-
Èske nou ale twò lwen?Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
-
-
CHAPIT 4
Èske nou ale twò lwen?
Wi oswa non...
Nan kèlkeswa sikonstans lan, li pa janm bon pou de moun ki renmen manyen lòt.
□ Wi
□ Non
Menm lè de moun ki renmen pa antre nan relasyon seksyèl, sa ka rive yo fè imoralite seksyèl kanmenm.
□ Wi
□ Non
Si de moun ki renmen pa bo, pa karese oswa fè lòt bagay ki ka leve dezi seksyèl lakay yo, yo pa ka di yo renmen lòt vre.
□ Wi
□ Non
SIMAN W reflechi sou sijè sa a anpil. Anfèt, si w renmen, li ka difisil pou w konnen ki limit ou menm ak mennaj ou pa dwe depase lè n ap demontre afeksyon youn pou lòt. Ann fè yon ti pale sou twa pwen ki pi wo yo, epi ann gade kòman Pawòl Bondye a ka ede n jwenn repons pou kesyon “Èske nou ale twò lwen?” an.
● Nan kèlkeswa sikonstans lan, li pa janm bon pou de moun ki renmen manyen lòt.
Non. Bib la pa kondane pou de moun ki renmen demontre afeksyon youn pou lòt yon fason ki pwòp. Pa egzanp, Bib la rakonte istwa damou ant yon jèn fi Choulamit ak yon bèje. Renmen yo a te pwòp. Epoutan, li klè yo te konn demontre afeksyon youn pou lòt pandan yo te renmen an (Chante Salomon an 1:2; 2:6; 8:5). Jodi a, gen kèk moun ki renmen ki kòmanse pale de maryaj ki ka twouve li nòmal pou yo demontre afeksyon youn pou lòt yon fason ki pwòpa.
Men, de moun ki renmen dwe pran anpil prekosyon. Lè de moun tonbe nan bo, nan bay akolad ki twò sere oswa fè lòt bagay menm jan an ki ka leve dezi seksyèl lakay yo, sa ka mennen nan imoralite seksyèl. Li fasil pou de moun ki renmen, kèlkeswa bon entansyon yo genyen, pèdi metriz epi tonbe nan imoralite seksyèl. — Kolosyen 3:5.
● Menm lè de moun ki renmen pa antre nan relasyon seksyèl, sa ka rive yo fè imoralite seksyèl kanmenm.
Wi. Mo grèk lè yo tradui l yo mete “imoralite seksyèl” (pòneya) pou li a gen plizyè sans. Li gen ladan l tout kalite relasyon seksyèl depi de moun yo pa marye ansanm ak karès youn fè sou pati entim lòt la. Donk, imoralite seksyèl pa sèlman gen ladan l antre nan relasyon seksyèl, men tou li gen ladan l karese yon moun ap karese pati seksyèl yon lòt moun pou l ka fè l jwenn plezi, san wete fè sèks nan bouch oswa fè sèks nan dèyè.
Mete sou sa, Bib la pa sèlman kondane imoralite seksyèl. Apot Pòl te ekri: “Zèv lachè yo parèt aklè: se imoralite seksyèl, konduit ki pa pwòp, konduit derespektan [...]. Moun k ap pratike bagay sa yo pap benefisye Wayòm Bondye a.” — Galat 5:19-21.
Ki sa “konduit ki pa pwòp” ye? Mo grèk la gen ladan l tout kalite pawòl oswa aksyon ki pa pwòp. Se sèten se yon konduit ki pa pwòp lè yon moun ap pase men l anba rad yon lòt moun, oswa l ap dezabiye yon moun oswa l ap karese lòt pati entim li, tankou tete l. Nan Bib la, yo montre se moun ki marye ki nan karese tete. — Pwovèb 5:18, 19.
Gen kèk jèn ki pa wont pase prensip Bondye yo anba pye. Yo chwazi ale twò lwen oswa yo chèche gen konduit ki pa pwòp avèk diferan moun. Moun sa yo fè sa apot Pòl rele “konduit derespektan”. Mo grèk lè yo tradui l yo mete “konduit derespektan” pou li a vle di ‘yon seri aksyon chokan yo fè avèk eksè yon fason derespektan, e yo pa gen limit’. Se sèten, ou pa vle pou w pa gen “kesyon moralite a [...] menm ankò” lè w “lage kò [w] nan konduit deregle pou [w] fè tout kalite salte avèk vorasite”. — Efezyen 4:17-19.
● Si de moun ki renmen pa bo, pa karese oswa fè lòt bagay ki ka leve dezi seksyèl lakay yo, yo pa ka di yo renmen lòt vre.
Non. Kontrèman ak sa anpil moun panse, lè moun fè mòd bagay sa yo, sa pa fè relasyon yo vin pi solid pou sa. Olye de sa, se kraze li kraze respè ak konfyans youn gen pou lòt. Ann egzamine yon eksperyans Laura te fè: “Yon jou, mennaj mwen an te vin lakay mwen pandan manman m pa t la. Li te di se tele li vin gade. Okòmansman se men m li te kenbe. Men toudenkou li te kòmanse ap manyen m. Mwen te pè di l non paske mwen te panse sa t ap fè l fache e li ta prale.”
Ki sa w panse? Èske mennaj Laura a te vrèman gen sousi pou li oswa èske se pa dezi pa l li t ap chèche satisfè? Èske yon moun k ap eseye pouse w gen yon konduit ki pa pwòp vrèman montre li renmen w?
Lè yon gason ap fè presyon sou yon fi pou l fè fi a fè yon seri bagay ki pral twouble konsyans fi a antanke kretyen, se dezobeyi li dezobeyi lwa Bondye e li pwouve li pa renmen fi a vre, menmsi l di li renmen l. Mete sou sa, yon fi ki annik lage kò l bay yon gason, se kite li kite gason an pwofite l. Sa k pi grav la, li fè yon aksyon ki pa pwòp, e petèt menm li fè imoralite seksyèlb. — 1 Korentyen 6:9, 10.
Fikse limit ki klè
Si w renmen, ki sa w ka fè pou w evite demontre afeksyon yon fason ki pa kòrèk? Sa k pi saj pou w ta fè se fikse limit ki klè byen alavans. Pwovèb 13:10 di: “Moun k ap chèche konsèy gen sajès.” Donk, pale ak moun ou renmen an sou jan nou ka demontre afeksyon yon fason ki kòrèk. Si w tann se lè nou nan sitiyasyon kote dezi seksyèl nou yo fò pou nou fikse limit ebyen se kòmsi nou ta ret tann yon kay fin pran dife nèt e se lè sa a n ap eseye etenn dife a.
Se vre, yon konvèsasyon konsa ka difisil, li ka menm anbarasan, sitou si renmen an fèk kòmanse. Men, lè nou fikse limit depi byen bonè, sa ka evite pwoblèm alavni. Bonjan limit tankou lafimen k ap monte nan yon kay ki fè n konnen gen dife yon kote. Mete sou sa, lè n kapab pale sou sijè sa yo, sa ap ede n wè si relasyon an ap mache. Anfèt, metriz, pasyans epi lè nou pa egoyis se bonjan baz pou yon maryaj kote toude moun yo jwenn satisfaksyon nan domèn seksyèl. — 1 Korentyen 7:3, 4.
Se vre li pa fasil pou yon moun suiv prensip Bondye yo. Men, ou ka fè konsèy Jewova bay yo konfyans. Dayè, nan Ezayi 48:17 Jewova di li se “Sila a k ap anseye w pou byen w lan, Sila a k ap mennen w nan wout ou dwe mache a”. Jewova vle sa ki pi bon an pou ou.
LI PLIS BAGAY SOU SIJÈ SA A NAN VOLIM 1, CHAPIT 24.
Lè w vyèj sa pa vle di ou pa nòmal, okontrè, se pi bon fason pou w ye anvan w marye. Ann wè nan ki sans.
[Nòt anba paj]
a Gen kèk kote nan monn nan, si de moun ki pa marye ap demontre afeksyon youn pou lòt an piblik, moun twouve sa malelve e chokan. Kretyen yo bezwen veye pou yo pa aji yon fason k ap fè moun bite. — 2 Korentyen 6:3.
b Natirèlman, sijè yo pale nan paragraf sa a valab ni pou fi ni pou gason.
