Kantik 70
“Verifye bagay ki pi enpòtan yo”
1. Jodi a, nou bezwen gen bon konprann
Pou’n ka konnen sa ki vrè,
Pou’n ka konnen sa ki pi enpòtan,
Pou’n ka konnen sa’n dwe fè.
Renmen sa’k bon. Rayi sa’k mal.
Bay Bondye glwa,
Sa ap fè’n jwenn kè kontan. Fò’n priye,
Fò’n etidye.
Wi, bagay sa yo trèzenpòtan.
2. Ki sa ki ta ka gen plis enpòtans
Pase bay bon nouvèl la,
Pou nou jwenn ti mouton Jewova yo,
Pou’n ede yo fè bon chwa?
Yo dwe tande, yo dwe konnen.
Ba yo lamen,
Kite lanmou’n aji, y’ap ka wè klè
Sa yo dwe fè.
Preche gen yon kokenn enpòtans!
3. Si nou chèche fè sa ki enpòtan,
Lafwa’n ap fè’n rete fèm.
N’ap gen lapè, esperans nou ap djanm
Menm lè nou devan pwoblèm.
N’ap jwenn zanmi ak vrè lanmou
Pi plis chak jou.
Ala kontan nou kontan pou’n aprann,
Pou’n byen konprann,
E pou’n fè tout sa ki enpòtan.
(Gade tou Sòm 97:10; Mat. 22:37; Jan 21:15-17; Tra. 10:42.)