Kantik 24
Fikse je nou sou pri a!
1. Yon jou avèg la gen pou’l wè.
Moun soud la menm va tande klè.
Dezè a genyen pou’l fleri,
E nan tè sèch dlo pral jayi.
Enfim yo gen pou yo ponpe,
Lanmò ap sispann egziste.
Nou ka viv bèl moman konsa,
Si nou fikse je’n sou pri a.
2. Bèbè yo pral kapab pale,
Granmoun yo ap tounen vin fre.
Tè a pral kapab byen donnen,
Tout bon bagay pap janm gen fen.
Timoun yo pral kontan chante,
Lajwa, lapè pral tout kote,
Lè moun mouri leve, n’ap la,
Si nou fikse je’n sou pri a.
3. Lou avèk ti mouton pral jwe,
Lous ak ti bèf pral menm kote.
Yon tigason pral kondui yo,
Y’ap koute vwa’l ki pa menm gwo.
Dlo nan je pral fini atò,
Panik, lapenn pap la ankò.
N’ap wè jan Bondye fè tousa,
Si nou fikse je’n sou pri a.
(Gade tou Iza. 11:6-9; 35:5-7; Jan 11:24.)