BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Se pou w kontinye “ fè sa ki byen ”
    Ministè Wayòm — 2001 | jen
    • Se pou w kontinye “ fè sa ki byen ”

      1 Se te yon bèl bagay lè w te fèk kòmanse ap sèvi Jewova Dye. Kounye a, nan tan kritik nou ye la a, sa ki pi difisil la, se kontinye “ fè sa ki byen ”. (Gal. 6:9.) Malgre sa mande anpil efò, ou ka reyisi. Men, se ki jan ?

      2 Se pou w devlope menm mantalite ak Jezi : Menm jan ak Jezi, ou ka sipòte eprèv ou rankontre, si w rete konsantre sou esperans Wayòm nan (Ebre 12:2, 3). Ou mèt sèten Jewova renmen w e li vle pou w reyisi (2 Pyè 3:9). Mete tout konfyans ou nan li, l ap ede w (1 Kor. 10:13). Pèsevere nan lapriyè. Mande Jewova pou l ede w andire (Wom. 12:12). Ou mèt rejwi, paske w gen konviksyon andirans ou an ap fè Bondye dakò avè w (Wom. 5:3-5). Fidelite w pandan w ap devlope “ menm mantalite ak Jezi Kris ”, pral fè w jwenn yon satisfaksyon pèsonèl, e anmenmtan, l ap fè kè Jewova kontan. — Wom. 15:5 ; Pwo. 27:11.

      3 Se pou w kontinye fè sa ki dwat : Pwofite o maksimòm tout dispozisyon Jewova pran pou l ede pèp li a kontinye ap fè sa ki byen. Men bon abitid pou w kenbe : li Pawòl Bondye a epi etidye piblikasyon esklav fidèl e eklere a ki baze sou Bib la. Prepare tout reyinyon yo san manke youn, asiste reyinyon yo, patisipe ladan yo. Anvan reyinyon yo, e apre reyinyon yo, se pou w pwofite bèl konpayi frè ak sè espirityèl ou yo. Se pou w gen objektif ki rezonab nan ministè w yon fason pou w patisipe kòmsadwa nan predikasyon e pou w amelyore ladrès ou genyen nan bay w ap bay lòt moun yo bon nouvèl la.

      4 Se konsa w ka kontinye ap fè sa ki byen e ou ka jwenn anpil lajwa anmenmtan. Sou pwen sa a, men sa yon frè nan peyi Itali di : “ Leswa, apre mwen fin pase yon jounen nan sèvis Jewova, mwen rantre lakay mwen tou fatige se vre, men, mwen kontan e mwen remèsye Jewova paske li ban mwen yon lajwa pèsonn pa kapab anpeche m genyen. ” Kidonk se pou w kontinye ap fè sa ki byen, e ou menm tou, w ap jwenn yon gwo lajwa.

  • Se pou w toujou enterese ap chèche moun ki soud nan tèritwa w la
    Ministè Wayòm — 2001 | jen
    • Se pou w toujou enterese ap chèche moun ki soud nan tèritwa w la

      1 Jewova voye envitasyon sa a : “ ‘ Vini non ! ’ [...] Se pou nenpòt moun ki vle, pran dlo lavi a gratis. ” ​(Rev. 22:17). Gen moun soud k ap reponn envitasyon sa a chak jou piplis. Kòm rezilta, pandan 13 lane ki sot pase yo, nan filyal Etazini, yo fòme 27 kongregasyon ak 43 gwoup nan lang siy. Ann Ayiti, nou genyen kounye a 4 gwoup nan lang siy. Moun soud ki nan gwoup sa yo soti nan kongregasyon Akachon, Badèlma, Kafou-Fèy, ak Kwadèmisyon-Sid.

      2 Menmsi kongregasyon ak gwoup nan lang siy yo ap konsantre travay predikasyon yo nan chèche kontakte moun soud ak moun ki tande di nan tèritwa pa yo, gen anpil moun konsa nan peyi a nou gen pou nou jwenn toujou e pou nou bay temwayaj.

      3 Ki jan w ka potekole ? Pandan w nan yon zòn piblik èske w remake gen moun k ap sèvi ak lang siy ? Èske w konnen yon moun nan zòn kote w ap travay oswa nan lekòl ou ki gen yon fanmi l ki soud ? Se pou w toujou enterese chèche sila yo ki soud tout pandan w ap mennen aktivite w chak jou. Men, ki jan w ap fè sèten yo jwenn temwayaj pa yo sou Wayòm nan ?

      4 Ede yo jwenn temwayaj : Bay kongregasyon oswa gwoup lang siy ki pi pre w la adrès moun soud la. Anpil moun soud fè pwogrè pi rapid nan aprann y ap aprann laverite a, lè yo rankontre avèk Temwen ki soud nan reyinyon ki fèt nan lang siy ameriken. Donk, si gen yon gwoup oswa yon kongregasyon nan lang siy bò lakay ou, sekretè kongregasyon w lan ta dwe voye enfòmasyon sou moun soud ki nan tèritwa w la ba li.

      5 Sa pou w fè si pa gen pèsonn ki kapab bay moun soud nan zòn lakay ou yo yon èd espirityèl ? Ki èd ou ta ka bay ? Poukisa w pa vizite yo, ou pa pale ak moun nan kay la ki pa gen pwoblèm pou yo tande ? Ofri yo pou w montre yo yon kasèt videyo nan lang siy, pou w ka chofe enterè moun soud la. Gen pwoklamatè ki menm rive aprann lang siy ameriken pou yo kapab preche moun soud yo pi byen (Tra. 16:9, 10). Bwochi Bondye vle a ak liv Konesans lan deja disponib sou kasèt videyo an lang siy ameriken. Gen moun ki deja jwenn bonjan rezilta pandan y ap kondui etid biblik ak zouti sa yo.

      6 Si w montre w toujou enterese pou w jwenn moun soud nan zòn bò lakay ou, ou kapab ba yo posiblite pou yo pran dlo lavi a gratis. — Mat. 10:11.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje