-
Annou sèvi ak sipò vizyèl pou nou anseye moun yoMinistè Wayòm — 2006 | fevriye
-
-
Annou sèvi ak sipò vizyèl pou nou anseye moun yo
1. Ki jan Jewova te sèvi ak sipò vizyèl pou l anseye kèk sèvitè l nan tan lontan, e ki efè sa te gen sou yo ?
1 Nan tan lontan, pou Jewova te kominike sèvitè l yo enfòmasyon ki enpòtan, pafwa li te konn sèvi ak vizyon ansanm ak rèv. Sa raple nou vizyon Ezekyèl te resevwa kote li te wè cha selès Jewova a (Eze. 1:1-28). Imajine tou ki jan Dànyèl dwe te santi l lè li te resevwa vizyon pwofetik ki te dekri fason pisans mondyal yo t ap gen pou yo defile youn apre lòt (Dàn. 7:1-15, 28). E ki sa nou ta ka di pou revelasyon estrawòdinè apot Jan te jwenn kote, pa mwayen yon seri “ siy ”, li te wè bagay ki t ap gen pou rive nan “ jou Seyè a ” ? (Rev. 1:1, 10.) Pou Jewova te anseye twa sèvitè l sa yo, li te sèvi ak koulè vif ansanm ak aksyon pisan, e sa te fè yon enpresyon dirab sou lespri yo.
2. Ki sipò vizyèl nou ka itilize pou nou anseye lòt moun verite ki nan Bib la ?
2 Menm jan an tou, si nou vle kominike lòt moun verite ki nan Bib la pou l fè yon enpresyon sou yo yon fason pou yo pa bliye l fasilman, nou ka sèvi ak kasèt videyo nou yo pou nou anseye yo. Kasèt videyo nou yo pale sou yon pakèt sijè, yo bati konfyans nou nan Bib la, nan òganizasyon Jewova a ak nan prensip k ap pèmèt yon kretyen amelyore lavi l. Annou egzamine kèk fason nou ka itilize kasèt videyo nou yo pou nou anseye lòt moun. Nou pral wè egzanp kèk kasèt nou ka itilize.
3. Ki sa nou ka itilize pou nou oryante yon etidyan Labib vin nan òganizasyon an ?
3 Nan ministè a : Èske w te pale ak yon etidyan w de òganizasyon mondyal nou an e de fratènite ki gen ladan l ? Ou ka sèvi ak kasèt videyo Toute la communauté des frères la pou w fè l wè sa. Ou ka kite kasèt videyo a nan men l pou l gade l anvan pwochen etid la, oubyen tou ou ka gade l ansanm avè l yon pwochèn fwa lè w al fè etid la.
4. Ki zouti ansèyman yon jèn ka itilize pou l bay temwayaj nan lekòl li ?
4 Ou menm jèn, ou ta ka pale ak pwofesè w konsènan posiblite pou w ta pase pou klas la kasèt videyo ki gen dokimantè ki rele La fermeté des Témoins de Jéhovah face à la persécution nazie oswa Fidèles dans les épreuves — Les Témoins de Jéhovah en Union soviétique. Ou ka pwopoze pou w prepare yon fèy ki gen kesyon. Epi, ou ka adapte kesyon ki nan Ministè Wayòm jen 2001 an oswa Ministè Wayòm fevriye 2003 a pou nou ka diskite nan klas la.
5. Ki sa ki disponib paran yo ka itilize nan etid familyal y ap fè ak pitit yo ?
5 Pou fanmi ak zanmi : Paran, èske w rann ou kont ki kantite tan ki gentan pase depi lè pitit ou te gade kasèt videyo Les jeunes s’interrogent... Comment se faire de vrais amis ? an. Èske w pa ta ka gade l ankò nan pwochen etid familyal w ap fè ? Ministè Wayòm avril 2002 a bay kèk kesyon ki ka pèmèt fanmi an gen yon konvèsasyon ki enteresan e ki fran.
6. Ki jan ou ta ka planifye yon ti moman edifyan ak kèk zanmi ?
6 Èske w gen kèk zanmi nan kongregasyon an ou ta renmen envite lakay ou ? Nou ta ka gade kasèt videyo Respectons l’autorité de Jéhovah a ansanm. Nou ta gendwa fè sa yon apre midi, e sa t ap edifye nou, sitou si apre sa nou sèvi ak kesyon ki nan Ministè Wayòm septanm 2004 la pou nou egzamine sa nou te aprann yo.
7. Sou ki posiblite ou ka reflechi pou w itilize kasèt videyo nou yo ?
7 Lòt okazyon : Ki lòt fason ankò ou ka itilize 20 kasèt videyo nou genyen yo ? Ou pa panse si w fè yon moun ou vizite regilyèman gade youn oubyen de ladan yo, sa ap ede l fè pwogrè espirityèl ? Èske w ta ka pwopoze pou w pase yo pou yon mezon retrèt oswa yon azil kote ki gen granmoun ? Èske w panse kasèt videyo sa yo ta ka fè fanmi w ak vwazen w ansanm ak kòlèg travay ou ki pa Temwen vin gen estim pou òganizasyon an ? Kasèt videyo nou yo se sipò vizyèl ki fè gwo enpresyon sou moun, ki enstriktif e ki efikas. Annou itilize yo pou nou anseye moun yo.
-
-
Jan pou nou prezante peryodik yoMinistè Wayòm — 2006 | fevriye
-
-
Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 fev.
“ Si w ta gen pou w chwazi yon moun pou dirije monn nan, kiyès ou t ap chwazi ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a egzamine kalifikasyon Mesi a, moun Bondye chwazi pou dirije tè a. Li esplike tou ki sa rèy li pral pote pou limanite. ” Li Izayi 9:6, 7.
Réveillez-vous! Fev.
“ Jodi a, moun yo adore anpil dye. Sepandan, note sa Jezi te di nan yon priyè konsènan Papa l ki nan syèl la. [Li Jan 17:3.] Si gen yon sèl vrè Dye, e tout lòt dye yo, sa yo ye ? [Kite moun nan reponn.] Atik sa a bay pwennvi Labib sou kesyon sa a. ” Prezante atik ki nan paj 28-9 la.
Toudegad 1ye mas
“ Pifò moun dakò nou dwe gen lanmou youn pou lòt, menm jan Jezi kòmande nou sa nan vèsè sa a. [Li Jan 13:34, 35.] Sepandan, ki kote nou ka jwenn moun k ap aplike ansèyman Jezi yo nan lavi yo ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a egzamine fason nou kapab idantifye vrè kretyen yo jodi a. ”
Réveillez-vous! Mas
“ Lanmou endispansab pou bonè nou ak byennèt nou. Toutfwa, vrè lanmou an se yon bagay ki difisil pou anpil moun jwenn. Dapre ou menm, sa k fè sa ? [Kite moun nan reponn.] Youn nan mwayen pou nou jwenn vrè lanmou an se pou nou aprann montre lanmou san enterè pou lòt moun. Peryodik sa a esplike ki sa sa enplike. ” Li 1 Korentyen 13:4-7.
-