Konsève
Ki pwennvi mwen genyen sou kesyon fraksyon san ak sou kesyon tretman medikal kote pwòp san m enplike ?
Labib òdone kretyen yo pou yo “ evite [...] san ”. (Tra. 15:20.) Kidonk, Temwen Jewova yo pa aksepte ni transfizyon san okonplè ni kat konpozan de baz ki genyen nan san an, anpalan de globil wouj, globil blan, plakèt ak plasma. Yo pa bay san yo nonplis ni yo pa stoke l. — Lev. 17:13, 14 ; Tra. 15:28, 29.
Ki sa fraksyon san ye, e poukisa se chak kretyen ki pou deside sou fason y ap sèvi ak fraksyon san ?
Fraksyon san se eleman ki nan san an yo retire pa mwayen yon metòd yo rele fraksyònman. Pa egzanp, yo kapab dekonpoze plasma a, youn nan kat konpozan de baz ki gen nan san an, an diferan sibstans nou pral site la yo : dlo, anviwon 91 pousan ; pwoteyin tankou albimin, globilin, fibrinojèn, anviwon 7 pousan ; ak lòt sibstans tankou eleman nitritif, òmòn, gaz, vitamin, dechè ak elektwolit, anviwon 1,5 pousan.
Èske kòmandman ki di pou nou evite san an konsène fraksyon san tou ? Nou pa kapab bay yon repons definitif. Bib la pa bay yon repons presi sou kesyon fraksyon san an.a Natirèlman, yo retire anpil fraksyon nan san yo bay pou fè tretman medikal. Chak kretyen ta dwe byen reflechi pou l konnen si l dwe aksepte oubyen refize pran sibstans sa yo nan swen medikal y ap ba li.
Lè n ap pran jan de desizyon sa yo, poze tèt nou kesyon sa yo : Èske m rann mwen kont lefètke mwen refize pran tout fraksyon san yo, sa vle di mwen pap aksepte pran kèk medikaman tankou medikaman ki konbat viris ak maladi, oswa medikaman ki ede san an kowagile pou l sispann koule ? Èske mwen kapab esplike yon doktè poukisa mwen refize oswa ․․ Mwen aksepte pran kèk fraksyon san ?
Poukisa se mwen ki pou deside sou kesyon tretman medikal kote pwòp san m enplike ?
Byenke kretyen yo pa konn ni bay ni stoke pwòp san yo pou fè transfizyon, gen kèk tretman oswa egzamen medikal kote li pa evidan itilizasyon pwòp san yon moun an konfli ak prensip biblik yo. Kidonk, chak moun dwe byen reflechi pou yo konnen si konsyans yo kapab pèmèt yo aksepte oswa refize kèk tretman medikal kote pwòp san yo enplike.
Lè n ap pran desizyon sa yo, poze tèt nou kesyon sa yo : Si y ap fè yon pati nan san m soti nan kò m, e li kapab menm sispann sikile pou yon ti tan, èske konsyans mwen ap pèmèt mwen toujou konsidere san sa a tankou li toujou fè pati sistèm sangen m, e pakonsekan yo pa oblije ‘ vèse l atè ’ ? (Det. 12:23, 24.) Èske konsyans mwen ki fòme grasa Labib t ap twouble si pandan yon tretman medikal yo ta retire san nan kò m, yo ta modifye l e yo ta fè l retounen nan kò m ? Èske mwen rann mwen kont si m chwazi refize tout tretman medikal kote pwòp san m enplike, sa vle di mwen refize tretman tankou dyaliz oswa itilizasyon aparèy yo rele kè/poumon an ? Èske mwen egzamine kesyon sa yo nan lapriyè anvan mwen pran yon desizyon ?b
Ki desizyon mwen dwe pran ?
Egzamine de kesyonè ki nan paj ki vin annapre yo. Kesyonè 1 an bay yon lis kèk fraksyon yo konn retire nan san ak fason yo itilize yo an jeneral nan domèn medikal. Si w ap aksepte oswa si w pap aksepte fraksyon sa yo, tcheke chwa w fè a. Kesyonè 2 a bay yon lis kèk tretman medikal ki kouran kote pwòp san pa w enplike. Si w ap aksepte oswa si w ap refize tretman sa yo, tcheke chwa w fè a. Kesyonè sa yo se pa dokiman legal yo ye, men ou kapab sèvi ak yo pou w fin ranpli kat DPA pa w la.
Se ou menm ki dwe pran pwòp desizyon pa w, ou pa dwe kite lòt moun enfliyanse w. Anmenmtan, okenn kretyen pa dwe kritike desizyon yon lòt kretyen pran. Nan kesyon sa a, se chak moun ki pou pran responsablite l pou l “ pote pwòp chay pa l ”. — Gal. 6:4, 5.
[Nòt anba paj]
a N ap jwenn bonjan enfòmasyon sou sijè a nan La Tour de Garde 15 jen 2004, paj 29-31.
b N ap jwenn bonjan enfòmasyon sou sijè sa a nan La Tour de Garde 15 oktòb 2000, paj 30-1, ak nan DVD ki gen tit Des alternatives à la transfusion — Documentaires la.
[Tablo nan paj 5]
Kesyonè 1
PA AKSEPTAB DESIZYON PA W
POU KRETYEN
SAN Chwa ou
OKONPLÈ FRAKSYON ka fè
PLASMA ALBIMIN — JISKA 4% NAN PLASMA A
Yon pwoteyin yo retire nan
plasma a. Yo jwenn kèk espès
albimin tou nan plant, nan
manje tankou lèt ak ze, nan
lèt manman k ap bay tete.
Pafwa, yo konn mete albimin ․․ Mwen aksepte pran albimin
ki nan san an nan sibstans yo oswa
itilize pou ogmante volim ․․ Mwen pa aksepte pran albimin
sangen an lè y ap trete moun
ki pèdi anpil san akoz yo
blese grav oswa yo boule grav.
Sibstans sa yo ka gen jiska
25 pousan albimin ladan yo.
Yo konn met yon ti kantite
albimin tou piti nan anpil
lòt medikaman, tankou nan
kèk eritwopoyetin (EPO).
IMINOGLOBILIN
— JISKA 3% NAN PLASMA A
Fraksyon pwoteyin yo konn
mete nan kèk medikaman ki
konbat viris ak maladi tankou : ․․ Mwen aksepte pran
difteri, tetanòs, epatit viral, iminoglobilin
raj. Yo konn sèvi avèk yo tou oswa
pou yo pwoteje tibebe k ap ․․ Mwen pa aksepte pran
devlope nan vant manman yo iminoglobilin
kont kèk maladi ki menase
lavi yo, e pou yo konbat efè
venen sèpan ak venen arenyen
genyen sou moun.
ELEMAN KI EDE SAN AN KOWAGILE
— MWENS PASE 1% NAN PLASMA A
Gen divès pwoteyin ki ede
san an kowagile yon fason
pou yon moun sispann senyen. ․․ Mwen aksepte pran
Gen ladan yo yo bay pasyan eleman yo jwenn nan san
ki gen tandans senyen fasil. ki ede san an kowagile
Yo itilize yo tou nan kòl oswa
byolojik pou yo pase sou blese ․․ Mwen pa aksepte pran
dekwa pou yo bouche blese a e eleman yo jwenn nan san
pou yo fè moun sispann senyen ki ede san an kowagile
apre operasyon. Gen yon sibstans
yo konpoze ak eleman sa yo yo
rele kriyopresipite.
Note sa : Aktyèlman, gen kèk
eleman yo konpoze ki pa soti
nan san an yo itilize pou yo
ede san an kowagile.
GLOBIL WOUJ EMOGLOBIN — 33% NAN GLOBIL WOUJ YO
Yon pwoteyin ki transpòte
oksijèn nan tout kò a e ki
transpòte dyoksid kabòn nan ․․ Mwen aksepte pran
poumon yo. Gen pwodui y ap emoglobin
devlope apati emoglobin moun oswa
oswa emoglobin bèt, li posib ․․ Mwen pa aksepte pran
pou yo itilize yo pou trete emoglobin
moun ki gen yon anemi ki grav
oswa ki pèdi anpil san.
EMIN — MWENS PASE
2% NAN GLOBIL WOUJ YO
Yon sibstans yo jwenn nan
emoglobin ki ka anpeche aksyon
anzim. Yo itilize l pou yo ․․ Mwen aksepte pran emin
trete yon seri maladi san ki oswa
jenetik, ki ra (yo rele pòfi). ․․ Mwen pa aksepte pran emin
Maladi sa yo afekte sistèm
dijestif la, sistèm nève a
ak sistèm sikilatwa a.
GLOBIL BLAN ENTÈFEWON — YON TI FRAKSYON
NAN GLOBIL BLAN YO
Pwoteyin ki konbat kèk ․․ Mwen aksepte pran
enfeksyonviral e ki konbat entèfewon yo
kèk kansè.Pifò entèfewon yo, jwenn nan san
yo pa pranyo nan san. oswa
Gen ladan yo, se ak fraksyon ․․ Mwen pa aksepte pran
ki nan globil blan moun yo entèfewon yo
konpoze yo. jwenn nan san
PLAKÈT Jiska prezan, yo poko izole
okenn fraksyon nan plakèt yo
pou yo itilize yo dirèkteman
nan tretman medikal.
[Tablo nan paj 6]
Kesyonè 2
DESIZYON PA W
TRETMAN MEDIKAL KOTE YO ITILIZE PWÒP SAN W
*Note sa : Metòd yo itilize pou chak tretman sa yo varye selon doktè a. Ou dwe mande doktè w pou l esplike w yon fason presi ki sa chak tretman enplike pou w ka sèten tretman sa a ann amoni ak prensip biblik yo e ak desizyon w ap pran selon konsyans ou.
NON KI WÒL Chwa ou
TRETMAN AN LI JWE ka fè
(Li ta bon pou w
pale ak doktè w
anvan w aksepte
oswa anvan w
refize tretman
sa yo.)
TEKNIK POU Li diminye kantite
REKIPERE SAN san k ap pèdi.
K AP KOULE Pandan operasyon an,
yo rekipere san k ap
koule sot nan kote yo ․․ Mwen aksepte
fann nan kò pasyan an. ․․ Mwen ta ka aksepte *
Yo lave san an oswa yo ․․ Mwen pa aksepte
filtre l, epi apre sa,
petèt pa mwayen yon
teknik pwogresif, yo fè
san an retounen nan kò
pasyan an ankò.
EMODILISYON Li diminye kantite
san k ap pèdi. Pandan
operasyon an, yo retire
san nan kò pasyan an, yo ․․ Mwen aksepte
konsève l nan yon pochèt ․․ Mwen ta ka aksepte *
e yo ranplase l ak yon lòt ․․ Mwen pa aksepte
likid yo pa pran nan san,
yon fason pou ogmante volim
san ki nan kò pasyan an.
Pakonsekan, san ki rete
nan kò pasyan an pandan
operasyon an vin dilye,
li vin gen mwens globil
wouj ladan l. Pandan
operasyon an oswa nan fen
operasyon an, yo retounen
san yo te konsève a nan
kò malad la.
APARÈY YO RELE Li pèmèt san an kontinye
KÈ/POUMON AN sikile. Yo fè san an pase
nan yon aparèy yo rele ․․ Mwen aksepte
kè/poumon kote san an ․․ Mwen ta ka aksepte *
absòbe oksijèn epi li ․․ Mwen pa aksepte
retounen nan kò pasyan an.
EMODYALIZ Li fè travay yon ògàn
ta dwe fè. Nan emodyaliz la,
san an sikile pa mwayen yon ․․ Mwen aksepte
aparèy ki filtre l e ki ․․ Mwen ta ka aksepte *
netwaye l anvan li retounen ․․ Mwen pa aksepte
nan kò pasyan an.
PATCH PERIDIRAL Li anpeche likid ki nan
KI FÈT AK SAN kolòn vètebral la soti. Yo
enjekte yon ti kantite san
pasyan an nan manbràn ki ․․ Mwen aksepte
antoure kòd kolòn vètebral ․․ Mwen ta ka aksepte *
la. Yo sèvi ak san sa a pou ․․ Mwen pa aksepte
yo bouche yon ti twou kote
likid ki nan kolòn vètebral
la ap soti.
PLASMAFERÈZ Li trete maladi. Yo retire
san an nan kò pasyan an epi
yo filtre l pou yo retire ․․ Mwen aksepte
plasma a ladan l. Yo mete yon ․․ Mwen ta ka aksepte *
lòt pwodui nan san an pou ․․ Mwen pa aksepte
ranplase plasma a, e yo
retounen san an nan kò pasyan
an. Gen kèk doktè ki kapab vle
itilize plasma lòt moun pou
ranplase plasma yo te retire
nan san pasyan an. Si se sa,
chwa sa a pa t ap akseptab
pou yon kretyen.
DIAGNOSTIK Li diagnostike maladi a
PA MWAYEN oswa li trete l. Yo retire
SAN MELANJE AK yon kantite san nan kò pasyan ․․ Mwen aksepte
SIBSTANS an, yo melanje l ak yon lòt ․․ Mwen ta ka aksepte *
RADIOAKTIF pwodui, epi yo retounen l nan ․․ Mwen pa aksepte
kò pasyan an. Kantite tan ki
pase anvan yo retounen san an
nan kò pasyan an kapab varye.
JÈL KI FÈT Li bouche kote ki blese a e
AK PLAKÈT ; li diminye kantite san k ap koule.
OTOLÒG Yo retire yon kantite san nan ․․ Mwen aksepte
(SA VLE DI kò pasyan an epi yo konpoze ․․ Mwen ta ka aksepte *
“ KI FÈT AK ak li yon likid konsantre ki ․․ Mwen pa aksepte
PWÒP SAN W ”) gen anpil plakèt ak globil blan.
Yo mete likid sa a sou pati yo
fann nan kò pasyan an.
Note sa : Nan kèk sibstans
yo konpoze, yo sèvi ak yon
eleman yo pran nan san bèf
pou yo fè san an kowagile.