BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be p. 56-p. 61 par. 3
  • Devlope kapasite w genyen pou w anseye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Devlope kapasite w genyen pou w anseye
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Konte sou Jewova
  • Onore Jewova
  • “Fè diferans” yo parèt
  • Ankouraje moun k ap koute w yo pou yo reflechi
  • Chèche touche kè moun w ap anseye yo
  • Montre yo fason yo ka aplike sa w ap di yo a
  • Bay bon egzanp
  • Chèche touche kè moun yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Mesaj nou dwe preche a
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Veye pou nou toujou gen ‘ ladrès nan fason nou anseye ’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Fè efò pou w touche kè moun yo
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be p. 56-p. 61 par. 3

Devlope kapasite w genyen pou w anseye

KI OBJEKTIF ou antanke anseyan? Si w pa gen lontan depi w ap preche bon nouvèl Wayòm nan, pa gen dout ou vle aprann konnen ki jan pou w kondui yon etid biblik ak yon moun, piske Jezi te bay disip li yo misyon pou yo fè disip (Mat. 28:19, 20). Si w deja gen eksperyans nan travay sa a, petèt ou gen objektif pou w vin gen plis kapasite pou w touche kè moun w ap chèche ede yo. Si w se yon paran, siman ou vle vin yon anseyan ki kapab motive timoun ou yo pou yo vwe lavi yo bay Bondye (3 Jan 4). Si w se yon ansyen oswa w ap chèche kalifye pou w vin yon ansyen, petèt ou vle vin yon oratè ki ka ede moun k ap koute w yo gen plis rekonesans pou Jewova ak plis apresyasyon pou chemen li yo. Ki fason w ka atenn objektif sa yo?

Suiv egzanp Jezi Kris, Gran Anseyan an (Lik 6:40). Kit Jezi t ap pale ak yon foul moun sou yon mòn, kit se ak kèk moun sèlman li t ap pale pandan yo te sou yon wout, sa l te di yo ak fason l te di yo te rete grave nan kè yo pandan lontan. Jezi te pouse moun k ap koute l yo reflechi, li te touche kè yo, e li te fè aplikasyon k ap itil yo e ki te fasil pou yo konprann. Ki jan w ka imite l?

Konte sou Jewova

Piske Jezi te gen relasyon sere sere ak Papa l ki nan syèl la e Papa l te ba l lespri sen, sa te ede l devlope kapasite li genyen pou l anseye. Èske w priye Jewova ak tout kè w pou l ede w byen kondui yon etid biblik ou genyen? Si w se yon paran, èske w priye Bondye regilyèman pou l gide w lè w ap anseye pitit ou? Èske w priye ak tout kè w lè w ap prepare w pou w bay yon diskou oswa pou w dirije yon reyinyon? Lè w fè sa, se montre w montre w konte sou Jewova, e sa ap ede w vin yon pi bon anseyan.

Ou montre w depann de Jewova tou lè w fè Labib, Pawòl li a, konfyans. Nan yon priyè Jezi t ap fè Papa l nan dènye nuit li te pase sou tè a antanke yon moun pafè, men sa l te di l: “Mwen ba yo pawòl ou.” ​(Jan 17:14). Byenke Jezi te gen anpil eksperyans, li pa t janm pale selon li menm. Li te toujou di sa Papa l anseye l, konsa li kite yon egzanp pou nou suiv (Jan 12:49, 50). Pawòl Bondye a nou jwenn nan Bib la gen pouvwa pou l enfliyanse lavi moun, li kapab enfliyanse aksyon yo, panse ki nan fon kè yo ak santiman yo (Ebre 4:12). Ofiramezi w ap gen plis konesans sou Pawòl Bondye a e w ap aprann byen sèvi avè l lè w ap preche, w ap devlope kapasite w genyen pou w anseye yon fason k ap pèmèt ou ede moun pwoche bò kote Bondye. — 2 Tim. 3:16, 17.

Onore Jewova

Pou w vin yon anseyan k ap imite Kris, ou pa dwe chèche bay bèl diskou sèlman. Se vre, moun yo te sezi tande “bèl pawòl ki plen cham” Jezi t ap di yo (Lik 4:22). Men, ki objektif Jezi te genyen lè l t ap di bèl pawòl yo? Objektif li, se pa t atire atansyon moun yo sou li, men pito se te pou l onore Jewova (Jan 7:16-18). Nan sans sa a, men sa l te di disip li yo: “Se pou limyè nou briye devan lèzòm, yon fason pou yo ka wè bèl aksyon nou yo e pou yo ka bay Papa nou ki nan syèl la glwa.” ​(Mat. 5:16). Konsèy sa a ta dwe enfliyanse fason nou anseye. Nou ta dwe fè efò pou nou evite tout bagay ki ka detounen atansyon nou sou objektif sa a. Kidonk, lè n ap prepare sa nou pral di oswa fason nou pral di l, li bon pou nou mande tèt nou: ‘Èske sa ap fè moun yo gen plis rekonesans pou Jewova, oswa èske se sou mwen l ap atire atansyon?’

Se vre, ou ka sèvi ak egzanp ansanm ak bagay ki pase toutbon nan lavi moun pou w anseye yon fason ki efikas, men, lè yon egzanp twò long oswa lè w bay twòp detay sou yon eksperyans, moun yo ka pa rive konprann pwen w te vle fè pase a. Menm jan an tou, si w ap rakonte istwa sèlman pou w fè moun yo ri, sa ka fè moun yo pa wè objektif travay predikasyon an. Nan ka sa yo, anseyan an ap atire atansyon sou tèt li olye li atenn vrè objektif fòmasyon Bondye ap bay la.

“Fè diferans” yo parèt

Pou yon moun vin yon disip toutbonvre, li dwe byen konprann sa y ap anseye l yo. Li dwe tande laverite e li dwe wè ki diferans ki genyen ant laverite ak lòt kwayans moun genyen. Lè w fè diferans yo parèt pou li, sa ap ede w atenn objektif sa a.

Jewova te mande pèp li a plizyè fwa pou l “fè diferans” ant sa ki pwòp ak sa ki pa pwòp (Lev. 10:9-11). Li te pale de moun ki t ap gen pou yo sèvi nan gwo tanp espirityèl li a, li te di moun sa yo t ap anseye lòt moun yo “diferans ki genyen ant yon bagay ki sakre ak yon bagay ki pa sakre”. (Eze. 44:23.) Liv Pwovèb la chaje ak vèsè kote yo fè diferans ant sa ki jis ak sa ki mal, ant sajès ak foli. Yon moun ka menm montre diferans ki genyen ant bagay ki pa opoze youn ak lòt. Nan Women 5:7, apot Pòl te fè diferans ant yon moun ki jis ak yon bon moun. Nan liv Ebre a, li te montre sèvis Kris la antanke gran prèt gen plis valè pase pa Arawon an. Anfèt, John Amos Comenius, yon anseyan nan 17yèm syèk la, te ekri: “Anseye vle di tou senpleman montre diferans ki genyen ant plizyè bagay, pa egzanp, diferans ki genyen nan objektif bagay sa yo, nan fòm yo ak nan kote yo soti. [...] Se sa k fè, yon moun ki byen esplike diferans ki genyen ant plizyè bagay se yon moun ki anseye byen.”

Annou pran egzanp kote w ap anseye yon moun sou Wayòm Bondye a. Si li pa konprann sa Wayòm nan ye, ou ka montre l ki jan sa Labib di sou Wayòm nan pa menm ditou ak ide ki fè konnen Wayòm nan se nan kè moun li ye. Oswa ou ka montre l diferans ki genyen ant Wayòm nan ak gouvènman lèzòm yo. Men, ou ka antre nan plis detay ak moun ki deja konnen verite fondamantal sa yo. Ou ka montre yo ki jan Wayòm Kris la pa menm ak dominasyon Jewova a, kote Jewova ap gouvène sou tout bagay nèt selon Sòm 103:19. Oswa ou ka montre tou Wayòm Kris la pa menm ak ‘wayòm Pitit Gason Bondye renmen an’ yo pale nan Kolosyen 1:13 la. Oubyen ou ka montre Wayòm Kris la pa menm ak fason Jewova “jere bagay yo” yo pale nan Efezyen 1:10. Lè w itilize metòd sa a pou w anseye moun sou Wayòm nan, sa ka ede moun k ap koute w yo byen konprann ansèyman biblik sa a ki enpòtan.

Jezi te sèvi souvan ak metòd sa a pou l anseye. Li te konn fè diferans ant fason moun yo te konprann Lalwa Moyiz la an jeneral ak vrè objektif Lwa sa a (Mat. 5:21-48). Li te fè diferans ant yon moun ki vrèman gen atachman pou Bondye ak Farizyen yo ki t ap fè yon seri aksyon ipokrit (Mat. 6:1-18). Li te fè diferans ant etadespri moun ki ‘kòmande lòt moun an gwo ponyèt’ ak etadespri disip li yo ki yo menm t ap dispoze fè sakrifis pou ede lòt moun (Mat. 20:25-28). Selon Matye 21:28-32, nan yon lòt okazyon, Jezi te ankouraje moun ki t ap koute l yo pou yo fè diferans ant yon moun ki kwè l jis ak yon moun ki repanti toutbonvre. Sa mennen nou nan yon lòt aspè enpòtan ki gen nan byen anseye.

Ankouraje moun k ap koute w yo pou yo reflechi

Nan Matye 21:28, nou aprann anvan Jezi te bay disip li yo yon egzanp, li te mande yo: “Ki sa nou panse?” Yon bon anseyan pa annik bay moun k ap koute l yo enfòmasyon oswa li pa annik ba yo repons, men tou, li ankouraje yo devlope kapasite yo genyen pou yo reflechi (Pwo. 3:21; Wom. 12:1). Youn nan fason li fè sa se lè li poze yo kesyon. Jan nou wè sa nan Matye 17:25, Jezi te mande Simon Pyè: “Sa w panse, Simon? Nan men ki moun wa ki sou latè yo resevwa taks oubyen enpo? Nan men pitit yo, oubyen nan men etranje?” Kesyon Jezi te poze Pyè pou l te fè l reflechi yo te ede Pyè byen konprann kesyon peye taks nan tanp lan. Nan yon lòt okazyon, lè Jezi t ap reponn yon mesye ki te mande l: “Kiyès menm ki pwochen m?”, Jezi te montre diferans ki genyen ant fason yon prèt ak yon Levit te aji parapò ak fason yon Samariten te aji. Apre sa, li te poze kesyon ki vin apre a: “Selon ou menm, kiyès nan twa moun sa yo ki montre li se pwochen mesye ki te tonbe nan mitan vòlè yo?” ​(Lik 10:29-36). La a ankò, olye Jezi te reflechi nan plas moun ki t ap koute l la, li te ede l reflechi pou l jwenn repons kesyon l lan. — Lik 7:41-43.

Chèche touche kè moun w ap anseye yo

Anseyan ki konprann sans Pawòl Bondye a rann yo kont vrè adorasyon an pa sèlman gen ladan l sonje yon seri enfòmasyon epi suiv yon seri lwa. Men, li chita pito sou bon relasyon moun yo dwe genyen ak Jewova ak apresyasyon yo dwe genyen pou chemen l yo. Kidonk, moun yo pap ka adore Jewova bon fason an si yo pa fè l ak tout kè yo (Det. 10:12, 13; Lik 10:25-27). Nan Bib la, souvan, mo “kè” a fè referans ak moun nou ye nan fon kè nou an, sa gen ladan l dezi nou, santiman nou ak mobil nou.

Jezi te konnen lèzòm gade sou aparans, men Bondye gade sa ki anndan kè yon moun (1 Sam. 16:7). Se lanmou nou gen pou Bondye ki ta dwe pouse nou sèvi l, nou pa ta dwe fè efò pou nou sèvi l nan objektif pou nou enpresyone lòt moun (Mat. 6:5-8). Farizyen yo, bò kote pa yo, te fè anpil bagay pou fè moun wè. Yo te mete anpil aksan sou nesesite pou moun suiv yon seri detay ki nan Lalwa a e pou moun yo aplike lwa yo menm yo te fè. Men yo pa t montre nan lavi yo, yo gen kalite ki t ap fè moun konnen yo kòm sèvitè Bondye yo pretann y ap adore a (Mat. 9:13; Lik 11:42). Jezi te montre, byenke li enpòtan pou yon moun obeyi prensip Bondye yo, se sa yon moun gen nan kè l k ap fè obeyisans sa a gen valè (Mat. 15:7-9; Mak 7:20-23; Jan 3:36). Ansèyman n ap bay la ap fè yon pi gwo byen pou moun k ap koute nou yo si nou imite egzanp Jezi. Li enpòtan pou nou ede moun yo aprann sa Bondye vle yo fè. Men, li enpòtan tou pou yo konnen Jewova, vrè Dye a, antanke yon pèsòn reyèl e pou yo renmen l, yon fason pou yo montre nan konduit yo yo bay bon relasyon yo gen avè l la anpil valè.

Natirèlman, pou moun yo pwofite yon ansèyman konsa, yo bezwen egzamine sa k nan kè yo. Jezi te ankouraje moun ki t ap koute l yo pou yo egzamine rezon ki pouse yo aji e pou yo egzamine santiman yo. Lè l ap chèche korije yon move pwennvi moun yo te genyen, li te konn mande yo poukisa yo panse konsa, poukisa yo di oswa yo fè yon seri bagay. Men, pou Jezi pa t kite yo ak move pwennvi yo te genyen an, anplis kesyon li te poze yo, li te konn di yon pawòl, li te konn bay yon egzanp oswa li te konn fè yon aksyon ki te ede yo wè bagay yo yon fason ki kòrèk (Mak 2:8; 4:40; 8:17; Lik 6:41, 46). Menm jan an tou, nou ka ede moun k ap koute nou yo lè nou ankouraje yo chak poze tèt yo kesyon tankou: ‘Poukisa se fason sa a mwen vle aji? Poukisa se konsa mwen reyaji devan tèl sitiyasyon?’ Apre sa, ankouraje yo wè bagay yo jan Jewova wè yo.

Montre yo fason yo ka aplike sa w ap di yo a

Yon bon anseyan konnen “sajès se bagay ki pi enpòtan an”. (Pwo. 4:7.) Sajès se kapasite yon moun genyen pou l byen aplike konesans li genyen pou l rezoud pwoblèm, pou l evite danje, pou l atenn yon seri objektif e pou l ede lòt moun. Yon anseyan gen responsablite pou l ede etidyan l yo aprann byen sèvi ak konesans yo vin genyen an, men li pa la pou l pran desizyon nan plas yo. Lè w ap pale sou divès prensip ki nan Bib la ak yon etidyan w, ede l rezone sou yo. Ou ka site yon sitiyasyon moun konn rankontre nan lavi a e apre sa, ou ka mande l ki jan prensip nou sot egzamine nan Bib la ka ede l fè fas ak sitiyasyon sa a. — Ebre 5:14.

Nan diskou apot Pyè te fè nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, li ban nou yon egzanp nan sans sa a lè l te fè yon aplikasyon ki gen rapò ak lavi moun ki t ap koute l yo (Tra. 2:14-36). Apre Pyè te fin egzamine twa pasaj nan Ekriti yo foul moun yo te di yo kwè ladan yo, li te fè aplikasyon pasaj sa yo ann amoni ak evènman tout moun yo te fèk sot viv. Kòm rezilta, moun yo te santi li nesesè pou yo aji sou baz sa yo te tande a. Èske fason w anseye gen yon efè konsa sou moun yo? Èske w annik bay moun yo enfòmasyon yo oubyen w ede yo konprann yo? Èske w ankouraje yo egzamine fason sa y ap aprann nan ta dwe enfliyanse lavi yo? Yo ka pa di w byen fò “Ki sa pou nou fè?” menm jan foul moun ki te la nan fèt Pannkòt la te di sa, men si w byen aplike vèsè yo, sa ap pouse yo egzamine ki sa ki apwopriye pou yo fè. — Tra. 2:37.

Ou menm ki paran k ap li Bib la avèk pitit ou, ou gen posiblite pou w fòme yo pou yo panse sou fason yo ka aplike prensip ki nan Bib la (Efe. 6:4). Pa egzanp, ou ka chwazi kèk vèsè nan lekti Labib w ap fè pou semèn nan, ou ka pale sou sans vèsè sa yo e ou ka poze kesyon tankou: ‘Ki enstriksyon nou jwenn nan vèsè sa yo? Ki jan nou ka itilize yo nan predikasyon? Ki sa yo aprann nou sou Jewova ak sou fason l aji e ki jan yo ede nou gen plis rekonesans pou li?’ Ankouraje manm fanmi w pou yo fè kòmantè sou pwen sa yo lè y ap suiv pwen enteresan nan lekti Labib nan Lekòl ministè teyokratik la. Y ap plis ka sonje vèsè yo te fè kòmantè sou yo yo.

Bay bon egzanp

Nou pa anseye sèlman ak sa n ap di, men nou anseye tou ak sa n ap fè. Aksyon nou fè se yon egzanp ki montre moun yo fason pou yo aplike sa nou di yo. Se konsa timoun yo aprann. Lè yo imite paran yo, yo montre yo vle vin menm jan avèk yo. Yo vle konnen ki jan y ap santi yo si yo aji menm jan ak paran yo. Menm jan an tou, lè moun n ap anseye yo ‘imite nou, menm jan nou menm nou imite Kris’, y ap kòmanse jwenn benediksyon lefètke y ap mache nan chemen Jewova yo (1 Kor. 11:1). Yo menm tou, y ap vin wè nan lavi yo ki fason Bondye boule avèk yo.

Sa fè nou byen sonje enpòtans sa genyen pou nou bay bon egzanp. Nan 2 Pyè 3:11, Labib montre nou ta dwe ‘gen yon konduit ki sen e nou ta dwe montre nan aksyon nou nou gen atachman pou Bondye’. Lè nou fè sa, sa ap ede nou bay moun n ap anseye yo yon egzanp vivan sou fason yo ka aplike prensip ki nan Bib la. Si w ap ankouraje yon etidyan w pou l li Pawòl Bondye a regilyèman, ou menm, ou dwe fè efò pou w li l regilyèman. Si w vle pou pitit ou aprann viv ann amoni ak prensip ki nan Bib la, lè yo gade w, yo ta dwe wè ou aji ann amoni ak volonte Bondye. Si w ap ankouraje kongregasyon an pou l zele nan predikasyon, veye pou w patisipe afon nan travay sa a. Lè w aplike sa w ap anseye yo, ou plis ka pouse lòt moun alaksyon. — Wom. 2:21-23.

Pou w ka amelyore fason w ap anseye, mande tèt ou: ‘Lè m ap anseye, èske m fè sa yon fason ki ede moun k ap koute m yo chanje konpòtman yo, fason yo pale ak fason yo aji? Pou m ede yo byen konprann sa m ap esplike yo a, èske m montre yo diferans ki genyen ant de ide oswa de konpòtman? Ki sa m fè pou m ede etidyan m, pitit mwen oswa moun k ap koute m nan reyinyon yo sonje sa m di yo? Èske m montre moun k ap koute m yo yon fason klè ki jan pou yo aplike sa y ap aprann yo? Èske yo ka wè sa nan egzanp mwen bay? Èske yo konprann fason yo reyaji fas ak enstriksyon yo resevwa yo ka gen yon enfliyans sou relasyon yo ak Jewova?’ ​(Pwo. 9:10). Kontinye veye sou pwen sa yo toutpandan w ap chèche devlope kapasite w genyen pou w anseye. “Toujou veye sou tèt ou ak sou ansèyman w ap bay. Pèsevere nan bagay sa yo, paske lè w fè sa, w ap sove ni tèt ou, ni moun k ap koute w.” — 1 Tim. 4:16.

POU W KA BYEN ANSEYE

  • Konte sou Jewova, pa konte sou kapasite w genyen

  • Sonje Pawòl Bondye a gen anpil pouvwa, e byen sèvi avè l

  • Fikse objektif pou w onore Jewova, pa chèche atire atansyon sou ou

  • Montre diferans ki genyen ant plizyè bagay pou w ede moun yo byen konprann sa w ap anseye yo

  • Ankouraje moun k ap koute w yo reflechi

  • Ankouraje yo egzamine rezon ki pouse yo aji e ankouraje yo egzamine santiman yo

  • Ankouraje yo chèche wè ki fason konesans yo gen sou Bib la ta dwe enfliyanse lavi yo

  • Ou ta dwe yon egzanp pou yo imite

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje