BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/99 p. 8
  • Ki sa pou n di yon ate ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa pou n di yon ate ?
  • Ministè Wayòm nan — 1999
  • Sou menm sijè a
  • Èske sa posib pou yon moun vin kwè gen yon Kreyatè?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Kèk eksperyans
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Kreyasyon oswa evolisyon? — 1ye pati: Poukisa m kwè nan Bondye?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Poukisa nou poze kesyon sa a?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 1999
km 12/99 p. 8

Ki sa pou n di yon ate ?

1 Yon pwofesè ki sot an Polòy te di yon sè misyonè ann Afrik konsa : “ Se yon ate m ye ”. Toutfwa, sè a te anmezi dyaloge avèk dam nan e li te ba li liv La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? Lè misyonè a te retounen nan semèn apre a, pwofesè a te di li : “ M pa ate ankò ! ” Li te li liv Création an nèt e kounye a li mande yon etid biblik. Ki sa w ka fè pou w reyisi preche moun ki di yo pa kwè nan Bondye ? Toudabò, ann egzamine divès rezon ki fè moun pretann yo se ate.

2 Rezon ki fè moun pa kwè : Se pa tout ate ki te leve tou konsa. Anpil nan yo te anba enfliyans yon relijyon kèlkonk, e te gen yon lè yo te kwè nan Bondye. Toutfwa, pwoblèm sante oswa pwoblèm familyal grav oswa sèten enjistis yo te sibi te vin afebli lafwa yo. Pou dòt, se kou ansèyman sipèryè yo te swiv ki fè yo vin gen move opinyon sou Bondye. Pran nòt sou egzanp ate nou pral pale yo kounye a, ki vin devlope yon kwayans solid nan Jewova Dye e ki vin Temwen li.

3 Yon dam, Apari, te fèt ak yon maladi feblès nan zo. Kwak li te batize nan Katolik, li te deklare li menm li se yon ate. Lè l te mande relijyez yo poukisa Bondye kite l fèt avèk yon maladi konsa, yo te reponn : “ Paske li renmen ou. ” Li te derefize asepte yon lide derezonab konsa. Egzamine ka yon jèn an Finlann tou. Dapre dyagnostik, li te gen yon maladi misk ki pa ka trete, li te kloure sou yon chèz woulan. Manman l te mennen l kay yon Pannkotis ki te pretann li konn geri moun malad. Men pa t gen okenn gerizon mirak. Kòm rezilta, Bondye vin pa enterese jenn gason an ankò, e li te tou vin yon ate.

4 Yon mesye nan Ondiras te leve nan Katolik, men li te etidye filozofi sosyalis ak filozofi ate. Ansèyman nan inivèsite te konvenk li limanite soti nan evolisyon. Li te sispann kwè nan Bondye. Se menm bagay pou yon dam Ozetazini ki te leve nan Metodis. Pandan l te nan inivèsite, li te etidye sikoloji. Ki enfliyans sa te genyen sou kwayans li ? Li di : “ Nan yon ete sèlman, yo te detwi tout lafwa m te gen nan larelijyon. ”

5 Touche kè moun ki sensè yo : Anpil nan moun ki di yo pa kwè nan Bondye ta byen renmen konnen si gen yon solisyon pou pwoblèm sante, dezinyon nan fanmi, enjistis, elatriye. Yo enterese sensèman pou yo jwenn repons kesyon tankou : ‘ Poukisa lemal egziste ? ’, ‘ Pouki malè rive moun k ap fè sa ki byen ? ’ e ‘ Ki sans lavi a genyen ? ’

6 An Swis, gen yon mari ansanm ak madanm ni ki te resevwa yon fòmasyon ate. Lè yon sè te vin preche yo, okòmansman laverite a pa t enterese yo. Men yo te gen pwoblèm familyal grav, epi yo te anvizaje divòse. Aprè lòt vizit, sè a te montre yo avèk Bib la, kouman pou yo rezoud pwoblèm yo genyen yo. Mesyedam yo te etone wè jan konsèy ki nan Bib la itil, e yo te dakò pou fè yon etid biblik. Maryaj yo a vin kore, yo pwogrese espirityèlman, epi yo batize.

7 Ki sa w ka di yon ate : Lè yon moun di w li se yon ate, fè efò pou w dekouvri rezon ki fè l di sa a. Èske se akòz fòmasyon l te resevwa, pwoblèm li te sibi, osinon akòz ipokrizi ak fo ansèyman relijye li te wè ? Ou ta kapab mande l : “ Èske w te toujou panse konsa ? ” oswa “ Ki rezon ki fè w tire konklizyon sa a ? ” Repons li a pral ede w detèmine sa pou w di l. Kote se bonjan rezònman ki nesesè, liv Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous ? a kapab se egzakteman sa w bezwen.

8 Ou kapab pouswiv yon konvèsasyon avèk yon ate si w mande l :

◼ “ Èske w pa janm mande w : ‘ Si gen yon Bondye, poukisa gen tout soufrans ak enjistis sa yo nan lemonn ? ’ [Kite l reponn.] Èske w pèmèt mwen montre w pwennvi Labib la sou kesyon an ? ” Li Jeremi 10:23. Apre w fin li tèks la, mande l opinyon l sou li. Answit, montre l paj 16 ak 17 nan bwochi Connaîtrons-nous un jour un monde sans guerre ? Oubyen, sèvi ak chapit 10 liv Créateur a. Ankouraje l pran piblikasyon an pou l li l. — Pou lòt sijesyon ankò, gade liv Comment raisonner, paj 111-2.

9 Fòk nou rekonèt se pa tout ate yo k ap asepte laverite a. Men gen anpil ki dispoze egzamine yon lòt pwennvi. Rezone avèk yo, pèswade yo, e avantou, itilize pisans Pawòl Bondye a pou ede yo wè laverite a. — Travay 28:23, 24 ; Eb. 4:12.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje