Pawòl Jewova a vivan
Pwen enteresan ki nan liv Malaki a
TRAVAY rekonstriksyon tanp lan nan Jerizalèm te fini nèt depi plis pase 70 an. Sepandan, avèk letan, espirityalite Juif yo te rive nan yon degre ki ba anpil. Menm prèt yo te vin kòwonpi. Kiyès ki t apral fè yo pran konsyans sou vrè eta yo te ye a e kiyès ki t apral fè efò pou l fè yo rejwenn espirityalite yo te gen anvan an ? Se pwofèt Malaki Jewova te konfye travay sa a.
Se Malaki ki te ekri dènye liv nan Ekriti ebrayik yo e li te ekri l nan yon stil konvenkan. Liv sa a gen pwofesi Bondye enspire ladan l. Si nou prete atansyon ak pawòl pwofetik ki nan liv Malaki a, sa ap ede nou prepare nou pou “ gran jou Jewova a ki bay lakrentif la ”, lè sistèm mechan ki la kounye a pral disparèt. — Malaki 4:5.
PRÈT YO TE “ LAKÒZ ANPIL MOUN TREBICHE ”
Jewova te eksprime santiman li genyen pou Izrayèl, li te di : “ Mwen renmen nou. ” Men prèt yo te meprize non Bondye. Kòman sa ? “ Yo mete pen kontamine sou lotèl [li] ” a e yo ofri l “ zannimo k ap bwete oswa ki malad ” kòm sakrifis. — Malaki 1:2, 6-8.
Prèt yo te “ lakòz anpil moun trebiche nan lalwa ”. Moun yo t ap “ aji an trèt youn avèk lòt ”. Gen moun ki te pran fi etranje pou madanm. Gen lòt ki te aji an trèt ak ‘ madanm yo te marye lè yo te jèn nan ’. — Malaki 2:8, 10, 11, 14-16.
Kesyon biblik ak tout repons :
2:2 — Nan ki sans Jewova te ‘ madichonnen benediksyon ’ prèt rebèl yo t ap bay ? Jewova te fè sa nan sans li te fè benediksyon prèt sa yo t ap bay tounen malediksyon.
2:3 — Ki sa ekspresyon “ gaye matyè fekal ” nan figi prèt yo vle di ? Selon Lalwa, yo te dwe jete matyè fekal bèt yo ofri an sakrifis yo deyò kan an e yo te dwe boule yo (Levitik 16:27). Jewova t ap gaye matyè fekal nan figi prèt yo, nan sans li t ap rejte sakrifis yo t ap fè, e moun ki t ap ofri sakrifis sa yo, li t ap meprize yo.
2:13 — Dlo nan je ki moun ki te kouvri lotèl Jewova a ? Se te dlo nan je medam ki te vin nan tanp sangtyè a, e ki te vide kè yo bay Jewova. Ki sa k te ba yo tout chagren sa yo ? Mari yo, ki te juif, te divòse avèk yo yon fason ilegal e mari yo te abandone yo, sanble pou yo te ka al marye ak fi etranje ki pi jèn.
Leson pou nou jodi a :
1:10. Jewova pa t pran okenn plezi nan ofrann prèt avid sa yo te ofri, prèt sa yo ki te mande pou yo peye yo pou nenpòt ti travay tou senp yo fè, tankou fèmen pòt oubyen limen dife sou lotèl la. Se pa ti enpòtan sa enpòtan pou nou kite se lanmou pou Jewova ak lanmou pou pwochen nou ki pouse nou fè tout aksyon n ap fè ni nan adorasyon n ap bay Bondye a, ni nan ministè a ! Pinga nou janm kite se lanmou pou lajan ki pouse nou fè bagay sa yo ! — Matye 22:37-39 ; 2 Korentyen 11:7.
1:14 ; 2:17. Jewova pa tolere ipokrizi.
2:7-9. Moun ki resevwa privilèj pou yo anseye nan kongregasyon an dwe asire yo sa y ap anseye a ann amoni ak Pawòl Bondye a, Ekriti sakre yo, e yo ann amoni ak piblikasyon “ esklav fidèl ki prevwayan an ” pibliye yo, piblikasyon ki baze sou Bib la. — Lik 12:42 ; Jak 3:11.
2:10, 11. Jewova atann pou moun k ap adore l yo pran konsèy li bay pou yo marye nan “ Seyè a sèlman ” an trèzoserye. — 1 Korentyen 7:39.
2:15, 16. Vrè adoratè Jewova yo dwe respekte alyans yo fè lè yo marye, alyans yo fè ak madanm yo genyen depi lè yo te jèn nan.
‘ VRÈ SEYÈ A AP VIN NAN TANP LI A ’
“ Toudenkou, vrè Seyè a [Jewova Dye] ” ap vin nan tanp li a ansanm ak “ mesaje alyans lan [Jezi kris] ”. Bondye ap “ pwoche bò kote [pèp li a] pou jijman an ”, e rapidman, l ap vin yon temwen kont tout kalite moun k ap fè mechanste. Anplis de sa, gen “ yon liv souvni ” ki ekri pou moun ki krenn Jewova yo. — Malaki 3:1, 3, 5, 16.
Jou ki “ cho tankou yon founèz la ” ap rive e l ap devore tout mechan. Anvan jou sa a rive, gen yon pwofèt y ap voye pou l “ fè kè papa tounen al jwenn pitit e kè pitit tounen al jwenn papa ”. — Malaki 4:1, 5, 6.
Kesyon biblik ak tout repons :
3:1-3 — Ki lè vrè Seyè a ansanm ak “ mesaje alyans lan ” te vin nan tanp lan, e ki moun yo te voye devan yo ? Jewova te sèvi ak yon reprezantan pou l vin nan tanp Li a e li te netwaye tanp lan jou ki te 10 Nizan ane 33 epòk nou an. Se nan okazyon kote Jezi te antre nan tanp lan e li te chase ni moun ki t ap achte ni moun ki t ap vann nan tanp lan (Mak 11:15). Sa te rive twazan edmi apre Jezi te fin wenn antanke Wa Bondye chwazi. Menm jan an tou, sanble twazan edmi apre Jezi te fin entwonize antanke Wa nan syèl la, li menm ak Jewova te vin nan tanp espirityèl la e yo te jwenn pèp Jewova a bezwen netwaye. Nan premye syèk la, yo te voye Jan Batis prepare Juif yo pou Jezi Kris ki t apral vini. Nan epòk pa nou an, gen yon mesaje yo te voye pou prepare chemen an pou Jewova ki t ap gen pou l vini nan tanp espirityèl li a. Byen bonè nan ane 1880 yo, yon gwoup etidyan Labib te kòmanse fè yon travay ansèyman biblik pou yo te ka anseye moun ki sensè yo anpil verite biblik de baz.
3:10 — Èske pote “ tout dizyèm ” oubyen dim vle di bay Jewova tout sa nou posede ? Lwa Moyiz la te aboli grasa sakrifis Jezi a, se sa k fè, yon dim finansye pa yon egzijans pou jodi a. Sepandan, dim nan gen yon siyifikasyon senbolik (Efezyen 2:15). Li pa vle di bay Jewova tout sa nou posede. Anfèt, se chak ane yo te konn pote dim nan bay Jewova, tandiske nou menm nou bay Jewova tout sa nou genyen yon fwa sèlman, lè nou vwe lavi nou ba li e nou senbolize ve sa a lè nou batize nan dlo. Depi lè sa a, tout sa nou genyen se pou Jewova. Sepandan, Jewova kite se nou menm ki chwazi yon pòsyon nan sa nou genyen, yon dim senbolik, pou nou itilize nan sèvis li. Nou fè sa selon sa sitiyasyon nou pèmèt nou e selon sa kè nou pouse nou bay. Ofrann n ap bay Jewova a gen ladan l tan nou, fòs nou, resous nou itilize nan travay predikasyon bon nouvèl Wayòm nan ak nan travay fè disip la. Mete sou sa, ofrann nan gen ladan l tan nou pran pou nou asiste reyinyon, pou nou vizite moun ki malad, pou nou vizite kretyen parèy nou ki aje e li gen ladan l sipò finansye nou bay pou vrè adorasyon an.
4:3 — Nan ki sans adoratè Jewova yo pral “ pilonnen mechan yo ” ? Se pa nan sans literal pèp Bondye a “ pral pilonnen mechan yo ”, sa ki ta vle di yo pral patisipe nan egzekisyon jijman Jewova pral fè kont mechan yo. Se nan yon sans senbolik sèvitè Jewova yo ki sou tè a pral fè aksyon sa a, lè yo pral patisipe ak tout kè yo nan selebrasyon viktwa Bondye pral ranpòte apre li fin detwi monn Satan an. — Sòm 145:20 ; Revelasyon 20:1-3.
4:4 — Poukisa nou dwe “ raple nou lalwa Moyiz ” la ? Kretyen yo pa gen obligasyon pou yo suiv Lwa Moyiz la, men Lwa sa a sèvi kòm “ lonbray bon bagay ki gen pou vini yo ”. (Ebre 10:1.) Se sa k fè, lè kretyen yo prete atansyon ak Lwa Moyiz la, sa ede yo wè ki jan bagay ki te ekri nan Lwa sa a reyalize (Lik 24:44,45). Anplis de sa, Lwa sa a gen ladan l “ reprezantasyon tipik bagay ki nan syèl yo ”. Li esansyèl pou nou etidye Lwa sa a si nou vle byen konprann ni ansèyman Jezi yo ni fason pou kretyen yo viv. — Ebre 9:23.
4:5, 6 — Kiyès “ Eliya, pwofèt la ” te reprezante ? Yo te predi “ Eliya ” t apral fè yon travay restorasyon, li t apral prepare kè moun yo. Nan premye syèk epòk nou an, Jezi Kris te idantifye Jan Batis antanke “ Eliya ”. (Matye 11:12-14 ; Mak 9:11-13.) Nan epòk nou an, gen yon Eliya senbolik yo voye “ anvan gran jou Jewova a ki bay lakrentif la vini ”. Eliya sa a pa lòt moun, se “ esklav fidèl ki prevwayan an ”. (Matye 24:45.) Avèk dilijans, klas sa a, ki konpoze ak kretyen ki wenn ak lespri sen, ap ede moun yo pou yo vin gen bonjan relasyon ak Bondye.
Leson pou nou jodi a :
3:10. Lè nou pa bay Jewova sa nou genyen ki pi bon an, se anpeche nou anpeche tèt nou resevwa benediksyon nan men l.
3:14, 15. Move egzanp prèt yo te bay te lakòz Juif yo te kòmanse konsidere sèvis y ap bay Jewova a kòm yon bagay ki pa gen enpòtans. Moun ki gen responsablite nan kongregasyon an dwe bay bon egzanp. — 1 Pyè 5:1-3.
3:16. Jewova gen yon rejis ki gen non tout moun ki krenn li e ki fidèl ak li. Li sonje yo e l ap prezève yo lè li pral mete yon fen nan monn mechan Satan an. Se sa k fè, nou pa dwe janm febli nan detèminasyon nou genyen pou nou kenbe entegrite nou devan Bondye. — Jòb 27:5.
4:1. Nan jou kote tout moun pral rann Jewova kont lan, ni “ branch ” ni “ rasin ” ap sibi menm sò. Timoun yo pral resevwa menm jijman ak paran yo. Ala yon kokenn responsablite paran yo genyen anvè pitit yo ki minè ! Papa ak manman ki kretyen yo dwe fè anpil efò pou yo gen apwobasyon Bondye e pou yo toujou gen yon bon repitasyon devan l. — 1 Korentyen 7:14.
“ Krenn vrè Dye a ”
Ki moun k ap chape nan “ gran jou Jewova a ki bay lakrentif la ” ? (Malaki 4:5.) Men sa Jewova di : “ Pou nou menm ki gen krent pou non m, solèy jistis la pral leve kanmenm, avèk gerizon nan zèl li. Wi, nou pral soti e nou pral frape tè a ak pye nou tankou ti bèf gra. ” — Malaki 4:2.
Jezi Kris, “ solèy jistis la ”, briye sou tout moun ki gen krent pou non Bondye, e moun sa yo jwenn favè Jewova (Jan 8:12). Mete sou sa, gen yon “ gerizon nan zèl li ” pou moun sa yo. Yon gerizon espirityèl yo jwenn depi kounye a, e nan monn nouvo Bondye a, y ap jwenn yon gerizon total nan domèn fizik, mantal ak afektif (Revelasyon 22:1, 2). Moun sa yo tèlman chofe e yo tèlman kontan, yo aji “ tankou ti bèf gra ”. Toutpandan nou kenbe benediksyon sa yo nan lespri nou, annou koute avètisman sa a wa Salomon ban nou ki di : “ Krenn vrè Dye a epi obsève kòmandman l yo. Paske se sa ki tout obligasyon lòm. ” — Eklezyas 12:13.
[Foto nan paj 28]
Pwofèt Malaki te yon sèvitè Jewova ki zele e ki devwe.
[Foto nan paj 31]
Sa n ap anseye yo dwe ann amoni ak Bib la.
[Foto nan paj 31]
Sèvitè Jewova yo respekte alyans yo fè lè yo marye a.