BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 32 p. 194-p. 196 par. 4
  • Pale ak konviksyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pale ak konviksyon
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Preche bon nouvèl la avèk bonjan konviksyon
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • Pale ak konviksyon
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Paran: Ede pitit nou vin gen ‘sajès k ap pèmèt yo delivre’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Se pou w gen konviksyon ou nan laverite
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 32 p. 194-p. 196 par. 4

LESON 32

Pale ak konviksyon

Ki sa pou w fè?

Pale yon fason ki montre w kwè san pousan sa w ap di a se laverite e li enpòtan.

Poukisa sa enpòtan?

Konviksyon w genyen ap ankouraje lòt moun pou yo pran sa w ap di a oserye e pou yo aji ann amoni ak sa w ap di a.

LÈ YON moun pale ak konviksyon, lòt moun wè li kwè toutbonvre nan sa l ap di a. Apot Pòl te montre aklè li gen yon konviksyon konsa nan travay predikasyon li t ap fè a. Men sa l te ekri moun ki te vin kwayan nan vil Tesalonik yo: “Bon nouvèl n ap preche a pa t rive lakay nou ak pawòl sèlman, men li te rive tou [...] avèk fèm konviksyon.” ​(1 Tes. 1:5). Konviksyon sa a te parèt ni nan fason li te pale ni nan fason li te viv. Nou dwe montre nou gen yon konviksyon fèm konsa tou nan fason nou prezante verite ki nan Bib la.

Yon moun ki pale ak konviksyon pa menm ak yon moun ki kwè sa l di se fini, nitou li pa menm ak yon moun k ap defann yon bagay li pa ka menm pwouve oswa yon moun ki awogan. Men, lè yon moun ki gen konviksyon ap pale sou bagay ki nan Pawòl Bondye a, li fè sa yon fason ki demontre li gen yon lafwa ki solid. — Ebre 11:1.

Okazyon w genyen pou w pale ak konviksyon. Li enpòtan pou w pale ak konviksyon lè w ap preche. Souvan, moun yo pa gade mesaj w ap bay la sèlman, yo gade tou fason w pale. Yo konprann fason w vrèman santi w anrapò ak sa w ap di a. Konviksyon w genyen ka montre yo ou gen yon bagay ki enpòtan anpil pou w pataje avèk yo, sa ka gen plis fòs lontan pase mo w ap di yo.

Li nesesè tou pou w demontre konviksyon w lè w ap pale devan frè ak sè yo. Apot Pyè te ekri premye lèt Bondye te enspire l ekri a ‘pou l ankouraje kretyen parèy li yo e pou l sètifye se sa ki vrè favè san parèy Bondye a’. Nan lèt sa a tou, men sa l te ankouraje yo pou yo fè: “Kenbe fèm ladan l.” ​(1 Pyè 5:12). Lè apot Pòl t ap ekri kongregasyon ki te nan vil Wòm nan, li te demontre li gen yon konviksyon ki te pwofitab pou moun ki te nan kongregasyon sa a. Men sa l te ekri: “Mwen gen konviksyon ni lanmò, ni lavi, ni zanj, ni gouvènman, ni bagay ki la kounye a, ni bagay ki gen pou vini, ni pisans, ni bagay ki wo, ni bagay ki ba, ni okenn lòt kreyasyon pap kapab separe nou ak lanmou Bondye ki nan Kris Jezi, Seyè nou an.” ​(Wom. 8:38, 39). Anplis, Pòl te ekri konsènan nesesite ki genyen pou yo preche lòt moun, li te fè sa yon fason konvenkan, e li menm, nan fason li te zele nan aktivite sa a, li te pwouve byen klè li te gen konviksyon se yon travay ki enpòtan (Tra. 20:18-21; Wom. 10:9, 13-15). Jodi a, ansyen yo dwe demontre yo gen menm konviksyon sa a lè y ap anseye Pawòl Bondye a.

Pandan moman paran yo ap etidye Labib ak pitit yo, e nan lòt moman ankò, yo bezwen demontre yo gen konviksyon lè y ap pale sou bagay ki konsène relasyon manm fanmi an ak Bondye. Sa mande pou paran yo chèche gen lanmou pou Bondye nan kè yo. Konsa, y ap ka pale ak pitit yo avèk bonjan konviksyon, ‘paske, pawòl ki sot nan bouch yon moun montre sa l gen nan kè l ann abondans’. (Lik 6:45; Det. 6:5-7.) Lè paran yo gen yon konviksyon konsa, sa ap pouse yo bay pitit yo egzanp nan kesyon ‘gen yon lafwa ki san ipokrizi’ a. — 2 Tim. 1:5.

Li enpòtan pou w pale ak konviksyon sitou lè lafwa w anba eprèv. Yon kondisip ou, yon pwofesè w oswa yon kòlèg travay ou ka montre w li sezi poutèt ou pa patisipe nan yon fèt. Si w ba l yon repons ki fèm e w byen rezone avè l, sa ka ede l respekte pozisyon w ki baze sou Bib la. Ki sa pou w fè si yon moun ap chèche fè w tonbe nan yon move konduit, pa egzanp, si l vle fè w fè yon bagay malonèt, li vle fè w pran dwòg oswa li vle fè w fè imoralite seksyèl? Li enpòtan pou w di l byen klè ou pap fè yon bagay konsa ditou e pa gen anyen k ap fè w chanje lide. Ou bezwen pale ak konviksyon lè w ap repouse sa moun nan di w la. Lè Jozèf t ap repouse pawòl imoral madan Potifa yo, li te di l avèk fèmte: “Kòman pou m ta fè fè yon gwo bagay mal konsa e pou m ta peche kont Bondye?” Lè madan Potifa te pèsiste, Jozèf te kouri kite kay la. — Jen. 39:9, 12.

Fason w ka montre w gen konviksyon. Mo w ap itilize yo enpòtan anpil lè w ap demontre konviksyon w. Nan anpil okazyon, anvan Jezi te fè yon deklarasyon, men sa l te di: “Anverite m ap di nou sa.” ​(Jan 3:3, 5, 11; 5:19, 24, 25). Konviksyon Pòl te genyen te parèt nan kèk pawòl li te di, tankou: “Mwen gen konviksyon”, “Mwen konnen e mwen gen konviksyon nan Seyè Jezi”, “Sa m di a se verite, mwen pap bay manti”. (Wom. 8:38; 14:14; 1 Tim. 2:7.) Anrapò ak akonplisman pawòl Jewova, pafwa Jewova te enspire pwofèt li yo pou yo fè yon seri deklarasyon ak anpil fòs; youn ladan yo se te: “L ap reyalize kanmenm.” ​(Aba. 2:3). Lè w ap pale de pwofesi sa yo, ou ka di pawòl ki sanble ak pawòl sa yo. Si w pa mete konfyans nan tèt ou, men w mete konfyans ou nan Jewova, e si w pale ak lòt moun yon fason ki montre w gen respè pou yo, konviksyon w ap demontre ap bay prèv ou gen yon lafwa ki solid.

Ou ka demontre konviksyon w tou nan jan w chofe pou w pale ak nan fòs ou itilize pou w pale. Santiman w montre sou vizaj ou, jès ou fè ak lòt mouvman w fè ak kò w, tout bagay sa yo ka kontribye pou montre konviksyon w. Sepandan, tout moun pa itilize yo nan menm nivo. Menmsi ou se yon moun ki timid oswa ou pa gen gwo vwa, lè w kwè ak tout kè w sa w ap di a se laverite e li enpòtan pou lòt moun tande l, konviksyon w ap parèt aklè.

Natirèlman, kèlkeswa fason nou demontre konviksyon nou, nou ta dwe sensè. Si moun yo konprann se pa ak tout kè w w ap pale vre, men se demonstrasyon w ap fè, petèt y ap panse mesaj ou a manke fondman. Se sitou pou rezon sa a ki fè w bezwen rete natirèl. Selon kantite moun k ap koute w la, ou ka bezwen pale pi fò pase jan w abitye pale. Men, ou ta dwe gen objektif pou w pale ak tout kè w e yon fason ki natirèl.

Sa k ap ede w pale ak konviksyon. Piske pou w pale ak konviksyon, sa depann de santiman w genyen parapò ak enfòmasyon w ap egzamine yo, li enpòtan pou w fè bonjan preparasyon. Annik pran enfòmasyon yo nan yon piblikasyon epi kopye yo pou w resite pa sifi. Ou bezwen konprann yo byen klè e w bezwen di yo ak pwòp mo pa w. Ou dwe kwè ak tout kè w sa w ap di a se laverite e li gen anpil enpòtans pou moun k ap koute w yo. Sa vle di, lè w ap prepare enfòmasyon w pral prezante yo, reflechi sou sitiyasyon moun ki pral koute w yo, sou sa yo ka deja konnen sou sijè a e sou fason yo ka santi yo lè yo tande yon sijè konsa.

Li pi fasil pou lòt moun wè nou gen konviksyon lè nou pale yon fason ki swa. Se poutèt sa, nonsèlman ou dwe byen prepare enfòmasyon yo, men tou, ou dwe fè bonjan repetisyon sou fason w pral prezante yo. Byen reflechi sou pati nan enfòmasyon yo ki mande pou w pale ak tout kè w plis toujou, yon fason pou w ka pale sou yo san w pa plede ap gade nòt ou yo. Sonje priye Jewova tou pou l beni efò w ap fè yo. Konsa, w ap ‘mete kran sou ou grasa Bondye nou an’ pou w pale yon fason ki montre w gen konviksyon sa w ap di a se laverite e li enpòtan. — 1 Tes. 2:2.

FASON POU W FÈ SA

  • Pale avèk santiman ki apwopriye ak sijè w la.

  • Itilize mo ak ekspresyon ki demontre w gen konviksyon.

  • Egzamine enfòmasyon yo jiskaske w byen konprann yo e w ka di yo ak pwòp mo pa w. Ou dwe pale yon fason ki montre w kwè san pousan sa w ap di a se laverite e li enpòtan anpil pou moun k ap koute w yo.

EGZÈSIS: Egzamine istwa biblik ki vin apre yo: Egzòd 14:10-14; 2 Wa 5:1-3; Dànyèl 3:13-18; Travay 2:22-36. Nan istwa yo rakonte yo, ki jan sèvitè Bondye yo te demontre konviksyon yo? Ki sa k te baz konviksyon yo te genyen an? Ki jan w ka demontre ou gen yon konviksyon konsa jodi a?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje