-
Èske fè sèks ak mennaj ou ap fè w vin pi pwòch avè l?Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
-
-
CHAPIT 24
Èske fè sèks ak mennaj ou ap fè w vin pi pwòch avè l?
Sara gen sèlman de mwa depi l konn Michel. Pou li se kòmsi li gen lontan depi l konnen l. Youn voye mesaj bay lòt toutan, yo fè plizyè èdtan ap pale nan telefòn, e youn ka menm fini pawòl lòt la ap di. Kounye a, pandan yo chita nan machin nan, lalin nan plenn e l ap klere, Michel vle plis pase yon senp konvèsasyon.
Pandan de mwa ki sot pase yo, yo te konn kenbe men epi fè ti bo. Sara pa vle al pi lwen, men, li pa vle Michel kite l. Pa gen lòt moun ki fè l santi l bèl e espesyal konsa pase Michel. Li di tèt li: ‘Epitou, mwen ak Michel, nou damou...’
SIMAN ou deja imajine kote sitiyasyon sa a pral mennen. Men, sa w ka pa rann ou kont se jis nan ki pwen bagay yo pral chanje ant Sara ak Michel lè yo fin fè sèks e se pa bon y ap vin pi bon. Reflechi sou sa nou pral di la a:
Si w vyole yon lwa fizik, pa egzanp si w ta sot sou yon pyebwa epi w lage kò w anba, w ap peye sa. Se menm bagay la tou si w vyole yon lwa nan domèn moral, tankou lwa ki di: “Evite imoralite seksyèl.” (1 Tesalonisyen 4:3). Si w dezobeyi lwa sa a, ki konsekans sa ap pote? Labib di: “Moun k ap fè imoralite seksyèl peche kont pwòp kò li.” (1 Korentyen 6:18). Èske se vre? Site twa efè negatif sèks anvan maryaj ka pote.
1 ․․․․․
2 ․․․․․
3 ․․․․․
Kounye a, gade sa w sot ekri yo. Nan twa bagay sa yo, èske w te mete maladi moun ka pran nan fè sèks, ansent san w pa t vle oswa pèdi amitye Bondye? Sa yo se konsekans ki grav yon moun ap jwenn lè l vyole lwa Bondye bay nan domèn moral konsènan imoralite seksyèl.
Poutan, sa tante w. Ou ka di tèt ou: ‘Anyen pap rive m.’ Dayè, èske tout jèn pa fè sèks anvan yo marye? Jèn nan lekòl ou yo vante tèt yo pou eksperyans yo fè nan domèn seksyèl, e pa sanble gen anyen mal ki rive yo. Petèt, menm jan ak Sara nou te pale de li pi wo a, ou menm gen enpresyon si w fè sèks ak mennaj ou sa ap fè nou vin pi pwòch youn ak lòt. Epitou, ou pa vle pou lòt jèn yo fawouche w paske w vyèj toujou. Li ka parèt pi fasil si w annik sede.
Atansyon! Premyèman, se pa tout jèn ki fè sèks anvan yo marye. Se vre, rapò yo bay sou kesyon an montre gen anpil jèn ki fè sèks anvan yo marye. Pa egzanp, gen yon gwoup moun Ozetazini ki te fè yon sondaj ki montre sou chak 3 elèv gen 2 ki gentan nan fè sèks anvan yo fini lekòl. Men, sondaj la montre tou sou chak 3 elèv gen 1 ki pa fè sèks, sa ki reprezante yon bon kantite jèn. Bon, e jèn ki fè sèks yo menm? Rechèch ki fèt yo montre gen anpil nan jèn sa yo ki gen youn oswa plizyè nan efè nou pral site yo.
REYALITE NO 1 REMÒ. Pifò nan jèn ki fè sèks anvan yo marye fè konnen yo regrèt sa.
REYALITE NO 2 DOUT. Apre de moun fin fè sèks, youn konn ap mande tèt yo: ‘Ak konbyen moun li fè sèks deja?’
REYALITE NO 3 DESEPSYON. Nan fon kè anpil fi, yo ta prefere jwenn yon gason k ap pwoteje yo olye yon gason k ap pwofite yo. Gen anpil jèn gason ki vin pa tèlman enterese nan yon fi ki te aksepte fè sèks avè yo.
Mete sou sa, gen anpil gason ki di yo pap janm marye ak yon fi ki fè sèks avè yo. Poukisa? Se paske yo t ap prefere marye ak yon fi ki gen plis moralite!
Si w se yon fi, èske sa fè w sezi, oswa sa fè w fache? Ebyen sonje sa: Nan yon seri fim ak emisyon yo pase nan tele, yo montre se yon bèl bagay lè jèn fè sèks anvan yo marye, e yo montre se yon bagay ki pa gen okenn danje. E yo konn vle fè sa pase kòm vrè lanmou an. Men, pa kouri bwè sa yo di a! Moun k ap ba w pawòl pou w fè sèks yo se enterè yo sèlman y ap chèche (1 Korentyen 13:4, 5). Epitou, si yon moun renmen w toutbon, èske l ap mete sante w an danje oswa èske l ap fè yon bagay ki ka ba w pwoblèm nan domèn afektif (Pwovèb 5:3, 4)? E si yon moun gen sousi pou ou toutbon, èske l ap mete relasyon w ak Bondye an danje? — Ebre 13:4.
Si w se yon gason e ou renmen ak yon fi, sa nou sot pale nan chapit sa a ta dwe fè w poze tèt ou kesyon sou relasyon ou genyen ak mennaj ou a. Mande tèt ou: ‘Èske m vrèman gen sousi pou mennaj mwen?’ Si repons lan se wi, ki jan w ka pi byen montre sa? Ou ka fè sa lè w fè tout sa w kapab pou w suiv lwa Bondye yo, lè w demontre sajès pou w evite sitiyasyon ki ka lage w nan tantasyon ak lè w demontre lanmou ki pouse w wè enterè mennaj ou. Si w demontre kalite sa yo, siman mennaj ou ap santi l menm jan ak Choulamit la ki te yon moun ki gen bon moralite. Men sa l te di: “Sila a mwen renmen anpil la se pou mwen l ye e se pou li mwen ye.” (Chante Salomon an 2:16). Kòm rezilta, mennaj ou ap vin renmen w plis toujou!
Kit ou se gason kit ou se fi, si w fè sèks anvan w marye, ou rabese tèt ou paske w gaspiye yon bagay ki gen anpil valè (Women 1:24). Donk, se pa san rezon ki fè anpil jèn santi yo vid, yo pa vo anyen lè yo fin fè sèks anvan yo marye, yo santi se kòmsi yo te kite yon moun vòlè yon bagay ki gen anpil valè ki nan yo menm. Pa kite sa rive w! Si yon moun ap ba w pawòl pou w fè sèks avè l e l ap di w: “Si w renmen m toutbonvre, w ap fè l avè m.” Se pou w reponn li yon fason fèm: “E ou si w te renmen m toutbonvre, ou pa t ap mande m sa!”
Kò w gen twòp valè pou w lage l konsa konsa. Montre ou gen metriz sou tèt ou lè w obeyi kòmandman Bondye bay pou nou evite imoralite seksyèl. E si yon jou ou marye, w ap kapab fè sèks. Lè sa a, w ap ka pwofite l nèt, san w pa pè e san w pa gen enkyetid moun ki konn fè sèks anvan yo marye yo konn genyen. — Pwovèb 7:22, 23; 1 Korentyen 7:3.
LI PLIS BAGAY SOU SIJÈ SA A NAN VOLIM 2, CHAPIT 4 AK 5.
Èske mastibasyon se yon bagay ki grav?
VÈSÈ KLE
“Kouri pou imoralite seksyèl. [...] Yon moun k ap fè imoralite seksyèl peche kont pwòp kò li.” — 1 Korentyen 6:18.
MEN YON IDE
Pou w ka konnen ki jan pou w konpòte w ak yon moun ki pa menm sèks avè w, yon bon règ pou w suiv se: Si w pa vle paran w wè sa w ap fè a, ebyen ou pa ta dwe fè l.
ÈSKE W TE KONNEN?
Lè yon gason fè sèks ak mennaj li, gen anpil chans pou l kite fi sa a pou l al chèche yon lòt.
SA M KONTE FÈ
Men ki sitiyasyon m ap evite lè m avèk yon moun ki pa menm sèks avè m ․․․․․
Men sa m ap di si yon moun ki pa menm sèks avè m vle wè avè m yon kote apa ․․․․․
Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․
KI SA W PANSE?
● Byenke ou ka anvi fè sèks anvan w marye, poukisa li pa bon pou ou?
● Ki sa w ap fè si yon moun mande w fè sèks avè l?
[Antrefilè nan paj 176]
“Antanke kretyen, ou gen yon seri kalite k ap atire moun. Se sa k fè, fò w veyatif epi rale kò w sou yon moun ki mande w aji yon fason ki imoral. Se pou w bay kalite sa yo valè. Pa twoke yo pou plezi!” — Joshua.
[Foto nan paj 176, 177]
Lè w fè sèks anvan w marye, se kòmsi w te pran yon bèl tablo epi w fè l sèvi kapèt.
-
-
Ki jan m ka rive sispann fè mastibasyon?Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
-
-
CHAPIT 25
Ki jan m ka rive sispann fè mastibasyon?
“Mwen te kòmanse mastibe tèt mwen lè m te gen uit an. Annapre lè m te vin aprann sa Bondye panse sou sa, mwen te santi m koupab chak fwa mwen te tonbe nan pratik sa a. Mwen te konn mande tèt mwen: ‘Kòman Bondye ta ka fè renmen yon moun tankou m?’” — Luiz.
LÈ W nan laj kote w pral fòme, dezi seksyèl ou ka vin vrèman fò. Kòm rezilta, ou ka tonbe nan pratike mastibasyona. Gen anpil moun ki ka di se pa yon gwo pwoblèm. Yo ka di w: “Pa gen moun w ap bay pwoblèm.” Men, gen bonjan rezon pou w evite pratik sa a. Men sa apot Pòl te ekri: “Se poutèt sa, fè manm kò nou ki sou tè a mouri anrapò ak [...] dezi seksyèl san kontwòl.” (Kolosyen 3:5). Lè w mastibe tèt ou, sa pap fè dezi seksyèl ou mouri men se eksite l ap eksite yo. Anplis de sa, fè yon ti reflechi sou pwen ki vin apre yo:
● Yon moun k ap mastibe tèt li se yon moun ki wè tèt li sèlman. Pa egzanp, li konsantre sou sansasyon pa l.
● Moun k ap pratike mastibasyon ka vin konsidere lòt moun kòm yon mwayen ki pèmèt li satisfè dezi seksyèl li genyen.
● Kòm lè yon moun ap pratike mastibasyon, sa fè l vin panse ak tèt li sèlman, sa ka fè lè moun sa a vin marye li ka difisil pou li menm ak konjwen l jwenn satisfaksyon nan domèn seksyèl.
Olye w lage kò w nan mastibasyon pou w ka satisfè dezi seksyèl ou genyen, l ap pi bon pou w fè gwo efò pou w metrize tèt ou (1 Tesalonisyen 4:4, 5). Pou ede w rive fè sa, premye bagay pou w fè se evite sitiyasyon ki ka leve dezi seksyèl lakay ou, jan Bib la di sa (Pwovèb 5:8, 9). Bon, e si w santi w esklav mastibasyon? Petèt ou eseye kanpe deja, men sa pa mache. Li te ka fasil pou w panse ou se yon ka pèdi, ou pa kapab viv selon prensip Bondye yo. Se konsa yon tigason ki rele Pedro te santi l. Men sa l di: “Chak fwa m te konn tonbe nan pratik sa a, mwen te santi m kraze. Mwen te panse Bondye pa t ap janm padone m pou sa m te fè a. Li te difisil pou m priye.”
Si se konsa w santi w, pa dekouraje. Ou pa yon ka pèdi. Gen anpil jèn, e gen granmoun tou, ki rive venk mastibasyon. Ou menm tou ou ka rive fè sa!
Sa w ka fè si w santi w koupab
Jan nou te deja wè sa, souvan moun ki tonbe nan pratike mastibasyon santi yo koupab. Sandout, lefètke ou “tris ann akò ak volonte Bondye”, sa ap ba w fòs pou w rive venk abitid sa a (2 Korentyen 7:11). Men, si w santi w koupab depase limit, sa ka anpeche w rive venk abitid sa a. Ou ka vin tèlman dekouraje ou jis anvi bay vag. — Pwovèb 24:10.
Donk, chèche gen ekilib nan fason w wè tèt ou. Mastibasyon se bagay ki ka fè w pa pwòp nan domèn moral. Li ka fè w vin “esklav divès kalite dezi”, e li ka fè w vin gen move pwennvi (Tit 3:3). Men, mastibasyon pa yon fòm imoralite seksyèl grav (Jid 7). Si w konn mastibe tèt ou, pa kouri panse ou fè peche ki pa gen padon an. Li enpòtan pou w reziste ak dezi w genyen e pou w pa janm bay vag!
Li fasil pou w santi w kraze lè w tonbe nan abitid sa a ankò. Lè sa rive, sonje pawòl ki nan Pwovèb 24:16 lan ki di: “Moun ki jis la ka tonbe sèt fwa, men l ap leve ankò. Men, malè ap fè mechan yo kilbite.” Lè w fè yon ti bite, sa pa vle di ou se yon moun ki mechan. Donk, pa dekouraje. Okontrè, gade sa ki te fè w tonbe a, epi eseye evite fè menm bagay la.
Pran tan pou w medite sou lanmou Bondye ak mizèrikòd li. David, youn nan moun ki te ekri Sòm yo e ki t ap goumen ak feblès li gen lakay li, te di: “Tankou yon papa ki fè pitit gason l mizèrikòd, Jewova fè moun ki gen lakrentif pou li yo mizèrikòd. Paske, li byen konnen ki jan nou fèt. Li sonje se pousyè nou ye.” (Sòm 103:13, 14). Vrèmanvre, Jewova konprann enpèfeksyon nou e li “dispoze padone” nou (Sòm 86:5). Yon lòt bò, li vle nou fè efò pou nou amelyore. Donk, ki kèk bagay pratik ou ka fè pou w venk mastibasyon?
Analize kalite divètisman w. Èske w gade fim oswa pwogram sou televizyon oswa ou vizite yon seri sit Entènèt k ap leve dezi seksyèl lakay ou? Men sa youn nan moun ki te ekri Sòm yo te mande Bondye: “Pa kite je m ret ap gade sa k pa vo anyenb.” — Sòm 119:37.
Fè efò pou lespri w konsantre sou lòt bagay. Men konsèy yon kretyen ki rele William bay: “Anvan w al dòmi, li yon bagay ki baze sou Bib la. Li vrèman enpòtan pou dènye bagay ou fè pandan jounen an se yon bagay espirityèl.” — Filipyen 4:8.
Pale ak yon moun sou pwoblèm nan. Wont ka fè li difisil pou w pale sou sijè a ak yon moun. Poutan, si w pale ak yon moun, sa ka fè w rive venk abitid sa a! Se sa yon kretyen ki rele David te fè. Men sa l di: “Mwen te pale an prive ak papa m. M pap janm bliye sa l te di m. Li te souri ban mwen epi li te di m: ‘Ou fè m kontan.’ Li te konprann jan sa te difisil pou m te vin pale avè l. Se egzakteman sa m te bezwen pou ankouraje m e sa te ranfòse detèminasyon m.
“Apre sa, papa m te montre m kèk vèsè ki ede m wè mwen pa yon ka pèdi, e li te montre m kèk lòt vèsè pou l sèten mwen te vrèman konprann sa m t ap fè a te vrèman pa bon. Li te di m ‘eseye pa fè mastibasyon pandan yon peryòd’ epi n a pale pou n wè kòman sa ye. Li te di m pinga m dekouraje si m ta tonbe ankò, e pou m eseye fè plis tan pwochen fwa a san m pa tonbe.” Ki sa David te rive konprann? Men sa l di: “Lefètke gen yon moun ki te konn pwoblèm mwen an e ki t ap ede m, sa te vrèman pwofitab pou mwenc.”
Kesyon fè sèks jis pou plezi a se pa yon bagay sanzenpòtans. Gade sa k fè sa.
[Nòt anba paj]
a Nou pa dwe konfonn mastibasyon ak dezi seksyèl ki leve lakay nou san se pa nou ki chèche sa. Pa egzanp, yon gason ka leve e li rann li kont li gen yon eksitasyon seksyèl oswa li wè li te ejakile pandan lannuit. Menm jan an tou, gen kèk fi ki konn gen eksitasyon seksyèl san se pa yo menm ki chèche sa, sitou anvan oswa apre yo gen règ. Men, mastibasyon an li menm se lè se ou menm ki chwazi eksite tèt ou.
b Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade Volim 2, chapit 33.
c Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade Volim 2, paj 239-241.
VÈSÈ KLE
“Kouri pou dezi ki natirèl lakay jèn yo, men chèche gen ladwati, lafwa, lanmou, lapè, ansanm avèk moun ki met konfyans yo nan Seyè a avèk yon kè ki pwòp.” — 2 Timote 2:22.
MEN YON IDE
Priye anvan dezi yo vin fò. Mande Jewova pou l ba w “yon pisans ki depase yon pisans nòmal” pou w ka reziste devan tantasyon. — 2 Korentyen 4:7.
ÈSKE W TE KONNEN?
Nenpòt moun ki fèb ka sede devan dezi seksyèl yo genyen. Men, fò yon gason oswa yon fi gen anpil kouraj pou l metrize tèt li menm lè l poukont li.
SA M KONTE FÈ
Men sa m ap fè pou m kenbe lespri m sou bagay ki pwòp ․․․․․
Men sa m ap fè olye m sede devan dezi m ․․․․․
Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․
KI SA W PANSE?
● Poukisa li enpòtan pou w sonje Jewova “dispoze padone”? — Sòm 86:5.
● Kòm se Bondye ki kreye w ak dezi seksyèl epi li mande w pou w devlope metriz, sa k fè Bondye gen konfyans ou ka rive reyisi?
[Antrefilè nan paj 182]
“Depi lè m rive venk pwoblèm sa a, konsyans mwen klè devan Jewova e mwen pa vle fè anyen ki pou ta chanje sa!” — Sarah.
[Foto nan paj 180]
Lè w nan yon kous e w tonbe, ou pa oblije rekòmanse kous la, menm jan an tou, si w tonbe nan mastibasyon ankò sa pa efase tout pwogrè ou deja fè yo.
-
-
Ki jan nou ta dwe wè kesyon fè sèks jis pou plezi a?Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
-
-
CHAPIT 26
Ki jan nou ta dwe wè kesyon fè sèks jis pou plezi a?
“Timoun yo soti ansanm jis pou yo ka fè sèks e pou yo wè ak konbyen moun yo ka fè l.” — Penny.
“Timesye yo pale sou sa byen klè. Menm lè yo gen mennaj, yo fè djòlè pou yo di tout kantite lòt fi yo kouche.” — Edward.
GEN anpil jèn jounen jodi a ki vante tèt yo dèske yo kouche ak yon moun san yo pa ni renmen l ni renmen avè l. Gen kèk jèn menm, yo gen moun ki la jis pou yo fè sèks, san yo pa gen entansyon renmen ak moun sa a.
Pa etone w si w wè ou anvi fè menm bagay la (Jeremi 17:9). Edward, nou te pale de li pi wo a, di: “Gen anpil fi ki mande m fè sèks avè yo e se tantasyon ki pi difisil pou m reziste antanke kretyen. Di yo non difisil!” Ki prensip nan Bib la ou ta dwe gen nan lespri w si yon moun mande w fè sèks avè l?
Se pou w konnen poukisa fè sèks jis pou plezi pa bon
Imoralite seksyèl se yon peche ki tèlman grav, sa fè moun ki pran abitid fè l “pap benefisye Wayòm Bondye a”. (1 Korentyen 6:9, 10.) E sa valab kit se ak yon moun ou renmen ou fè sèks la kit se ak nenpòt lòt moun. Pou w ka reziste anba tantasyon pou w fè sèks anvan w marye, ou dwe konsidere imoralite seksyèl jan Jewova konsidere l la.
“Mwen gen konviksyon pi bon fason pou yon moun viv se fason Jewova mande nou viv la.” — Karen, Kanada.
“Sonje ou gen papa, manman, zanmi e ou fè pati yon kongregasyon. Ou t ap fè tout moun sa yo lapèn si w ta sede.” — Peter, Grann Bretay.
Lè w vin wè imoralite seksyèl menm jan ak Jewova, w ap rive “rayi sa ki mal” menmsi sa atire w. — Sòm 97:10.
Nou ankouraje w li: Jenèz 39:7-9. Remake jan Jozèf te reziste devan tantasyon e gade sa k te ede l.
Se pou w fyè pou sa w kwè
An jeneral, lè jèn yo kwè nan yon bagay, yo pa wont pran pozisyon pou li. Ou gen onè pou w pran pozisyon pou prensip Bondye yo nan fason w aji. Pinga w wont pou fason w wè kesyon fè sèks anvan maryaj la.
“Depi okòmansman, fè konnen aklè ou gen prensip moral w ap suiv.” — Allen, Almay.
“Timesye ki te nan lekòl mwen yo te konnen ki moun mwen ye, e yo te konnen se tan yo y ap pèdi si yo ta eseye tante m.” — Vicky, Etazini.
Lè w pran pozisyon pou yon bagay ou kwè ladan l se yon siy ki montre ou kòmanse gen matirite antanke kretyen. — 1 Korentyen 14:20.
Nou ankouraje w li: Pwovèb 27:11. Gade jan lè w fè sa ki dwat sa fè kè Jewova kontan!
Se pou w fèm
Li enpòtan pou w di non. Men, gen kèk moun ki ka konprann se sou pòz ou ye.
“Fò yo wè non ou di an ni nan fason w abiye, ni nan fason w pale, ni ak moun ou pale, ni nan jan w konpòte w ak moun.” — Joy, Nijerya.
“Ou bezwen fè yo konnen aklè ou pap janm fè sèks avè yo. Pa janm aksepte kado nan men timesye ki vle fè sèks avè w yo. Yo ka sèvi ak kado sa yo kont ou, kòmkwa ou dwe fè sèks avè yo poutèt kado yo te ba ou a.” — Lara, Grann Bretay.
Jewova ap ede w si w montre w fèm. David, youn nan moun ki te ekri Sòm yo, te viv sa, li di: “Ou fidèl ak moun ki fidèl.” — Sòm 18:25.
Nou ankouraje w li: 2 Kwonik 16:9. Remake jan Jewova chofe pou l ede moun ki vle fè sa ki dwat.
Se pou w wè danje a
Men sa Bib la di: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache.” (Pwovèb 22:3). Ki jan w ka suiv konsèy sa a? Se lè w gentan wè danje a anvan menm li vini.
“Depi sa posib, pa rete kot moun k ap pale sou sèks.” — Naomi, Japon.
“Pa bay enfòmasyon sou ou, tankou adrès ou oswa nimewo telefòn ou.” — Diana, Grann Bretay.
Fè yon ti analiz sou pawòl ou, konduit ou, moun ou frekante ak kote w ale. Epi mande tèt ou: ‘Èske petèt, san m pa rann mwen kont, mwen ankouraje lòt moun pou yo mande m fè sèks avè yo?’
Nou ankouraje w li: Jenèz 34:1, 2. Gade jan yon jèn fi ki rele Dina te tonbe nan pwoblèm akoz li te yon move kote.
Sonje, Jewova pa dakò ak kesyon fè sèks jis pou plezi a, e se konsa nou ta dwe wè bagay yo tou. Lè w defann sa ki dwat, ou ka kontinye gen yon konsyans ki pwòp devan Bondye e moun ka toujou respekte w. Jan yon jèn fi ki rele Carly te di: “Poukisa pou w kite moun sèvi avè w pou yo jis satisfè dezi yo? Pwoteje bèl repitasyon w genyen devan Jewova, repitasyon w te travay di pou li a!”
Ki kalite fi mesye yo di ki plis atire yo? Ou ka sezi wè repons lan!
VÈSÈ KLE
“Fè tout sa nou kapab pou alafen li ka jwenn nou san tach, san defo e nan lapè.” — 2 Pyè 3:14.
MEN YON IDE
Travay sou kalite w genyen yo (1 Pyè 3:3, 4). Plis ou gen bèl kalite se plis w ap atire moun ki gen bèl kalite.
ÈSKE W TE KONNEN?
Jewova vle w pran plezi nan fè sèks, men li vle w fè sa lè w marye. Li pa vle w tonbe nan enkyetid, pwoblèm ak remò yon moun jwenn souvan lè l fè imoralite seksyèl.
SA M KONTE FÈ
Mwen pran detèminasyon pou m rete pwòp menm jan ak Jozèf, se sa k fè m ap ․․․․․
Men sa m ap fè pou m evite fè menm erè ak Dina ․․․․․
Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․
KI SA W PANSE?
● Se vre, antanke moun ki enpafè, nou ka santi nou anvi fè sèks san nou pa marye, men poukisa se yon bagay ki mal?
● Ki sa w ap fè si yon moun mande w pou w fè sèks avè l?
[Antrefilè nan paj 185]
“Se pou w fèm! Lè yon jèn gason te mande m pou m fè yon bagay ki gen rapò ak sèks, mwen te di l: ‘Retire men w sou zepòl mwen!’ E mwen ale byen move.” — Ellen.
[Foto nan paj 187]
Si w fè sèks jis pou plezi, ou denigre tèt ou.
-