Kantik 29
Mache avèk entegrite
(Sòm 26)
1. Jije’m Seyè. Mwen swete lè’w gade’m,
Ou wè fidelite’m, ou wè entegrite’m.
Egzamine’m, mete mwen aleprèv,
E rafine kè mwen pou’m toujou fè bèl zèv.
(REFREN)
Mwen vle mache avèk entegrite,
Mwen vle toujou rete nan chemen verite.
2. Mwen pa chita ak mechan, ak mantè.
Mwen pa frekante moun ki meprize’w, Seyè.
Pa efase lavi’m ak moun mechan,
Nanm mwen ak moun enjis k’ap mal aji toutan.
(REFREN)
Mwen vle mache avèk entegrite,
Mwen vle toujou rete nan chemen verite.
3. Wi, mwen renmen kay kote’w abite.
Adorasyon’w sakre, m’ap soutni’l san rete.
Mwen pral mache toutotou lotèl ou,
Pou’m di aksyondegras pou ou sèl toulejou.
(REFREN)
Mwen vle mache avèk entegrite,
Mwen vle toujou rete nan chemen verite.
(Gade tou Sòm 25:2.)