BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • bh p. 199-p. 201 par. 4
  • Jezi Kris: Mesi yo te pwomèt la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi Kris: Mesi yo te pwomèt la
  • Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Sou menm sijè a
  • Èske pwofesi ki gen rapò ak Mesi a bay prèv se Jezi ki Mesi a?
    Repons Bib la bay
  • Pwofesi yo te anonse sou Mesi a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Yo t ap tann Kris la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Jezi Kris se kle konesans Bondye a
    Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la
Gade plis
Ki sa Labib anseye toutbonvre?
bh p. 199-p. 201 par. 4

APENDIS

Jezi Kris: Mesi yo te pwomèt la

POU Jewova Dye ede nou idantifye Mesi a, li te enspire anpil pwofèt pou yo founi detay nan Bib la konsènan nesans Moun yo te pwomèt ki t apral delivre nou an, konsènan ministè li ak lanmò li. Tout pwofesi biblik sa yo te akonpli sou Jezi Kris. W ap sezi wè jan yo presi e jan yo detaye. Kòm egzanp, annou egzamine kèk pwofesi ki te predi yon seri evènman ki gen rapò ak lè Mesi a te fèt ak lè l te piti.

Pwofèt Izayi te anonse Mesi a t ava yon desandan Wa David (Izayi 9:7). Vrèmanvre, Jezi te fèt nan liy fanmi David. — Matye 1:1, 6-17.

Gen yon lòt pwofèt Bondye ki te rele Mika ki te predi timoun sa a t ava finalman tounen yon chèf, e li t ava fèt nan “Betleyèm Efrata”. (Mika 5:2.) Nan epòk Jezi te fèt la, te gen de vil ann Izrayèl ki te rele Betleyèm. Gen youn ki te toupre Nazarèt nan zòn nò peyi a, e lòt la te toupre Jerizalèm nan zòn Jide. Betleyèm ki te toupre Jerizalèm nan te rele Efrata nan tan lontan. Se nan vil sa a Jezi te fèt, egzakteman jan pwofesi a te predi l la! — Matye 2:1.

Gen yon lòt pwofesi nan Bib la ki te predi yo t ava rele Pitit Gason Bondye a “pou l sot ann Ejip”. Lè Jezi te timoun, yo te mennen l ann Ejip. Apre lanmò Ewòd, yo mennen l tounen. Konsa, pwofesi a akonpli. — Ocheya 11:1; Matye 2:15.

Nan tablo ki nan paj 200 an, vèsè yo mete anba tit “Pwofesi” a gen detay ki konsène Mesi a. Tanpri, konpare yo ak vèsè yo mete anba tit “Akonplisman” an. Sa pral ede w kwè plis toujou Pawòl Bondye a se verite.

Etan w ap egzamine vèsè sa yo, pa bliye yo te ekri vèsè pwofetik yo sa gen plizyè santèn ane anvan nesans Jezi. Men sa Jezi te di: “Tout bagay ki ekri konsènan mwen menm nan lwa Moyiz la, nan Pwofèt yo ak nan Sòm yo dwe akonpli.” ​(Lik 24:44). Ou ka verifye sa nan pwòp bib pa w: yo te vrèman akonpli, e nan mwenn ti detay!

PWOFESI KI KONSÈNE MESI A

SA YO TE PREDI

PWOFESI

AKONPLISMAN

L ap fèt nan tribi Jida

Jenèz 49:10

Lik 3:23-33

Yon vyèj ap manman l

Izayi 7:14

Matye 1:18-25

Desandan wa David

Izayi 9:7

Matye 1:1, 6-17

Jewova fè konnen li se Pitit li

Sòm 2:7

Matye 3:17

Yo pap kwè nan li

Izayi 53:1

Jan 12:37, 38

Antre Jerizalèm sou yon bourik

Zekarya 9:9

Matye 21:1-9

Yon pwòch li ap trayi l

Sòm 41:9

Jan 13:18, 21-30

Yo trayi l pou 30 pyès ann ajan

Zekarya 11:12

Matye 26:14-16

Silans devan akizatè l yo

Izayi 53:7

Matye 27:11-14

Y ap fè tiraj osò ak rad li

Sòm 22:18

Matye 27:35

Yo pase l nan rizib sou poto a

Sòm 22:7, 8

Matye 27:39-43

Zo l pap kraze

Sòm 34:20

Jan 19:33, 36

Antere pami moun rich

Izayi 53:9

Matye 27:57-60

Resisite anvan kò l dekonpoze

Sòm 16:10

Travay 2:24, 27

Elve adwat Bondye

Sòm 110:1

Travay 7:56

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje