CHAPIT ONZ
Prezève lapè nan kay ou
1. Ki bagay konsa ki ka lakòz divizyon nan fanmi yo ?
NAN yon fanmi kote gen lanmou, konpreyansyon ak lapè, moun yo gen kè kontan. Nou swete se konsa fanmi pa w ye. Malerezman, gen anpil fanmi ki pa koresponn ak deskripsyon sa a e yo divize pou yon rezon oubyen yon lòt. Ki bagay ki konn lakòz divizyon nan fanmi yo ? Nan chapit sa a, nou pral pale sou twa ladan yo. Nan kèk fanmi, tout moun yo pap pratike menm relijyon. Nan kèk lòt fanmi, timoun yo ka pa menm papa oubyen yo pa menm manman. E nan kèk lòt, sanble se gwo efò moun yo ap fè pou yo jwenn sa ki nesesè pou yo viv, oubyen se anvi pou yo gen plis byen materyèl, ki lakòz fanmi an divize. Poutan, sitiyasyon ki lakòz divizyon nan yon kay konn pa afekte yon lòt kay. Ki sa k fè diferans lan ?
2. Ki kote kèk moun al chèche konsèy anrapò ak lavi fanmi, men ki pi bon sous ki genyen pou jan de konsèy sa yo ?
2 Toudabò, se yon kesyon pwennvi. Si w fè efò toutbon pou w konprann pwennvi lòt moun nan, l ap pi fasil pou w disène fason pou w prezève inite nan kay la. Yon lòt bagay ankò, se sous kote w al chèche konsèy. Anpil moun suiv konsèy kòlèg travay, vwazen, konsèy yo bay nan jounal, oubyen yo suiv sa lòt konseye imen di. Tandiske, gen lòt moun ki chèche konnen sa Pawòl Bondye a di sou sitiyasyon pa yo, e apre sa yo aplike sa yo aprann nan. Kòman sa ka ede yon fanmi prezève lapè nan kay la ? — 2 Timote 3:16, 17.
SI MARI W PA GEN MENM FWA AVÈK OU
Chèche konprann pwennvi lòt moun nan.
3. a) Ki konsèy Bib la bay sou kesyon pou yon moun marye ak yon moun ki pa gen menm fwa ak li ? b) Site kèk prensip fondamantal ki aplikab si yon konjwen kwayan epi lòt la pa kwayan.
3 Bib la konseye nou yon fason fèm pou nou pa marye ak moun ki pap pratike menm relijyon ak nou (Detewonòm 7:3, 4 ; 1 Korentyen 7:39). Sepandan, li ka rive ou te aprann verite ki nan Bib la apre w fin marye, men mari w pa aprann li. Alò, ki sa pou w fè ? Natirèlman, ve ou te fè lè w t ap marye a toujou valab (1 Korentyen 7:10). Bib la mete aksan sou karaktè pèmanan lyen maryaj la e li ankouraje moun ki marye yo pou yo rezoud pwoblèm yo genyen olye pou yo kouri pou yo (Efezyen 5:28-31 ; Tit 2:4, 5). Bon, e si mari w kategorikman opoze, li pa vle w pratike relijyon Bib la anseye a ? Li ka eseye anpeche w al nan reyinyon kongregasyon an, oubyen li ka di li pa vle madanm li al preche kay an kay pou l al pale de relijyon. Ki sa w ap fè ?
4. Kòman yon madanm ka montre li konpreyansif si mari li pa gen menm fwa ak li ?
4 Mande tèt ou : ‘ Poukisa se konsa mari m reyaji ? ’ (Pwovèb 16:20, 23). Si l pa vrèman konprann sa w ap fè a, li ka enkyè pou ou. Oubyen li kapab jwenn presyon nan men fanmi l paske ou pa patisipe ankò nan sèten koutim ki enpòtan pou yo. Gen yon mari ki di : “ Poukont mwen nan kay la, mwen santi m abandone. ” Mesye sa a te gen enpresyon li t ap pèdi madanm li akoz yon relijyon. Sepandan, ògèy te anpeche l eksprime santiman solitid li genyen. Petèt, mari w bezwen gen asirans lanmou w genyen pou Jewova pa vle di kounye a ou renmen l mwens pase anvan. Veye pou w pase tan ansanm ak li.
5. Ki ekilib yon madanm mari l pa gen menm fwa avèk li dwe toujou kenbe ?
5 Sepandan, gen yon bagay ki pi enpòtan toujou ou bezwen pran an konsiderasyon si w ta renmen aji avèk sajès nan sitiyasyon an. Pawòl Bondye a bay madanm yo egzòtasyon sa a : “ Se pou nou soumèt devan mari nou, jan sa dwe fèt nan Seyè a. ” (Kolosyen 3:18). Konsa, li bay yon mizangad kont lespri endepandans. Anplis de sa, lè li di “ jan sa dwe fèt nan Seyè a ”, vèsè sa a montre lè yon madanm ap soumèt devan mari l li dwe teni kont de soumisyon l devan Seyè a tou. Dwe gen ekilib.
6. Ki prensip yon kretyèn marye dwe toujou sonje ?
6 Pou yon kretyen, asiste reyinyon kongregasyon an, epi bay lòt moun temwayaj sou lafwa li ki baze sou Bib la, se kèk aspè enpòtan nan vrè adorasyon an li pa dwe neglije (Women 10:9, 10, 14 ; Ebre 10:24, 25). Alò, ki sa w ap fè si yon moun pase w lòd pou w pa obeyi yon kòmandman byen presi Bondye bay ? Apot Jezi Kris yo te deklare : “ Nou dwe obeyi Bondye antanke chèf olye nou obeyi lèzòm. ” (Travay 5:29). Egzanp yo a bay yon modèl ki aplikab nan anpil sitiyasyon nan lavi a. Èske lanmou w pou Jewova ap pouse w ba li atachman san pataj li menm sèl gen dwa pou l resevwa a ? Anmenmtan, èske lanmou ak respè ou gen pou mari w ap pouse w fè sa yon fason pou l pa kontrarye ? — Matye 4:10 ; 1 Jan 5:3.
7. Ki detèminasyon yon kretyèn marye dwe genyen ?
7 Jezi te fè remake sa pa t ap toujou posib. Li te esplike akoz opozisyon vrè adorasyon an t apral jwenn, moun ki kwayan nan kèk fanmi t apral santi se kòmsi gen yon epe ki separe yo ak rès fanmi an (Matye 10:34-36). Gen yon Japonèz ki te viv sa. Mari li te opoze pandan 11 an. Li te maltrete l yon fason ki brital e souvan li te konn fèmen l deyò. Men, madanm nan te pèsevere. Zanmi nan kongregasyon an te ede l. Li te priye toutan e li te jwenn anpil ankourajman nan 1 Pyè 2:20. Kretyèn sa a te konvenki si l rete fèm, yon jou mari l ap vin sèvi Jewova ansanm ak li. E se sa mari a te fè.
8, 9. Ki jan yon madanm ta dwe aji pou l evite fè mari l gen pwoblèm ak li san nesesite ?
8 Gen anpil bagay pratik ou ka fè pou w mennen konjwen w chanje atitid. Pa egzanp, si mari w pa dakò ak relijyon w, veye pou l pa jwenn okenn rezon valab pou l repwoche w nan lòt domèn. Kenbe kay la pwòp. Veye sou aparans ou. Toujou eksprime lanmou w ak apresyasyon ou gen pou li. Olye pou w ap kritike l, soutni l pito. Montre l ou konte sou li antanke chèf ou. Si w santi li trete w mal, pa rann li laparèy (1 Pyè 2:21, 23). Pran an konsiderasyon lefètke antanke imen nou enpafè, e si gen yon diskisyon ki pete, avèk imilite, mande eskiz an premye. — Efezyen 4:26.
9 Pa kite reyinyon w al asiste yo sèvi rezon pou manje l prepare anreta. E ou ka chwazi pou w patisipe nan ministè kretyen an nan moman mari w pa lakay la. Li saj pou yon kretyèn marye evite preche mari l lè li pa dispoze. Olye de sa, l ap suiv pito konsèy apot Pyè bay la ki di : “ Nou menm madanm, se pou nou soumèt nou devan pwòp mari nou, yon fason pou, si genyen ki pa obeyi pawòl la, konduit madanm yo ka genyen yo san pawòl, paske yo temwen ak je yo jan nou gen yon konduit pwòp ansanm ak yon gwo respè. ” (1 Pyè 3:1, 2). Kretyèn marye yo dwe fè efò pou yo manifeste fwi lespri Bondye a plis toujou. — Galat 5:22, 23.
LÈ MADANM NAN PAP PRATIKE KRISYANIS LAN
10. Ki jan yon mari kwayan dwe aji ak madanm li si l pa gen menm kwayans ak li ?
10 Men, e si se mari a ki kretyen e madanm nan pa yon kretyèn ? Bib la bay konsèy pou jan de sitiyasyon sa yo. Li di : “ Si yon frè gen yon madanm enkwayan, e poutan madanm nan dakò pou l rete ak li, pinga li kite l. ” (1 Korentyen 7:12). Li bay mari yo egzòtasyon sa a tou : “ Se pou nou kontinye renmen madanm nou. ” — Kolosyen 3:19.
11. Kòman yon mari ka demontre disènman ansanm ak tak lè l ap egzèse otorite sou madanm li si madanm nan pap pratike krisyanis lan ?
11 Si w se mari yon madanm ki pa gen menm fwa avèk ou, se pou w veye sitou pou w montre respè pou madanm ou e pou w gen konsiderasyon pou santiman l. Piske li granmoun, li gen dwa gen yon sèten libète pou l pratike kwayans relijye pa l, menmsi ou pa dakò ak yo. Premye fwa ou pral pale ak li sou lafwa pa w, pa atann ou pou l abandone kwayans li te genyen depi lontan an pou yon bagay ki nouvo. Olye pou w di l avèk britalite kwayans ak pratik relijye li menm ansanm ak fanmi l cheri depi lontan an yo fo, avèk pasyans, fè efò pito pou w rezone ak li sou Ekriti yo. Li ka santi l neglije si w pase yon bann tan nan aktivite kongregasyon an. Li ka opoze ak efò w ap fè pou w sèvi Jewova, men mesaj ki alabaz la se ka senpleman : “ Mwen bezwen pase plis tan avè w ! ” Se pou w gen pasyans. Avèk letan, grasa konsiderasyon chaje lanmou ou demontre w genyen, sa ka ede l vin pratike vrè adorasyon an. — Kolosyen 3:12-14 ; 1 Pyè 3:8, 9.
ENSTWI TIMOUN YO
12. Menmsi yon mari ak madanm li pa gen menm fwa, ki jan prensip biblik yo dwe aplike nan fòmasyon timoun yo ?
12 Nan yon kay kote moun yo pa ini nan menm adorasyon, enstriksyon relijye y ap bay timoun yo konn vin yon sijè diskisyon. Kòman prensip biblik yo dwe aplike ? Bib la bay papa a responsablite an premye pou l enstwi timoun yo, men manman an jwe yon wòl enpòtan tou (Pwovèb 1:8 ; gade Jenèz 18:19 ; Detewonòm 11:18, 19). Menmsi papa a pa aksepte otorite Kris, se li ki toujou chèf fanmi an.
13, 14. Ki sa madanm nan ka fè si mari l entèdi l mennen timoun yo nan reyinyon oubyen li pa vle l etidye ak yo ?
13 Gen kèk papa enkwayan ki pa opoze si madanm yo enstwi timoun yo sou kesyon relijye. Gen lòt ki opoze. Men, e si mari w pa dakò pou w mennen timoun yo nan reyinyon kongregasyon an oubyen li menm entèdi w etidye Labib ak yo nan kay la ? Kounye a, w ap bezwen fè ekilib ant divès obligasyon : obligasyon w anvè Jewova, anvè otorite mari w, e anvè pitit ou yo ou renmen. Kòman w ka rive konsilye tout ?
14 Se sèten w ap priye sou sa (Filipyen 4:6, 7 ; 1 Jan 5:14). Men, finalman, se ou menm ki dwe deside ki sa w ap fè. Si w aji avèk tak, ou montre mari w aklè ou pa konteste otorite l, opozisyon l lan ka vin adousi. Menmsi mari w entèdi w mennen timoun yo nan reyinyon oubyen li pa vle ou fè yon etid biblik ofisyèl ak yo, li toujou posib pou w anseye yo. Grasa konvèsasyon ou gen ak yo chak jou e grasa bon egzanp ou bay, fè efò pou w fè antre nan lespri yo, nan yon sèten degre, lanmou pou Jewova, lafwa nan Pawòl li a, respè pou paran yo, san wete papa yo, lanmou sensè pou pwochen yo ak apresyasyon pou travay ki byen fèt. Avèk letan, papa a ka remake bon rezilta sa bay e li ka apresye enpòtans efò w fè yo. — Pwovèb 23:24.
15. Ki responsablite yon papa ki kwayan genyen nan edikasyon timoun yo ?
15 Si ou se yon mari ki kwayan e madanm ou pa kwayan, alò, se ou menm ki gen responsablite pou w leve pitit ou “ nan disiplin ak avètisman Jewova ”. (Efezyen 6:4.) Natirèlman, toutpandan w ap fè sa, ou ta dwe montre w bon, ou gen lanmou e ou rezonab nan fason w ap aji ak madanm ou.
SI W PA NAN MENM RELIJYON AK PARAN W
16, 17. Ki prensip biblik timoun yo dwe sonje si kwayans yo pa menm ak kwayans paran yo ?
16 Se pa yon bagay ki ra ankò pou menm timoun ki minè pratike yon relijyon ki pa menm ak relijyon paran yo. Èske se ka pa w ? Si se sa, Bib la gen konsèy pou ou.
17 Pawòl Bondye a di : “ Se pou nou obeyi paran nou ann inyon ak Seyè a, paske sa jis. ‘ Onore papa w ak manman w. ’” (Efezyen 6:1, 2). Sa mande pou w gen bonjan respè pou paran w. Sepandan, byenke obeyi paran w se yon bagay ki enpòtan, sa pa dwe fèt san w pa teni kont de vrè Dye a. Lè yon timoun ase gran pou l kòmanse pran desizyon, li vin pote plis responsablite pou aksyon l. Sa vrè nonsèlman anrapò ak lwa pwofàn men sitou anrapò ak lwa Bondye. “ Nou chak pral rann Bondye kont pou tèt nou. ” — Women 14:12.
18, 19. Si timoun yo pap pratike menm relijyon ak paran yo, kòman yo ka ede paran yo konprann fwa yo pi byen ?
18 Si kwayans ou fè w fè chanjman nan lavi w, eseye konprann pwennvi paran w. Sandout, y ap kontan si, grasa prensip biblik w ap aprann yo, e lefètke ou aplike yo, ou vin montre plis respè, ou pi obeyisan, ou pi dilijan pou w fè sa yo mande w. Sepandan, si nouvo lafwa ou vin genyen an fè w rejte kwayans ak koutim yo menm pèsonèlman yo cheri, yo ka santi w rejte yon eritaj yo te chèche transmèt ou. Petèt, yo ka enkyè tou pou byennèt ou si sa w ap fè a pa popilè nan kominote a oubyen si sa fè w devye objektif yo te panse ki t ap ede w pwospere nan domèn materyèl. Ògèy ka yon obstak tou. Anfèt, yo ka panse ou di yo ou gen rezon e yo menm yo gen tò.
19 Donk, kou sa posib, eseye fè aranjman pou paran w yo rankontre kèk nan ansyen yo oubyen lòt Temwen nan kongregasyon an ki gen matirite. Ankouraje paran w yo pou yo vizite Sal Wayòm nan pou yo tande yo menm sa y ap pale e pou yo wè ki jan de moun Temwen Jewova yo ye. Avèk letan, atitid paran w yo ka vin pi soup. Menm lè gen paran ki opoze tennfas, yo detwi piblikasyon biblik yo e yo entèdi timoun yo asiste reyinyon, jeneralman, gen posiblite pou w li lòt kote, pou w pale ak lòt kretyen, pou w bay temwayaj e pou w ede lòt moun yon fason enfòmèl. Ou ka priye Jewova tou. Kèk jèn oblije tann jiskaske yo ase gran pou yo kite kay la anvan yo ka fè plis. Sepandan, kèlkeswa jan sitiyasyon an ye nan kay la, pa bliye pou w “ onore papa w ak manman w ”. Fè sa w kapab pou w kontribye pou gen lapè nan kay la (Women 12:17, 18). Avantou, chèche lapè ak Bondye.
PWOBLÈM KI GENYEN LÈ W SE BÒPÈ OUBYEN BÈLMÈ
20. Ki santiman timoun yo ka genyen si youn nan paran yo se bòpè yo oubyen bèlmè yo ?
20 Nan anpil kay sitiyasyon ki bay pi gwo pwoblèm nan se pa kesyon relijyon, men se yon kesyon byolojik. Anpil fanmi jodi a, gen timoun ki te fèt nan maryaj youn oubyen toule de moun yo te fè anvan. Nan fanmi sa yo, timoun yo ka vin gen jalouzi ak rankin oubyen yo ka nan yon konfli kote yo pa konnen anvè kiyès pou yo fidèl. E kòm rezilta, yo ka rejte efò sensè moun ki bòpè oubyen moun ki bèlmè yo a ap fè pou l yon bon paran. Ki sa ki ka kontribye pou fè jan de fanmi sa yo reyisi ?
Kit ou se papa, kit ou se manman, bòpè oubyen bèlmè, konte sou Bib la pou w jwenn direksyon.
21. Malgre sitiyasyon espesyal yon bòpè oubyen yon bèlmè twouve l, poukisa li ta dwe egzamine prensip ki nan Bib la pou li jwenn èd ?
21 Se pou nou konnen, malgre sitiyasyon espesyal sa yo, prensip biblik yo ki bay bon rezilta nan lòt fanmi aplikab tou nan ka sa a. Si nou pa teni kont de prensip sa yo, sa ka sanble rezoud yon pwoblèm pou lemoman, men sandout, sa pral mennen nan tètchaje pi devan (Sòm 127:1 ; Pwovèb 29:15). Kiltive sajès ak disènman : sajès pou w aplike prensip Bondye yo, pandan w gen nan lespri w byenfè sa ap pote alalong, e disènman pou w idantifye rezon ki fè yon moun nan fanmi an di oubyen fè yon bagay. Li nesesè tou pou w mete w nan plas lòt moun. — Pwovèb 16:21 ; 24:3 ; 1 Pyè 3:8.
22. Poukisa timoun yo ka mal pou yo aksepte yon bòpè oubyen yon bèlmè ?
22 Si w se yon bòpè oubyen yon bèlmè, petèt ou sonje lè w te zanmi fanmi an, timoun yo ka te konn byen akeyi w. Men, lè w vin bòpè yo oubyen bèlmè yo, atitid yo ka chanje. Lè yo sonje, papa yo oubyen manman yo pap viv ak yo ankò, yo ka nan yon lit pou yo konnen anvè ki moun pou yo fidèl. Li posib pou yo santi ou vle retire afeksyon yo genyen pou paran ki pa la a. Li ka rive pafwa yo fè w sonje kareman ou pa papa yo oubyen ou pa manman yo. Remak konsa fè mal, men ‘ pa prese ofanse nan lespri w ’. (Eklezyas 7:9.) Li nesesè pou w gen disènman e pou w konn mete w nan plas lòt moun dekwa pou w konprann santiman timoun yo.
23. Kòman yo ka bay disiplin nan fanmi ki gen timoun ki pa pitit toule de konjwen yo ?
23 Kalite sa yo fondamantal lè yon moun ap bay disiplin. Li trèzenpòtan pou disiplin nan konstan (Pwovèb 6:20 ; 13:1). E piske tout timoun pa menm, disiplin nan ka pa menm nan chak ka. Kèk bòpè oubyen kèk bèlmè rann yo kont, omwen okòmansman, li pi bon pou se papa a oubyen manman an ki andose aspè sa a nan responsablite paran yo genyen. Sepandan, li esansyèl pou toule de paran yo dakò sou disiplin ki pral bay la e pou yo soutni l, san yo pa favorize pitit pa yo sou bofis yo oubyen sou bèlfi yo (Pwovèb 24:23). Obeyisans enpòtan, men li nesesè pou yo teni kont de enpèfeksyon an. Pa reyaji yon fason ki egzajere. Bay disiplin nan avèk amou. — Kolosyen 3:21.
24. Nan fanmi kote omwen youn nan timoun yo se pitit yon sèl nan konjwen yo, ki sa ki ka ede yo anpeche pwoblèm moralite ant moun ki pa menm sèks ?
24 Konvèsasyon nou fè ansanm an fanmi ka kontribye anpil pou evite pwoblèm. Yo ka ede fanmi an rete konsantre sou bagay ki pi enpòtan nan lavi a (gade Filipyen 1:9-11). E yo ka pèmèt chak moun wè sa l ka fè pou fanmi an atenn objektif li genyen. Mete sou sa, konvèsasyon familyal ki fran ka anpeche pwoblèm moralite. Tifi yo bezwen konnen ki jan pou yo abiye yo e ki jan pou yo konpòte yo devan bòpè yo ak devan pitit gason bòpè yo, e tigason yo bezwen konsèy sou konduit ki kòrèk yo dwe genyen ak bèlmè yo ansanm ak pitit fi bèlmè yo. — 1 Tesalonisyen 4:3-8.
25. Ki kalite ki ka kontribye pou toujou gen lapè nan fanmi kote omwen youn nan timoun yo se pitit yon sèl nan konjwen yo ?
25 Lè w ap fè fas ak difikilte espesyal ou rankontre antanke bòpè oubyen bèlmè, se pou w gen pasyans. Sa mande tan pou w devlope nouvo relasyon. Rive jwenn lanmou ak respè nan men timoun ou pa gen okenn lyen byolojik ak yo, se pa bagay ki fasil ditou. Men se bagay ki posib. Yon kè saj e ki gen disènman, ansanm ak yon kokenn dezi pou w fè Jewova plezi, se kle pou gen lapè nan fanmi kote omwen youn nan timoun yo se pitit yon sèl nan konjwen yo (Pwovèb 16:20). Kalite sa yo ka ede w tou pou w fè fas ak lòt sitiyasyon.
ÈSKE KOURI DÈYÈ BYEN MATERYÈL DIVIZE FANMI W ?
26. Kòman pwoblèm ak sousi pou bagay materyèl ka divize yon fanmi ?
26 Pwoblèm ak sousi pou bagay materyèl ka divize fanmi divès fason. Malerezman, gen kèk fanmi ki kraze akoz diskisyon sou kesyon kòb ak sou anvi pou moun vin rich, oubyen pou yo vin yon ti jan pi rich. Divizyon yo ka devlope lè toule de moun yo ap travay, epi chak moun gen tandans di : “ Sa se lajan pa m, sa se lajan pa w ”. Menm lè pa gen diskisyon pou kòb, lè toule de moun yo ap travay yo ka vin gen yon pwogram ki riske kite yon vyepti tan pou yo ansanm. Li vin pi kouran nan monn nan pou papa yo kite fanmi yo pou yon bon bout tan, plizyè mwa e menm plizyè ane, nan objektif pou yo reyalize plis kòb, kòb yo pa t ap janm reyalize lakay yo. Sa ka mennen nan pwoblèm ki trè grav.
27. Site kèk prensip ki ka itil fanmi ki gen difikilte ekonomik.
27 Pa gen okenn règ moun ka etabli pou yo fè fas ak sitiyasyon sa yo, piske obligasyon ak kontrent chak fanmi genyen pa menm. Toutfwa, konsèy Bib la bay yo kapab itil. Pa egzanp, Pwovèb 13:10 montre pafwa moun yo ka evite lit initil lè yo “ dyaloge ansanm ”. Sa pa vle di bay pwennvi w sèlman, men tou, sa vle di chèche konsèy e chèche konnen opinyon lòt moun nan sou kesyon an. Mete sou sa, chèche etabli yon bidjè reyalis ka kontribye pou ini efò fanmi an ap fè. Pafwa, li nesesè pou toule de konjwen yo travay deyò, petèt tanporèman, pou yo ka kouvri depans siplemantè yo genyen, sitou si yo gen timoun oubyen si yo gen lòt moun sou kont yo. Lè sa rive, mari a kapab asire madanm li, li toujou gen tan pou li. Avèk amou, li menm ak timoun yo ka ede madanm nan nan travay li te konn fè poukont li nan tan nòmal. — Filipyen 2:1-4.
28. Ki rapèl, si yon fanmi mete yo an pratik, k ap ede l travay pou l rive jwenn inite ?
28 Sepandan, sonje, menm si lajan se yon nesesite nan sistèm de choz sa a, li pa pote bonè. Asireman, lajan pa bay lavi (Eklezyas 7:12). Anfèt, bay bagay materyèl yon enpòtans egzajere ka lakòz echèk nan domèn espirityèl ak nan domèn moral (1 Timote 6:9-12). Li pi bon lontan pou nou chèche Wayòm Bondye a ak jistis li an premye, avèk asirans Bondye ap beni efò n ap fè pou nou jwenn sa ki nesesè pou nou viv (Matye 6:25-33 ; Ebre 13:5). Lè nou kontinye mete aktivite espirityèl yo nan premye plas e nou pousuiv lapè toudabò ak Bondye, n ap konstate kay nou, petèt, ki divize akoz sèten sikonstans, ap vin vrèman ini nan domèn ki pi enpòtan yo.