou pa ta renmen aji menm jan ak jennonm ki te rich la, jennonm Jezi te mande pou l vann byen l yo, bay pòv kòb la epi vin suiv li a. Olye jennonm sa a te fè sa, li te “ale byen tris, paske li te gen anpil byen”. (Mat. 19:21, 22.) Piske jennonm sa a te renmen lajan, li te pèdi gwo privilèj li te jwenn pou l vin disip Jezi Kris, Moun ki pi enpòtan ki te pase sou tè a. Annou tout veye kò nou pou n pa rate privilèj nou genyen pou n vin disip Jezi Kris!

      9, 10. Ki sa Bib la di sou bagay materyèl yo?

      9 Si nou pa vle enkyete nou twòp pou bagay materyèl, nou dwe koute konsèy Jezi te bay lè l te di: “Pa janm bay tèt nou pwoblèm pou n ap di: ‘Ki sa n ap manje?’ ‘Ki sa n ap bwè?’ ‘Ki sa n ap met sou nou?’ Paske, se dèyè tout bagay sa yo nasyon yo ap kouri ak tout fòs. Alòske, Papa nou ki nan syèl la konnen nou bezwen tout bagay sa yo.” — Mat. 6:31, 32; Lik 21:34, 35.

      10 Olye nou kite pouvwa richès genyen pou l twonpe moun nan pran nou nan pyèj, pito nou fè efò pou n wè bagay yo menm jan ak Agou, yon ekriven biblik, ki te di: “Pa fè m ni rich ni pòv. Ban m kantite manje mwen bezwen pou m viv la.” ​(Pwo. 30:8). Vrèmanvre, Agou te konnen lajan bay pwoteksyon, men, li te konnen tou richès gen pouvwa pou l twonpe moun. Nou bezwen konnen enkyetid ki gen nan sistèm sa a ak pouvwa richès genyen pou l twonpe moun nan kapab fè nou pèdi bon relasyon nou ak Jewova. Si n ap enkyete nou twòp pou bagay materyèl, sa ka pran tout tan nou, sa ka souse tout fòs nou epi fè nou pa gen enèji pou n bay tout nou menm nan travay Wayòm nan. Kidonk, annou pran detèminasyon pou n pa kite Satan pran nou nan pyèj pou nou vin materyalis! — Li Ebre 13:5.

      ADILTÈ TANKOU YON TWOU KI BYEN KACHE

      11, 12. Ki jan yon kretyen ka rive tonbe nan adiltè ak yon moun k ap travay menm kote avè l?

      11 Lè chasè yo vle pran yon bèt ki gen fòs, yo ka fouye yon twou sou yon wout bèt la abitye pase. Yo konn kouvri twou a ak branch bwa epi yo mete tè sou li pou bèt la pa wè l. Gen yon tantasyon Satan itilize ki sanble tèt koupe ak pyèj sa a, e se nan tantasyon sa a moun plis tonbe. Nou vle pale de imoralite (Pwo. 22:14; 23:27). Gen kretyen ki tonbe nan twou sa a lè yo met tèt yo nan yon sitiyasyon kote li vrèman fasil pou yo fè konpwomi. Gen kèk kretyen ki marye ki fè adiltè paske yo te vin gen yon relasyon santimantal ak yon lòt moun.

      12 Yon kretyen ka vin gen yon relasyon santimantal ki pa kòrèk ak yon moun k ap travay menm kote avè l. Dapre rechèch ki fèt, sou chak 100 fi ki tonbe nan adiltè, plis pase 50 ladan yo te fè sa ak yon moun nan travay yo, e sou chak kat gason ki tonbe nan adiltè, twa ladan yo te fè sa ak yon moun nan travay yo. Èske travay w ap fè a mande pou w travay menm kote ak lòt moun ki pa menm sèks avè w? Si se ka pa w, ki kalite relasyon w gen ak moun sa yo? Èske w fè atansyon pou relasyon w ak moun sa yo chita sou travay la sèlman e pou l pa ale pi lwen? Ann pran yon egzanp. Yon sè ki abitye pale ak yon mesye k ap travay menm kote avè l gendwa tonbe rakonte mesye a vi prive l, li gendwa menm rakonte l pwoblèm li jwenn nan maryaj li. Yon lòt bò, yon frè ki vin zanmi ak yon dam k ap travay menm kote avè l ta kapab vin ap reflechi konsa: “Li bay opinyon m anpil valè, li vrèman koute m lè m ap pale avè l, mete sou sa, li apresye m. Ala kontan m t ap kontan si se konsa sa te ye lakay!” Èske w wè ki jan yon kretyen ki nan yon sitiyasyon konsa kapab tonbe nan adiltè?

      13. Ki jan yon moun marye ka vin gen yon relasyon santimantal ak yon moun nan kongregasyon an?

      13 Yon moun ki marye ka vin gen relasyon santimantal ak yon moun nan kongregasyon an tou. Men yon bagay ki te pase toutbon. Daniel ak madanm li, Saraha, t ap sèvi kòm pyonye pèmanan. Daniel te fè konnen li se “yon ansyen ki pa janm refize okenn privilèj”. Li te toujou chofe pou l pran nenpòt privilèj yo ba li. Daniel t ap etidye ak senk jèn gason e gen twa ladan yo ki te deja batize. Frè sa yo ki te fèk batize te bezwen anpil èd. Pandan Daniel te okipe nan divès aktivite nan kongregasyon an, Sarah te konn ede mesye sa yo souvan. Men sa k te vin rive: Lè mesye sa yo te bezwen yon moun pou remonte moral yo, Sarah te la, lè Sarah te bezwen atansyon, mesye yo te la. Se konsa yon move pyèj te pare pou yo. Men sa Daniel di: “Chak mwa, madanm mwen pase yon bann tan ap ede lòt moun. Sa te fè l vin febli nan domèn espirityèl e li te bezwen pou yo remonte moral li. Mete sou sa, piske m pa t gen tan pou li, gen yon move bagay ki te vin rive. Madanm mwen te fè adiltè ak youn nan etidyan m yo. Devan je m nan, madanm mwen te degrengole nan domèn espirityèl. Mwen te tèlman okipe, m pa t wè sa.” Ki jan w ka veye kò w pou malè sèk sa a pa rive w?

      14, 15. Ki sa k kapab ede kretyen ki marye yo pou yo pa tonbe nan adiltè?

      14 Pou n pa tonbe nan adiltè, nou bezwen reflechi sou angajman nou te pran lè n t ap marye a. Men sa Jezi te di: “Sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l.” ​(Mat. 19:6). Pinga w janm panse privilèj ou genyen nan kongregasyon an gen plis enpòtans pase moun ou marye avè l la. Mete sou sa, fè atansyon pou w pa plede ap fè yon bann aktivite ki pa enpòtan ki ka fè w pa pase tan ak moun ou marye avè l la. Si w ta fè sa, sa ka montre gen yon pwoblèm nan maryaj ou. Sa ka menm lakòz ou menm oswa moun ou marye avè l la fè yon peche ki grav.

      15 Si w se yon ansyen, e twoupo a menm? Men sa apot Pyè te ekri: “Pran swen twoupo Bondye ki sou kont nou an. Pa fè sa nan fòse, men fè sa ak tout kè nou. Pa fè sa paske n ap chèche jwenn avantaj nan move kondisyon, men fè sa avèk anpresman.” ​(1 Pyè 5:2). Antanke ansyen, ou dwe pran swen frè ak sè yo. Men, pandan w ap fè sa, ou pa ta dwe bliye wòl ou genyen antanke mari. Sa pa t ap gen sans ditou pou w ap bay frè ak sè yo tout tan w epi pou w kite madanm ou ap mouri grangou nan domèn espirityèl. Si w ta fè sa, sa ta kapab bay gwo pwoblèm. Men sa Daniel di: “Ou pa dwe janm kite aktivite w genyen nan kongregasyon an fè w pa pran swen fanmi w!”

      16, 17. a) Ki bagay yon kretyen ki marye ka fè kote l ap travay la pou l montre aklè li pa nan relasyon santimantal ak okenn moun? b) Bay kèk peryodik ki ka ede kretyen ki marye yo pou yo pa tonbe nan adiltè.

      16 Kretyen ki marye yo kapab jwenn anpil bon konsèy nan Toudegad ak Réveillez-vous! k ap ede yo veye kò yo pou yo pa tonbe nan adiltè ki se yon pyèj. Pa egzanp, men yon konsèy yo bay nan Toudegad 15 septanm 2006 la: “Kit se kote w ap travay, kit se yon lòt kote, fè atansyon ak sitiyasyon ki ka favorize entimite. Pa egzanp, fè travay siplemantè ak yon moun ki pa menm sèks avèk ou kapab kreye tantasyon. Antanke moun marye, kit ou se fi, kit ou se gason, ou ta dwe [montre] yon fason klè nan pawòl ou ak nan konduit ou, [ou pa enterese gen yon relasyon santimantal ak okenn moun]. Antanke moun ki toujou vle gen atachman pou Bondye, ou pap vle atire atansyon sou ou nan flète oswa pa mwayen yon teni ak yon kwafi ki pa modès [...] Lè w gen foto konjwen w ak pitit ou kote w ap travay la, sa ka sèvi kòm rapèl ni pou ou ni pou lòt moun, e sa ap montre ou bay fanmi w anpil enpòtans. Se pou w detèmine pou w pa janm ankouraje ni menm tolere lòt moun fè w avans.”

      17 Nan Réveillez-vous! avril 2009 la, gen yon atik ki rele, “La fidélité conjugale: que signifie-t-elle vraiment?” Nan atik sa a, yo avèti nou pou nou veye kò nou pou n pa imajine n ap fè sèks ak yon moun nou pa marye avè l. Atik sa a montre lè yon moun gen panse konsa nan lespri l, l ap pi fasil pou l tonbe nan adiltè (Jak 1:14, 15). Si w marye, li t ap saj pou ou menm ak moun ou marye avè l la pran ti tan pou nou gade enfòmasyon sa yo detanzantan. Maryaj se yon bagay ki sakre e se Jewova li menm ki vin avè l. Lè w pran tan pou w pale ak mari w oswa ak madanm ou sou maryaj ou, ou montre bagay sakre yo gen valè pou ou. — Jen. 2:21-24.

      18, 19. a) Ki sa adiltè ka lakòz? b) Ki byenfè moun marye yo jwenn lè yo rete fidèl youn ak lòt?

      18 Si w santi w anvi gen yon relasyon santimantal ki pa kòrèk ak yon moun, reflechi sou move konsekans fònikasyon ak adiltè ka genyen (Pwo. 7:22, 23; Gal. 6:7). Moun ki fè imoralite yo pa fè Jewova plezi e yo fè ni tèt yo ni moun ki marye avèk yo a mal. (Li Malaki 2:13, 14.) Yon lòt bò, reflechi sou byenfè yon moun jwenn lè l pa lage kò l nan imoralite. Nonsèlman li gen esperans pou l viv pou toutan, men tou, depi kounye a, l ap kapab viv pi byen e l ap gen yon konsyans ki klè. — Li Pwovèb 3:1, 2.

      19 Men sa yon salmis te di: “Moun ki renmen lalwa ou la ap viv ak kè poze. Pa gen anyen ki pou fè yo bite.” ​(Sòm 119:165). Kidonk, nan tan difisil n ap viv ladan l lan, nou bezwen renmen laverite e nou bezwen “byen veye sou fason n ap mache a, pou nou pa mache tankou moun ki pa saj, men pou nou mache tankou moun ki saj”. (Efe. 5:15, 16.) Satan tann yon pakèt pyèj sou wout moun k ap adore Jewova toutbonvre yo. Men, Jewova ban nou tout sa nou bezwen pou nou pwoteje tèt nou, pou nou “kenbe fèm” e pou nou “etenn tout flèch mechan an ap voye tou limen sou nou” yo. — Efe. 6:11, 16.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje