KANTIK 49
Annou fè kè Jewova kontan
Édition imprimée
1. Nou ba’w tout lavi nou Bondye
Pou nou ka fè tout sa ou vle.
Nou konnen si nou aji byen,
N’ap fè kè’w kontan, o Souvren.
2. Ou gen yon esklav sou tè a
K’ap fè konn non’w, k’ap ba ou glwa.
Li ban’n manje nan bon moman,
Sa ban nou fòs e nou kontan.
3. Ban nou lespri sen ou tanpri,
Pou’l ede nou pwodui bon fwi.
Nou vle louwe’w ak tout kè nou,
E nou vle rejwi kè’w chak jou.
(Gade tou Mat. 24:45-47; Lik 11:13; 22:42.)