BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Anons
    Ministè Wayòm — 2003 | janvye
    • Anons

      ◼ Piblikasyon n ap ofri an janvye : Nenpòt liv 192 paj ki te parèt anvan 1988 kongregasyon an gen nan estòk li. Kongregasyon ki gen liv L’humanité à la recherche de Dieu kapab ofri li tou. Fevriye : N ap prezante liv ki fèk parèt la, ki gen tit Approchez-vous de Jéhovah. Filyal ki pa ko gen liv sa a ka ranplase l swa avèk liv Création an oubyen ak liv Révélation : dénouement. Mas : Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Nou pral fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Avril ak me : Toudegad ak Réveillez-vous ! Lè nou retounen al vizite moun ki enterese, chèche ofri yo liv Adorez le seul vrai Dieu a. Fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik nan liv sa a si moun nan te etidye liv Konesans lan ak bwochi Bondye vle a.

      ◼ Apati mwa fevriye oswa 2 mas pou pi ta, siveyan sikonskripsyon yo ap prezante diskou “ Délivrés d’un monde de ténèbres ”.

      ◼ Pou ane sa a, kongregasyon yo dwe pran dispozisyon pou yo selebre Memoryal la mèkredi 16 avril, apre solèy la fin kouche. Kwak diskou a ka kòmanse pi bonè, yo pa ta dwe pase anblèm yo anvan sa. Verifye a ki lè solèy la ap kouche nan zòn nou ye a. Kote ki gen plizyè kongregasyon ki abitye itilize menm Sal Wayòm, petèt youn oswa plizyè nan yo ka jwenn lòt lokal pou sware sa a. Kote sa posib, nou sijere pou gen omwen 40 minit ant seremoni yo. Sa ap pèmèt tout moun pwofite okazyon an o maksimòm. Nou dwe egzamine pwoblèm ki kapab genyen pou machin paking, oubyen pwoblèm sa kapab bay nan monte oswa nan desann machin. Ansyen yo ta dwe deside ki dispozisyon k ap pi bon nan zòn nan.

      ◼ Lis piblikasyon ki fèk disponib pap parèt nan Ministè Wayòm ankò. Dispozisyon sa a kòmanse avèk Ministè Wayòm mwa sa a. Y ap kontinye voye yon anons bay kongregasyon yo chak mwa. N ap fè nou sonje, yon fwa yo fin jwenn lèt “ Anons pou tout kongregasyon ” an, y ap bay anons lan nan reyinyon sèvis k ap vini an. Lèfini, y ap mete lèt la sou tablo afichaj la. Apre sa, responsab piblikasyon an ap konsève lèt la nan dosye pa l.

  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm — 2003 | janvye
    • Repons kesyon w yo

      ◼ Ki lè li apwopriye pou nou fòme yon gwoup pou moun ki pale yon lòt lang ?

      Lè gen anpil moun ki pale yon lòt lang nan tèritwa yon kongregasyon, ansyen yo ta dwe fè sa yo kapab pou yo òganize predikasyon nan lang sa a (km 7/02 paj 1 ; km 2/98-F paj 3-4). Petèt, moun ki pale lang sa a gendwa epapiye nan tèritwa plizyè kongregasyon ki nan menm zòn. Lè sa a, siveyan sikonskripsyon an (oswa siveyan sikonskripsyon yo) pral di ki sa k pou fèt. Sa ap pèmèt kongregasyon ki konsène yo kolabore ansanm pou yo preche moun sa yo ki pale yon lòt lang. Tanzantan, yo ka bay yon diskou piblik oubyen yo ka fè yon etid Toudegad nan lang sa a yon fason pou teste konbyen moun k ap vin asiste.

      Men nan ki sikonstans yo ka fòme yon gwoup nan yon lòt lang : 1) Lè gen pwoklamatè oubyen moun ki enterese ki konprann laverite pi byen nan lang sa a. 2) Lè gen yon ansyen oubyen yon asistan ministeryèl ki kalifye pou sa e ki disponib pou l dirije omwen yon reyinyon pa semèn. 3) Lè gen yon kolèj ansyen ki dispoze voye je sou gwoup sa a. Lè tout kondisyon sa yo fin ranpli, ansyen yo ap mete filyal la okouran, yon fason pou gwoup sa a ka vin ofisyèl, e pou yo ka jwenn plis enstriksyon sou sa.

      Pifò gwoup, se avèk yon etid liv chak semèn yo kòmanse. Apre sa, ansyen yo ka dakò pou yo fè lòt reyinyon tankou diskou piblik ak etid Toudegad. Si gen yon ansyen oubyen yon asistan ministeryèl ki kalifye e ki pale lang sa a ki ka sèvi kòm konseye, yo ka fè yon klas Lekòl ministè teyokratik separe kote yo prezante diskou no 2, diskou no 3 ak diskou no 4. Men, gwoup la ap la lè y ap fè teknik pou fè bon diskou, diskou no 1, pwen biblik ki enteresan ak reyinyon sèvis ansanm ak tout rès kongregasyon an. Yo ka fè reyinyon predikasyon pou gwoup sa a tou.

      Tout moun ki nan gwoup la ap travay nan tèt ansanm anba direksyon kolèj ansyen an. Ansyen yo ta dwe montre frè yo sa pou yo fè, men yo ta dwe fè sa avèk ekilib. Menm kolèj ansyen an ap pran inisyativ nan sa ki gen rapò ak sa gwoup la bezwen. Lè siveyan sikonskripsyon an ap vizite kongregasyon ki responsab gwoup sa a, l ap planifye l pou l ka preche ak gwoup la tou yon fason pou yo ka jwenn èd espirityèlman. Grasa benediksyon Jewova ap lage sou gwoup sa a, li ka vin yon kongregasyon pi devan.

  • Kèk sijesyon sou fason pou nou prezante liv Approchez-vous de Jéhovah a
    Ministè Wayòm — 2003 | janvye
    • Kèk sijesyon sou fason pou nou prezante liv Approchez-vous de Jéhovah a

      ◼ Avèk Bib la nan men w, men ki sa w ka di : “ Anpil moun ki kwè nan Bondye pa konn sa yo ta bay pou yo vin pi pwòch li. Èske w te konnen Bondye envite nou pwoche bò kote l ? [Li Jak 4:8.] Ou wè liv sa a, yo fè l pou ede moun sèvi ak pwòp bib pa yo pou yo ka pwoche bò kote Bondye. ” [Li paragraf 1 an nan paj 16 la.]

      ◼ Avèk Bib la nan men w, men ki sa w ka di : “ Jodi a, tout kote w pase se enjistis ou wè. Gade ki jan Bib la pale de sa. [Li Eklezyas 8:9b.] Sa fè anpil moun mande tèt yo : ‘ Ou kwè Bondye pa bliye nou ? ’ [Li de premye fraz ki nan paragraf 4 nan paj 119 la.] Chapit sa a esplike poukisa Bondye kite enjistis ap fèt pou yon ti tan. ”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje