BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • bh p. 197-p. 199 par. 2
  • Pwofesi Danyèl la predi Mesi a ta gen pou vini

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwofesi Danyèl la predi Mesi a ta gen pou vini
  • Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Sou menm sijè a
  • Pwofesi Dànyèl la te gentan fè konnen Mesi a te gen pou l vini
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
  • Èske Labib fè konnen sa k ap rive demen?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
Ki sa Labib anseye toutbonvre?
bh p. 197-p. 199 par. 2

APENDIS

Pwofesi Danyèl la predi Mesi a ta gen pou vini

PWOFÈT Danyèl te pase sou tè a sa gen plis pase 500 an anvan nesans Jezi. Sepandan, Jewova te revele yon seri enfòmasyon bay Danyèl ki t ap pèmèt nou idantifye moman kote Jezi t ap wen, kote l t ap vin Mesi oswa Kris. Men sa yo te di Danyèl: “E ou dwe konnen e ou dwe gen klèvwayans, depi pawòl la soti pou yo restore Jerizalèm e pou yo rebati l rive jiska Mesi, Lidè a, ap gen sèt semèn, epitou ap gen swasannde semèn.” — Danyèl 9:25.

Pou nou jwenn moman Mesi a t ava vini, toudabò, nou bezwen konnen kòmansman peryòd ki t ap mennen nan Mesi a. Selon pwofesi a, sa ta dwe fèt “depi pawòl la soti pou yo restore Jerizalèm e pou yo rebati l”. Ki lè “pawòl la te soti”? Selon Neyemya, yon ekriven biblik, pawòl pou yo rebati miray Jerizalèm nan te soti “nan ventyèm ane wa Atakzèksès”. (Neyemya 2:1, 5-8.) Istoryen yo konfime ane 474 anvan epòk nou an se te premye ane konplè rèy Atakzèksès. Donk, 20yèm ane rèy li a se te an 455 anvan epòk nou an. Kounye a, nou konnen kòmansman peryòd pwofesi mesyanik Danyèl la: ane 455 anvan epòk nou an.

Danyèl fè konnen konbyen tan ki t ap pase jiskaske “Mesi, Lidè a” parèt. Pwofesi a di ap gen “sèt semèn, epitou ap gen swasannde semèn”, swa yon total 69 semèn. Konbyen tan peryòd sa a reprezante? Plizyè tradiksyon Labib fè konnen se pa semèn sèt jou, men se semèn ane. Sa vle di, chak semèn reprezante setan. Fason sa a pou yo pale de semèn ane, oswa gwoup setan, pa t etranj pou Juif nan tan lontan yo. Pa egzanp, yo te konn obsève yon ane Saba chak setan (Egzòd 23:10, 11). Donk, 69 semèn pwofetik yo vin bay 69 gwoup, e chak gwoup gen 7 an, swa yon total 483 an.

Kounye a, tout sa nou gen pou n fè, se konte. Si nou konte 483 an soti nan ane 455 anvan epòk nou an, sa mennen nou nan ane 29 epòk nou an. Se egzakteman nan ane sa a Jezi te batize e li te vin Mesia (Lik 3:1, 2, 21, 22)! Èske sa se pa yon pwofesi biblik ki akonpli yon fason estrawòdinè?

Tablo: Pwofesi sèt semèn nou jwenn nan Dànyèl 9 la te deja fè konnen Mesi a ta gen pou vini.

a Soti nan ane 455 anvan epòk nou an, pou rive nan ane 1 anvan epòk nou an, sa fè 454 an. Soti nan ane 1 anvan epòk nou an, pou rive nan ane 1 epòk nou an, sa fè ennan (pa t gen ane zewo). Epi, soti nan ane 1 epòk nou an pou rive nan ane 29 epòk nou an, sa fè 28 an. Lè w adisyone twa chif sa yo, sa bay yon total 483 an. Jezi te “elimine” nan lanmò nan ane 33 epòk nou an, pandan 70yèm semèn ane a (Danyèl 9:24, 26). Gade chapit 11 liv Prêtons attention à la prophétie de Daniel!, ak Étude perspicace des Écritures, volim 2, paj 995-7. Toule de liv sa yo, se Temwen Jewova ki pibliye yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje