-
Èske w santi w pwòch ak Bondye?Toudegad — 2014 | 1ye desanm
-
-
SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | OU KA PWÒCH AK BONDYE
Èske w santi w pwòch ak Bondye?
“Lè w gen bon relasyon ak Bondye sa fè w santi w an sekirite, ou santi ou se yon moun total epi w djanm. Se kòmsi Bondye toujou ap chèche sa ki pi bon pou ou.” — CHRISTOPHER, YON JÈN GASON NAN PEYI GANA.
“Bondye wè w nan tout dezolasyon w, li ba ou plis lanmou ak plis atansyon pase sa ou ta ka mande l.” — HANNAH, 13 AN, ALASKA, ETAZINI.
“Lè yon moun konnen li gen bon relasyon ak Bondye se santiman ki pi presye li ta ka genyen e sa fè l santi l pi anpè!” — GINA, YON JAMAYIKÈN KI NAN KARANTÈN LI.
Se pa Christopher, Hannah ak Gina sèlman ki santi yo konsa. Gen anpil moun toupatou sou tè a ki gen konviksyon Bondye konsidere yo kòm zanmi l. E ou menm? Èske w santi w pwòch ak Bondye? Oubyen èske w ta renmen pwòch ak li oswa ou ta renmen pi pwòch ak li? Petèt w ap mande tèt ou: ‘Èske li vrèman posib pou yon senp imen gen bon relasyon ak Bondye Toupisan an? Si wi, kòman l ap rive fè sa?’
LI POSIB POU W VIN PWÒCH AK BONDYE
Dapre Bib la, li posib pou w gen bon relasyon ak Bondye, yon relasyon pèsonèl. Bib la fè konnen Bondye te rele Abraram, yon patriyach ebre, ‘zanmi li’. (Ezayi 41:8.) Anplis de sa, gade yon bèl envitasyon nou jwenn nan Jak 4:8 la: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” Kidonk, sa klè, li posib pou w gen bon relasyon ak Bondye, e pou w vin bon zanmi l. Men, piske Bondye envizib, ki jan w ka “pwoche” bò kote l pou w ka gen bon relasyon avè l?
Pou n reponn kesyon sa a, ann egzamine sa lèzòm fè pou yo vin zanmi antre yo. An jeneral, lè de moun fèk rankontre, youn bay lòt non yo. Apre sa, toutpandan youn ap kominike ak lòt regilyèman, yo pataje panse yo ak santiman yo genyen, konsa, amitye yo ap grandi. Ansuit, lè yo fè tout sa yo kapab pou youn rann lòt sèvis, amitye yo vin pi solid. Se menm bagay la tou pou yon moun vin gen bon relasyon ak Bondye. Annou wè ki jan sa fèt.
-
-
Èske w konn non Bondye epi w itilize l?Toudegad — 2014 | 1ye desanm
-
-
SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | OU KA PWÒCH AK BONDYE
Èske w konn non Bondye epi w itilize l?
Èske w sonje yon bon zanmi ou genyen ou pa konn non l? Petèt ou pa sonje. Irina, yon dam ki soti nan peyi Bilgari, te fè konnen “li pa posib pou yon moun pwòch ak Bondye si l pa konnen non Bondye”. Erezman, jan atik ki vin anvan an te montre sa, Bondye vle ou pwoche bò kote l. Se sa k fè, Bondye sèvi ak Bib la pou l prezante tèt li ba ou lè l di: “Mwen se Jewova. Sa se non mwen.” — Izayi 42:8, NW.
Bondye sèvi ak Bib la pou l prezante tèt li ba ou lè l di: “Mwen se Jewova. Sa se non mwen.” — Izayi 42:8, NW.
Kit ou konn non Jewova epi w itilize l, kit ou pa konn non l epi w pa itilize l, èske sa vrèman gen enpòtans pou Jewova? Fè yon ti reflechi: Nan tèks orijinal Liv ki te ekri ann ebre yo, non Bondye parèt anviwon 7 000 fwa, yo ekri l ak kat konsòn ebre e yo rele yo tetragram. Nan Bib la, yo site non Bondye pi souvan pase tout lòt non. Se sèten, egzanp sa a montre aklè Bondye vle nou konnen non l e li vle nou itilize la.
Pou de moun vin zanmi, premye bagay yo fè youn aprann konnen non lòt. Èske w konnen non Bondye?
Sepandan, gen kèk moun ki panse lefètke Bondye Sen e li Toupisan, si nou itilize non l n ap montre nou pa gen respè pou li. Natirèlman, li t ap mal pou n ta sèvi ak non Bondye yon fason ki endiy menm jan li pa t ap bon pou n ta mal sèvi ak non yon bon zanmi nou. Sepandan, se Jewova ki vle pou moun ki renmen l yo onore non l e pou yo fè lòt moun konnen non sa a (Sòm 69:30, 31; 96:2, 8). Sonje Jezi te anseye disip li yo pou yo priye: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen.” Nou ka sangtifye non Bondye lè nou fè lòt moun konnen non sa a. Si nou fè sa, n ap vin pi pwòch avè l. — Matye 6:9.
Bib la fè konnen Bondye bay “moun k ap panse a non l” [oswa petèt ki bay non l “anpil valè”] yon atansyon espesyal (Malaki 3:16, NW). Men sa Jewova pwomèt moun sa a: “M ap pwoteje l paske l konnen non mwen. L ap rele mwen, epi m ap reponn li. M ap avèk li nan detrès li.” (Sòm 91:14, 15; NW). Si nou vle gen bon relasyon avèk Jewova, li vrèman enpòtan pou nou konnen non l e pou nou itilize l.
a Malerezman, gen anpil tradiksyon Labib ki pa gen non Bondye ladan yo malgre non sa a se non ki parèt pi souvan nan Liv ki te ekri ann ebre yo. Gen moun ki rele Liv sa yo Ansyen Testaman. Nan tradiksyon sa yo, yo ranplase non Bondye ak kèk tit tankou “Seyè”, “Letènèl” oswa “Bondye”. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou sijè sa a, gade paj 195-197 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.
-
-
Èske w kominike ak Bondye?Toudegad — 2014 | 1ye desanm
-
-
SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | OU KA PWÒCH AK BONDYE
Èske w kominike ak Bondye?
Kit se fasafas oubyen nan telefòn, nan imel, nan videyo oswa nan lèt, moun ki bon zanmi kominike youn ak lòt chak fwa sikonstans yo pèmèt sa. Kidonk, pou nou ka pwòch ak Bondye, nou bezwen kominike avèk li regilyèman. Men, kòman n ap rive fè sa?
Nou kapab pale ak Bondye nan lapriyè. Sepandan, lè n ap priye Bondye se pa tankou yon senp konvèsasyon n ap fè ak yon moun parèy nou. Lè n ap priye, nou dwe rekonèt n ap pale ak Kreyatè a, Bondye ki sèl Chèf tout linivè a. Sa dwe motive nou pou nou priye Bondye ak yon pwofon respè e pou nou onore li. Pou Bondye koute priyè nou yo, nou dwe obeyi kèk bagay byen presi li mande nou tou. Annou pale de twa nan bagay sa yo.
Premyèman, se Jewova sèl nou dwe priye, nou pa dwe priye ni Jezi ni yon “sen”, ni yon imaj (Egzòd 20:4, 5). Bib la di aklè: “Fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon ansanm ak remèsiman.” (Filipyen 4:6). Dezyèmman, nou dwe priye Bondye nan non Jezi Kris, Pitit li a. Men sa Jezi te esplike: “Pèsonn pap vin jwenn Papa a si l pa pase pa mwen menm.” (Jan 14:6). Twazyèmman, priyè nou yo dwe ann amoni ak volonte Bondye. Bib la fè konnen: “Kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande noua.” — 1 Jan 5:14.
Moun ki bon zanmi renmen kominike youn ak lòt chak fwa sa posib.
Natirèlman, yon bon relasyon pap dire si se yon sèl moun ki toujou ap pale. Menm jan moun ki zanmi renmen kominike youn ak lòt, se menm jan an tou, nou dwe kite Bondye pale avè n e nou dwe koute l lè l ap pale avè n. Èske n konnen fason Bondye pale avèk nou?
Jodi a, Jewova sèvi ak Bib la, Pawòl li te fè ekri a, pou l “pale” avè n (2 Timote 3:16, 17). Poukisa nou di sa? Ann pran yon egzanp: Imajine yon bon zanmi w ekri w yon lèt. Apre w fin li lèt la, ou gendwa chofe pou w di lòt moun: “Mwen fèk pran nouvèl zanmi m nan!” Epoutan, se pa pale zanmi w lan te pale pou l te kominike avè w, men se ekri li te ekri w. Menm jan an tou, lè w li Bib la, se kite ou kite Jewova pale avè w. Se sa k fè, Gina, nou te pale de li nan premye atik la, fè konnen: “Mwen panse si m vle Bondye konsidere m kòm zanmi l, mwen dwe egzamine ‘lèt’ li ekri nou an, sètadi Bib la.” Men sa li ajoute: “Lefètke m li Bib la chak jou, sa fè m vin pi pwòch ak Bondye.” Èske w kite Jewova pale avè w chak jou lè w li Pawòl li a, anpalan de Bib la, chak jou? Lè w fè sa, sa ap ede w santi w pi pwòch ak Bondye.
a Pou w jwenn plis enfòmasyon sou fason pou w pwoche bò kote Bondye nan lapriyè, gade chapit 17 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.
-
-
Èske w fè sa Bondye mande?Toudegad — 2014 | 1ye desanm
-
-
SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | OU KA PWÒCH AK BONDYE
Èske w fè sa Bondye mande?
“Kèlkeswa sa w ta renmen, annik di m e m ap kontan fè l pou ou.” Petèt ou t ap ezite di yon moun ou pa konnen ditou oubyen yon moun ou apèn konnen pawòl sa yo. Men, ou ka pa gen okenn pwoblèm pou w ta di yon moun ki bon zanmi w pawòl sa yo. Natirèlman, moun ki bon zanmi gen tandans fè sa youn mande lòt fè.
Bib la fè konnen Jewova toujou fè sa li konnen k ap fè adoratè l yo plezi. Pa egzanp, men sa David, yon wa ki te gen bon relasyon ak Bondye, te di: “Ou fè anpil bagay, o Jewova Bondye mwen an, wi, travay estrawòdinè w yo ak panse ou genyen pou nou yo [...] yo vin pi plis pase sa mwen kapab rakonte.” (Sòm 40:5, NW). Mete sou sa, Jewova menm fè moun ki pa konnen l plezi, ‘li ba yo anpil manje e li ranpli kè yo ak lajwa’. — Travay 14:17.
Nou kontan rann moun nou renmen e nou respekte yo sèvis.
Piske Jewova renmen fè lòt moun plezi, li toutafè rezonab pou moun ki vle zanmi l yo fè sa k ap fè ‘kè l kontan’. (Pwovèb 27:11.) Men, ki bagay sitou ou ka fè pou w fè Bondye plezi? Men repons Bib la bay: “Pa bliye fè byen, e pa bliye pataje sa nou genyen ak lòt moun, paske se nan sakrifis sa yo Bondye pran plezi.” (Ebre 13:16). Èske sa vle di yon moun ki fè sa ki byen epi ki pataje ak lòt moun fè tout sa ki nesesè pou l fè Jewova plezi?
Men sa Bib la di: “San lafwa, li enposib pou yon moun fè Bondye plezi.” (Ebre 11:6). Yon bagay pou nou note, sèke se apre “Abraram te mete lafwa l nan Jewova [...] yo te vin rele l ‘zanmi Jewova’”. (Jak 2:23.) Anplis de sa, Jezi Kris te mete aksan sou nesesite pou nou “demontre nou gen lafwa nan Bondye” si nou vle gen benediksyon Bondye (Jan 14:1). Kidonk, ki jan w ka rive gen kalite lafwa Bondye ap chèche lakay moun li atire yo? Pou w kòmanse, ou bezwen etidye Bib la, Pawòl Bondye a regilyèman. Lè w fè sa, w ap vin gen yon “konesans egzak sou volonte l”, e konsa, w ap aprann konnen fason pou w “fè l plezi nèt”. Apre sa, toutpandan konesans egzak ou gen sou Jewova a ap vin pi plis epi w ap aplike prensip li yo ki jis, lafwa w gen nan li ap ogmante epi Bondye ap vin pi pwòch avè w. — Kolosyen 1:9, 10.
-
-
Pa gen pi bon fason pou moun vivToudegad — 2014 | 1ye desanm
-
-
SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | OU KA PWÒCH AK BONDYE
Pa gen pi bon fason pou moun viv
Ki sa w ka fè pou w vin pwòch ak Bondye? Nou te egzamine kèk bagay ou ka fè pou w vin gen bon relasyon ak Bondye. Men yo:
Konnen non Bondye se Jewova, epi itilize l.
Kominike ak Jewova regilyèman lè w priye l ak lè w etidye Bib la, Pawòl li a.
Toujou fè sa k fè Jewova plezi.
Pwoche bò kote Bondye lè w sèvi ak non l, ou priye l, ou etidye Pawòl li a epi w fè sa k fè l plezi.
Dapre sa nou sot di la a, èske w t ap di ou fè sa ki nesesè pou w vin pwòch ak Bondye? Èske gen kèk domèn ou panse ou ka amelyore nan yo? Nòmalman, sa mande efò, men panse ak rezilta yo.
Men sa Jennifer k ap viv Etazini fè konnen: “Sa vo lapenn pou yon moun fè kèlkeswa efò sa mande pou l vin gen bon relasyon ak Bondye. Relasyon sa a pote anpil benediksyon: moun sa a vin gen plis konfyans nan Bondye, li vin pi byen konprann pèsonalite l, men sa k pi enpòtan an, li vin pi renmen Bondye. Pa gen pi bon fason pou moun viv!”
Si w ta renmen gen bon relasyon ak Bondye, Temwen Jewova yo ap kontan ede w. Yo ka fè aranjman avè w pou w fè yon etid biblik gratis. Anplis de sa, y ap byen kontan si w vin asiste reyinyon yo fè ki baze sou Bib la nan Sal Wayòm ki toupre lakay ou. Nan reyinyon sa yo, w ap ka pwofite konpayi moun ki bay relasyon yo gen ak Bondye a anpil valèa. Toutpandan w ap fè efò sa yo, ou menm tou, w ap vin santi w menm jan ak salmis la ki te di: “Kanta pou mwen, pwoche bò kote Bondye bon pou mwen.” — Sòm 73:28, NW.
a Pou w ka mande yon etid biblik oswa pou w ka jwenn yon Sal Wayòm ki toupre lakay ou, tanpri pale ak moun ki pote peryodik sa a pou ou a oswa ale sou sit wèb www.jw.org/ht epi gade anba soutit PRAN KONTAK AK NOU an ki nan fen paj la.
-