VÈSÈ KLE
“Lanmou [...] pa aji yon fason ki endesan.” — 1 Korentyen 13:4, 5.
MEN YON IDE
Soti an gwoup oswa chèche yon moun akonpaye nou. Evite rete yon seri kote ki riske tankou evite rete poukont nou nan yon machin ki pakin oswa nan yon kay oubyen yon apatman.
ÈSKE W TE KONNEN?
Si w fiyanse, ou bezwen pale sou kèk bagay entim ak fiyanse w. Men, lè nou pale sou yon seri sijè nan objektif pou nou leve dezi seksyèl lakay nou, kit se nan telefòn kit se nan tèks, se yon fòm konduit ki pa pwòp.
SA M KONTE FÈ
Men sa m ap fè pou m evite tonbe nan imoralite ․․․․․
Men sa m ap fè si mennaj mwen ap fè presyon sou mwen pou m aji yon fason ki pa pwòp ․․․․․
Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․
KI SA W PANSE?
● Ki limit ou menm ak mennaj ou ka fikse anrapò ak kontak fizik?
● Esplike ki diferans ki genyen ant imoralite seksyèl, konduit ki pa pwòp ak konduit derespektan.
[Antrefilè nan paj 46]
“Mwen menm ak fiyanse m nan li atik ki baze sou Bib la ki pale sou kesyon pou nou rete pwòp la. Nou apresye fason atik sa yo te ede nou kenbe yon konsyans ki klè.” — Leticia.
[Kare nan paj 44]
E si nou deja ale twò lwen?
E si ou deja tonbe nan konduit ki pa kòrèk? Pa panse w ap ka rezoud pwoblèm nan poukont ou, se twonpe w ap twonpe tèt ou. Men sa yon jèn fè konnen: “Mwen te konn priye Bondye pou l ede nou pa fè sa ankò. Pafwa sa te mache, pafwa sa pa t mache.” Donk, si sa rive, pale ak paran w. Men yon bon konsèy Bib la bay: “Rele ansyen yo nan kongregasyon an.” (Jak 5:14). Bèje sa yo ka ban nou konsèy, e yo ka reprimande nou yon fason pou nou retounen gen bon relasyon ak Bondye ankò.
[Foto nan paj 47]
Èske w t ap ret tann kay ou fin pran dife nèt anvan w kòmanse etenn dife ladan l? Nan ka sa a, pa ret tann anvi prèske boule w anvan w fikse limit sou fason w ap aji ak mennaj ou.
-
-
Poukisa pou m rete vyèj?Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
-
-
CHAPIT 5
Poukisa pou m rete vyèj?
“Mwen santi m anvi fè sèks.” — Kelly.
“Mwen santi m yon jan dwòl paske m vyèj toujou.” — Jordon.
“OU VYÈJ toujou?” Yon kesyon konsa ka fè w jennen! Anfèt, nan anpil kote, lè yon jèn rete vyèj yo wè l kòm yon moun ki pa fè pati sosyete a. Sa pa fè n sezi paske anpil jèn fè sèks anvan yo rive nan ventèn yo!
Dezi yon bò, presyon moun ap fè yon lòt bò
Si w se kretyen, ou konnen Bib la di pou w “evite imoralite seksyèl”. (1 Tesalonisyen 4:3.) Malgre sa, ou ka twouve li difisil pou w kontwole dezi seksyèl ou. Men sa yon jèn gason ki rele Paul fè konnen: “Pafwa, mwen konn annik rete konsa epi yon seri panse sou sèks vin nan lespri m san m pa chèche sa.” Pa fatige w, an jeneral, santiman sa yo nòmal.
Men, sa vrèman difisil lè moun toujou ap fawouche w oswa ap tingting ou paske w vyèj toujou. Pa egzanp, ki sa pou w fè si lòt jèn di w ou poko gason oswa ou poko fi toutotan w pa fè sèks? Ellen di: “Lòt jèn yo pale de sèks [anvan w marye] kòm yon bagay ki enteresan e ki nòmal. Si w pa gen relasyon seksyèl pasipala, yo twouve w dwòl.”
Poutan gen yon bagay nan fè sèks anvan maryaj jèn yo pa pale de li. Pa egzanp, Maria, ki te gen relasyon seksyèl ak mennaj li, di: “Lè m te fin fè sèks avè l, mwen te jennen e m te wont. Mwen te rayi tèt mwen e mwen te vin rayi mennaj mwen an.” Yon eksperyans konsa rive pi souvan pase sa pifò jèn panse. An reyalite, byen souvan, sèks anvan maryaj se yon eksperyans ki fè moun soufri e ki gen yon seri konsekans ki grav.
Sepandan, gen yon jèn fi ki rele Shanda ki poze kesyon sa a: “Poukisa Bondye kreye jèn yo ak anvi pou yo fè sèks alòske li konnen yo pa dwe fè sèks anvan yo marye?” Se yon bèl kesyon. Men ann fè yon ti analiz.
Èske se sèl anvi seksyèl ou genyen ki fò lakay ou? Non. Jewova kreye w avèk kapasite pou w gen yon pakèt anvi ak santiman ki travèse w.
Èske w oblije reyaji chak fwa ou santi ou anvi fè yon bagay? Non, paske Bondye kreye w tou ak kapasite pou w kontwole aksyon w.
Ki leson sa aprann nou? Petèt, ou ka pa kapab anpeche pou w gen kèk anvi oswa dezi, men ou kapab kontwole fason w ap reyaji lè yo vini. Anfèt, menm jan li mal e li pa fè sans pou w ta bat yon moun chak fwa w santi w fache se konsa tou li pa t ap bon e li pa t ap fè sans pou w fè sèks chak fwa ou gen anvi an.
Reyalite a sèke Bondye pa t janm gen nan lespri l pou nou fè sèks nan move kondisyon. Labib di: “Chak moun pami nou dwe konnen ki jan pou l gen kontwòl sou pwòp kò l nan sentete ak nan onè.” (1 Tesalonisyen 4:4). Menm jan gen “yon lè pou moun renmen ak yon lè pou moun rayi”, se konsa tou gen yon lè pou moun fè sèks ak yon lè pou w metrize w pou w pa fè l (Eklezyas 3:1-8). Donk, ou gen kontwòl dezi w yo.
Men, ki sa w ka fè si yon moun ap nui w epi l di w: “Se toutbon ou vyèj toujou?” Pa pran nan presyon. Si se nan jwèt moun nan vle pase w, ou ka annik di: “Wi, mwen vyèj toujou e mwen byen kontan sa!” Oswa ou ka di: “Se yon bagay pèsonèl, mwen pa pale sou sa ak mouna.” (Pwovèb 26:4; Kolosyen 4:6). Yon lòt bò, ou ka santi ou ka bay moun nan plis esplikasyon. Nan ka sa a, ou ka chwazi esplike l pwennvi ou genyen ki baze sou Bib la.
Reflechi sou kèk lòt fason ou te ka reponn kesyon “Se toutbon ou vyèj toujou?” a. Ekri repons ou pi ba a.
․․․․․
Yon kado ki gen anpil valè
Ki jan Bondye santi l lè yon moun chwazi fè sèks anvan l marye? Bon, imajine ou achte yon kado pou w bay yon zanmi. Men, zanmi w lan, ki tèlman chofe jwenn kado a, ouvri l anvan menm ou ba li l! Èske sa pa t ap fè w fache? Ebyen, se menm bagay la tou pou sèks. Bondye vle w pwofite kado sa a lè w marye. Imajine jan l t ap santi l si w ta fè sèks anvan w marye. — Jenèz 1:28.
Ki sa pou w fè lè w santi w anvi fè sèks? Yon bagay ki senp ou ka fè, se aprann kontwole anvi a. Ou gen kapasite pou w fè sa! Priye Jewova pou l ede w. Lespri sen l ka fè w vin gen plis metriz (Galat 5:22, 23). Pa bliye, Jewova “pap refize bay moun ki mache dwat yo okenn bon bagay”. (Sòm 84:11.) Men sa yon jèn ki rele Gordon di: “Lè m di tèt mwen sa pa twò grav si yon moun ta fè sèks anvan l marye, mwen reflechi sou move konsekans sa ka genyen sou relasyon m ak Jewova, e m vin rann mwen kont mwen pa dwe kite okenn peche fè m pèdi relasyon mwen gen ak Jewova a.”
An reyalite, yon moun ki vyèj pa yon moun ki dwòl oswa ki pa nòmal. Anfèt se imoralite seksyèl ki degradan, ki imilyan e ki fè moun soufri. Donk, pa kite move enfòmasyon fè w panse ou pa nòmal paske w ap suiv prensip ki nan Bib la. Lè w rete vyèj, ou pwoteje sante w, ou santi w byen nan po w e sa ki pi enpòtan an, ou pwoteje bon relasyon ou gen ak Bondye a.
LI PLIS BAGAY SOU SIJÈ SA A NAN VOLIM 1, CHAPIT 24.
[Nòt anba paj]
a Li enteresan pou n note, lè Ewòd te poze Jezi kesyon, Jezi te chwazi pa reponn (Lik 23:8, 9). Souvan, pi bon bagay pou w fè lè yon moun poze w kesyon ki montre li pa gen respè pou ou se pa reponn li.
VÈSÈ KLE
“Si [yon moun] pran desizyon nan kè l pou l kenbe vijinite l, li byen fè.” — 1 Korentyen 7:37, nòt.
MEN YON IDE
Evite pase tan ak moun ki pap suiv prensip moral ki nan Bib la, menmsi se ta moun ki fè konnen yo gen menm kwayans avè w.
ÈSKE W TE KONNEN?
Moun ki lage kò yo nan fè sèks anvan yo marye gen anpil chans pou yo pa fidèl apre yo fin marye. Yon lòt bò, moun ki suiv prensip Bondye anvan yo marye ap pi fasil pou yo fidèl nan maryaj yo.
SA M KONTE FÈ
Men sa m ap fè si m vle rete vyèj anvan m marye ․․․․․
Men sa m ap fè si moun mwen pase tan avè yo fè li difisil pou m kenbe desizyon m pran pou m ret vyèj la ․․․․․
Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․
KI SA W PANSE?
● Poukisa w panse gen kèk moun k ap pase moun ki vyèj yo nan jwèt?
● Ki sa k fè li ka difisil pou yon moun rete vyèj?
● Ki sa k fè li bon pou yon moun rete vyèj anvan l marye?
● Ki jan w t ap esplike yon ti frè w oswa yon ti sè w enpòtans pou yon moun rete vyèj?
[Antrefilè nan paj 51]
“Lè m sonje ‘moun k ap fè imoralite seksyèl ak moun ki nan salte pap gen eritaj nan Wayòm Bondye a’, sa ede m pou m kenbe detèminasyon pou m reziste devan tantasyon pou m fè sèks.” (Efezyen 5:5). — Lydia.
[Kare nan paj 49]
Fich aktivite
Ki jan sa ap ye toutbon apre?
Nan konvèsasyon lòt jèn yo ak nan divètisman ki genyen yo yo pa pale sou move konsekans fè sèks anvan maryaj genyen. Gade twa sitiyasyon ki vin annapre yo. Ki sa w panse ki rive jèn sa yo toutbon?
● Yon tigason nan lekòl ou ap fè djòlè paske li fè sèks ak anpil tifi. Li di se yon bèl bagay, epi pa gen anyen mal ki rive pèsonn. Ki jan sa ye toutbon apre ni pou li ni pou fi li fè sèks avè yo a? ․․․․․
● Nan fen yon fim, yo montre de jèn ki pa marye ki fè sèks pou youn montre lòt jan l renmen l. Si se pa t yon fim, ki sa k t ap pase apre? ․․․․․
● Imajine ou rankontre yon bèl tigason e li mande w fè sèks avè l. Li di w pa gen moun k ap konnen. Si w lage ba li epi ou eseye kache sa, ki jan sa ap ye toutbon apre? ․․․․․
[Foto nan paj 54]
Lè w fè sèks anvan w marye se kòmsi w ta ouvè yon kado anvan yo ba ou l.
-