Yo te ofri tèt yo volontèman — Nan Mikwonezi
KATHERINE te grandi nan peyi Etazini, e lè l te gen 16 an li te batize antanke Temwen Jewova. Li te pran ministè l oserye, men, pa t gen anpil moun ki te byen reyaji nan zòn li te konn preche a. Men sa l di: “Mwen te li plizyè eksperyans konsènan moun ki te priye Bondye pou Bondye te voye yon moun vin ede yo aprann konnen l. Byen souvan, mwen te konn swete rankontre yon moun konsa, men, sa pa t janm rive.”
Apre Katherine te fin pase plizyè ane ap preche nan menm tèritwa a, li te kòmanse panse al sèvi yon kote ki gen plis moun ki t ap byen reyaji devan mesaj Wayòm nan. Sepandan, li t ap mande tèt li si li t ap kapab fè sa vre. Premye fwa nan lavi l li te deplase al viv lwen fanmi l, li te fè de semèn sèlman, e lè sa a, li te anvi tounen lakay li chak jou. Poutan, gwo dezi li te genyen pou l goute jwa moun jwenn lè yo ede lòt moun k ap chèche Jewova, te konvenk li pou l deplase. Apre l te fin reflechi sou plizyè kote l te ka al sèvi, li te ekri filyal peyi Gwanm nan e li te resevwa enfòmasyon li te bezwen yo. An jiyè 2007, lè sa a Katherine te gen 26 an, li t al sèvi Saypan, yon zile nan Oseyan Pasifik, ki nan yon distans anviwon 10 000 kilomèt parapò ak lakay li. Ki rezilta l te jwenn?
YON REPONS POU DE PRIYÈ
Yon ti tan apre Katherine te rive nan nouvo kongregasyon l lan li te rankontre Doris, yon dam ki gen anviwon 45 an, ki te aksepte yon etid Labib. Apre Katherine te fin etidye twa premye chapit nan liv Sa Labib anseye a avèk Doris, li te vin ap enkyete l. Men sa l fè konnen: “Doris te vrèman yon bon etidyan, men, mwen te santi m pa alawotè. Mwen pa t janm konn kondui yon etid biblik regilyèman e m te panse Doris bezwen yon sè ki gen plis eksperyans pou etidye Labib avè l, petèt yon moun ki nan laj li.” Katherine te priye Jewova pou l ede l jwenn yon sè ki t ap pi byen plase pou fè etid la. Apre sa, li te deside met Doris okouran konsènan entansyon l te genyen pou l fè yon lòt moun etidye ansanm avè l.
Men sa Katherine fè konnen: “Anvan menm mwen te abòde sijè a, Doris te di m li bezwen pale avè m sou yon pwoblèm li genyen. Apre m te fin koute l, mwen te di l jan Jewova te ede m fè fas ak yon sitiyasyon konsa nan lavi m. Li te remèsye m.” Epi Doris te di Katherine: “Jewova itilize w pou w ede m. Premye jou ou te vin lakay mwen an, mwen te deja ap li Labib pandan plizyè èdtan. Mwen t ap kriye epi m t ap mande Bondye pou l voye yon moun vin ede m konprann Bib la. Annapre, ou frape pòt mwen. Jewova te reponn priyè m!” Dlo t ap koule nan je Katherine pandan Doris t ap rakonte l sa k te pase a. Men sa Katherine di: “Pawòl Doris yo se te repons priyè m. Jewova te montre m gen kapasite pou m kontinye fè etid la.”
Doris te batize an 2010, e kounye a l ap kondui plizyè etid biblik. Men sa Katherine fè konnen: “Se pa ti rekonesan mwen rekonesan [anvè Jewova] dèske rèv mwen te genyen depi lontan pou m te ede yon moun ki gen kè sensè vin sèvi Jewova a reyalize!” Jodi a, Katherine kontan sèvi kòm pyonye espesyal nan yon zile nan Oseyan Pasifik la ki rele Kosre.
TWA DIFIKILTE: FASON POU N FÈ FAS AK YO
Gen plis pase 100 frè ak sè ki soti nan lòt peyi (ki ant 19 a 79 an) ki t al sèvi kote ki gen bezwen plis pwoklamatè nan Mikwonezi. Erica, se youn nan pwoklamatè zele ki t al Gwanm an 2006 lè l te gen 19 an. Li te montre santiman tout pwoklamatè ki te deplase yo te genyen lè l te di pawòl sa yo: “Li enteresan anpil pou yon pyonye preche nan yon tèritwa kote moun yo swaf laverite. Mwen kontan anpil paske Jewova te ede m pran fòm sèvis sa a. Se pi bon fason yon moun te ka viv!” Jodi a, Erica kontan sèvi antanke pyonye espesyal, nan Ebeye ki sou zile Machal. Sandout, lè yon moun deplase al sèvi nan lòt peyi l ap jwenn difikilte tou. Ann fè yon ti pale sou twa ladan yo epi ann wè kòman pwoklamatè ki t al sèvi Mikwonezi yo te fè fas ak yo.
Erica
Fason moun viv. Apre Simon, ki gen 22 an, te rive nan zile Palo an 2007, byen vit li te gentan konprann sa l t apral touche a se t ap sèlman yon yota nan sa l t ap touche nan peyi Angletè a. Men sa Simon te fè konnen: “Mwen te vin aprann pou m pa t achte tout sa m te vle. Kounye a, mwen byen chwazi kalite manje pou m achte, e mwen veye okazyon pou m achte bagay ki gen pi bon pri yo. Lè m gen yon bagay ki kraze, mwen chèche pyès dezyèm men epi m eseye jwenn yon moun ki ka ede m repare l.” Lefètke Simon te oblije viv yon fason ki senp, ki efè sa te gen sou lavi l? Men sa l di: “Sa te ede m aprann wè ki bagay ki vrèman nesesè pou yon moun viv e ki jan m ka viv avèk sa m gen nan men m. Jewova te montre aklè li gen sousi pou mwen nan plizyè okazyon. Pandan setan mwen fè ap sèvi isit la, mwen toujou jwenn manje pou m manje e m toujou jwenn yon kote pou m dòmi.” Vrèmanvre, Jewova ede moun k ap mennen yon vi senp yo paske yo vle chèche Wayòm nan an premye. — Mat. 6:32, 33.
Anvi retounen lakay. Men sa Erica di: “Mwen menm ak fanmi m vrèman pwòch youn ak lòt, e m t ap enkyete m paske m pa t vle pou anvi mwen te ka genyen pou m retounen lakay gen efè sou ministè m.” Ki sa Erica te fè pou l te prepare l pou sa? Men sa l fè konnen: “Anvan m te deplase, mwen te li atik Toudegad ki te pale konsènan anvi moun konn genyen pou yo retounen lakay yo. Sa te vrèman ede m prepare kè m pou m fè fas ak difikilte sa a. Nan youn nan atik yo, gen yon manman ki te bay pitit fi l asirans Jewova ap pran swen l, lè l te di l ‘Jewova kapab pran swen w pi byen pase m’. Pawòl sa a te vrèman ban m fòs.” Hannah ansanm ak Patrick, mari l, ap sèvi Majuro nan zile Machal. Hannah te rive fè fas ak anvi l te genyen pou l te retounen lakay li lè l te ret konsantre sou frè ak sè ki nan kongregasyon l lan. Men sa l di: “Mwen toujou ap remèsye Jewova pou fanmi entènasyonal nou an paske yo se fanmi m tou. Si yo pa t ban m bonjan èd, mwen pa t ap janm rive sèvi kote ki gen bezwen plis pwoklamatè.”
Simon
Fè zanmi. Men sa Simon di: “Lè w fèk rive nan yon peyi, ou wè tout bagay diferan. Pafwa, mwen santi m raz dèske m pa ka bay blag e dèske moun pa fin byen konprann sa m ap di.” Men sa Erika di: “Okòmansman, mwen te santi m poukont mwen, men, sa te ede m reflechi sou rezon ki te fè m vin isit la. Mwen pa t deplase pou enterè pèsonèl mwen men mwen te deplase pou m te ka fè plis pou Jewova.” Men sa Erika fè konnen ankò: “Tank tan t ap pase, mwen te vin gen anpil bon zanmi, yon seri zanmi mwen te renmen anpil.” Simon te fè anpil efò pou l te aprann lang palo a, ki te pèmèt li “ouvri kè” l byen laj pou frè ak sè kote l t ap sèvi a (2 Kor. 6:13). Lefètke l t ap fè efò pou l te aprann lang nan, sa te fè frè yo renmen l. Vrèmanvre, lè moun k al sèvi yo travay kòtakòt ak frè ak sè nan zòn kote y ap sèvi a, yo toule de vin jwi yon amitye sere sere nan kongregasyon an. Ki lòt rekonpans moun ki ofri tèt yo volontèman yo jwenn lè y al sèvi kote ki gen bezwen plis pwoklamatè?
“REKÒLTE ANPIL”
Men sa apot Pòl te di: “Moun ki simen anpil ap rekòlte anpil tou.” (2 Kor. 9:6). Se sèten, nou ka aplike prensip ki nan pawòl sa a tou ak moun k ap chèche fè plis nan ministè yo. Ki sa yo “rekòlte anpil” nan Mikwonezi?
Patrick ak Hannah
Nan Mikwonezi, toujou gen anpil posiblite pou moun kòmanse etid biblik e pou yo wè jan moun k ap aprann verite ki soti nan Pawòl Bondye a e k ap aplike laverite sa a nan lavi yo, ap fè pwogrè nan domèn espirityèl. Patrick ak Hannah te preche nan Angaur tou, yon ti zile ki gen 320 moun k ap viv ladan l. Apre yo te fin fè twa mwa ap preche la, yo te rankontre yon manman k ap leve pitit li poukont li. Li te aksepte yon etid biblik menm kote a, li te aksepte laverite byen vit, e l te fè gwo chanjman nan lavi l. Men sa Hannah di: “Chak fwa nou t ap kite kay la sou bisiklèt apre n fin fè etid la, nou youn te konn gad lòt e nou te konn di: ‘Mèsi Jewova!’” Men sa Hannah di ankò: “Mwen konnen Jewova t ap atire dam sa a vin jwenn li yon fason oswa yon lòt, men lefètke m ap sèvi kote ki gen bezwen plis pwoklamatè, nou te kapab jwenn yon moun ki tankou mouton epi ede l pou l aprann konnen Jewova. Sa a se youn nan pi bèl eksperyans nou te kontan fè nan tout vi nou!” Tankou Erica di, “lè w ede yon moun vin konnen Jewova, ou jwenn yon jwa ou pa ka esplike!”
ÈSKE W KA PATISIPE?
Anpil peyi gen bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan. Èske w ka pami moun k ap deplase pou al sèvi kote yo bezwen èd? Mande Jewova nan lapriyè pou l ede w ranfòse dezi w genyen pou w chèche fè plis nan ministè w. Pale sa ak ansyen ki nan kongregasyon w lan, ak siveyan sikonskripsyon an, oswa moun ki te gen privilèj sèvi yon kote yo bezwen èd. Lè w kòmanse fè yon plan, ou ka ekri filyal ki responsab tèritwa kote ou ta renmen al sèvi a, epi mande plis enfòmasyona. Petèt, ou menm tou ou kapab vin pami plizyè milye frè ak sè, jèn kou granmoun, selibatè kou moun marye, ki ofri tèt yo volontèman e k ap goute lajwa moun jwenn lè yo “rekòlte anpil”.
a Gade atik ki gen tit “Èske w ka ‘vin Masedwàn’?” nan ki te parèt nan Ministè Wayòm out 2011 lan.