Kantik 11 (29)
Annavan, Temwen !
1. Temwen yo djanm e yo byen detèmine
Nan tan lafen an, y ap defann laverite.
Satan Ledyab mèt fin dechennen,
Grasa fòs Bondye bay yo pap bay legen.
(Refren)
2. Lòm pouse jistis, verite, sou kote.
Mechan vle pou non Jewova elimine.
Tout bagay sa yo dwe korije.
Ak kouraj ak lajwa n ap potekole.
(Refren)
3. Sòlda Bondye pa dèyè lavi fasil,
Yo pa suiv monn nan ak lespwa y ap viv trankil.
Konsa, yo pa kite l tache yo,
Yo fidèl, y ap travay pou viv san defo.
(REFREN)
Temwen Bondye annavan, montre nou pa pè !
Nan travay li a, n ap patisipe, nou fyè !
Mache fè konnen monn nouvo a vin toupre,
Benediksyon l ap rive toutbonvre !