Kantik 113
Nou gen rekonesans pou Pawòl Bondye a
Édition imprimée
1. Jewova, Papa nou, nou vle di’w mèsi
Pou Labib, Pawòl ou, ki fè nou plezi.
Ou te enspire kèk moun pou yo ekri panse’w,
Konsa, ou anseye’n pou’n fè volonte’w.
2. Bib la trè atiran, e li itil nou.
Pwofèt yo se te moun menm jan avèk nou.
Lè’n li istwa lavi yo, nou vin gen plis kouraj.
Bib la fòtifye nou, li fè nou vin saj.
3. Pawòl ou a vivan, li gen gwo pouvwa,
Li separe nanm nan avèk lespri a.
L’egzamine mobil nou, panse’n ak entansyon’n.
Wi, li ban nou sajès avèk direksyon.
(Gade tou Sòm 119:16, 162; 2 Tim. 3:16; Jak 5:17; 2 Pyè 1:21.)