BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ol 8yèm pati p. 25-28
  • Kite fo relijyon an, pratike vrè relijyon an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kite fo relijyon an, pratike vrè relijyon an
  • Èske w jwenn wout lavi ki pap janm fini an?
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Soti nan fo relijyon an
  • Debarase nou ak bagay ki te konn sèvi nan fo adorasyon
  • Vin asosye ak pèp Jewova a
  • Yon sèl fason ki bon pou n adore Bondye
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Adorasyon Bondye apwouve
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Vire do bay fo relijyon!
    Ou kapab vin zanmi Bondye!
  • Kiyès k ap viv nan monn envizib la?
    Èske w jwenn wout lavi ki pap janm fini an?
Gade plis
Èske w jwenn wout lavi ki pap janm fini an?
ol 8yèm pati p. 25-28

8YÈM PATI

Kite fo relijyon an, pratike vrè relijyon an

1. Anrapò ak adorasyon, devan ki chwa moun yo ye jodi a?

JEZI te di: “Nenpòt moun ki pa avè m kont mwen.” ​(Matye 12:30). Se swa nou avèk Jewova oswa nou avèk Satan. Pifò moun panse y ap sèvi Bondye fason ki fè l plezi a, men Labib di Satan “ap twonpe lemonnantye”. (Revelasyon 12:9.) Plizyè milyon moun kwè se Bondye y ap adore, men an reyalite se Satan Ledyab y ap sèvi. Moun yo jodi a devan yon chwa: Yo dwe sèvi swa Jewova, “Bondye verite a”, swa Satan, “papa manti” a. — Sòm 31:5; Jan 8:44.

Soti nan fo relijyon an

2. Bay youn nan fason Satan eseye anpeche moun adore Jewova.

2 Pran desizyon sèvi Jewova se chwa ki saj la, chwa k ap pèmèt yon moun jwenn apwobasyon l. Men, Satan pa kontan ak moun k ap sèvi Bondye. Li bay moun sa yo pwoblèm. Youn nan fason li fè sa se lè li fè moun pase yo nan rizib oswa opoze ak yo, li fè menm zanmi moun sa yo ak fanmi yo fè sa. Men avètisman Jezi te bay: “Wi, ènmi yon moun se pral moun lakay li.” — Matye 10:36.

3. Si fanmi w oswa zanmi w opoze ak adorasyon w ap bay Bondye a, ki sa w ap fè?

3 Si sa rive w, ki jan w ap reyaji? Anpil moun konnen fason y ap adore a pa bon, epoutan yo ezite kite l. Yo panse yo pa t ap fidèl anvè fanmi yo si yo ta fè sa. Èske sa rezonab? Si w aprann gen moun nan fanmi pwòch ou k ap pran dwòg, èske w pa t ap fè yo konnen dwòg se yon danje pou yo? Ou pa t apral nan pran dwòg avèk yo, pa vre?

4. Ki sa Jozye te di Izrayelit yo konsènan adorasyon nan epòk li a?

4 Jozye te ankouraje Izrayelit yo pou yo abandone vye pratik ak vye tradisyon ki gen nan relijyon zansèt yo. Men sa l te di: “Se sa k fè, se pou nou gen lakrentif pou Jewova e se pou nou sèvi l yon fason ki san repwòch e avèk fidelite. Se pou nou retire dye zansèt nou yo t ap sèvi nan lès Rivyè a ak ann Ejip yo nan mitan nou, e se pou nou sèvi Jewova.” ​(Jozye 24:14). Jozye te fidèl anvè Bondye, e Jewova te beni l. Si nou fidèl anvè Jewova, l ap beni nou tou. — 2 Samyèl 22:26.

Ansèyman relijyon yo bay: sa ki verite ak sa ki manti

  • Yon Temwen Jewova k ap etidye Labib avèk yon dam ansanm ak pitit li

    Trinite: Anpil relijyon anseye Bondye se yon Trinite. Yo di: “Papa a se Bondye, Pitit la [Jezi] se Bondye, e Lespri Sen an se Bondye, epoutan pa gen twa Bondye, se yon sèl Bondye ki genyen.”

    Mo “Trinite” a pa menm parèt nan Bib la, nitou Labib pa anseye Jewova se yon Dye an twa pèsòn. Se Jewova sèl ki Bondye. Premye Korentyen 8:6 di: “An reyalite, pou nou menm, gen yon sèl Bondye, se Papa a.” Se Jewova ki anlè tout bagay. Jezi pa Bondye, men li se “Pitit Bondye”. (1 Jan 4:15.) Menm jan an tou, lespri sen pa Bondye. Lespri sen pa menm yon pèsòn. Li se fòs aktif Bondye. — Travay 1:8; Efezyen 5:18.

  • Nanm: Anpil relijyon anseye nanm nan se yon bagay ki anndan yon moun e ki pa ka mouri. Labib anseye nanm nan se moun nan, e se sèten yon moun ka mouri. — Jenèz 2:7; Ezekyèl 18:4.

  • Dife lanfè: Fo relijyon yo anseye nanm moun ki mechan yo al toumante nan lanfè pou toutan. Labib di moun ki mouri yo “pa konn anyen ditou”. (Eklezyas 9:5.) Labib anseye tou “Bondye se lanmou”. (1 Jan 4:8.) Jewova, Bondye ki gen lanmou an, pa t ap janm sèvi ak dife pou l tòtire moun.

Kare: Ki sa Labib anseye sou Trinite, sou nanm ak sou dife lanfè?

Debarase nou ak bagay ki te konn sèvi nan fo adorasyon

Yon dam k ap boule bagay maji li genyen

5. Poukisa nou dwe debarase nou ak bagay ki gen rapò ak maji?

5 Soti nan fo relijyon vle di tou nou dwe detwi tout bagay nou ka genyen ki gen rapò ak maji, tankou gad, bag ak braslè ki monte, ak lòt bagay ankò. Li enpòtan pou n fè sa paske sa ap montre nou met tout konfyans nou nan Jewova.

6. Ki sa kretyen nan premye syèk la te fè ak liv yo te genyen ki te gen rapò ak maji yo?

6 Ann egzamine sa kèk kretyen nan premye syèk la te fè lè yo te deside pratike vrè relijyon an. Labib di: “Anpil moun ki te konn pratike maji te rasanble liv maji yo te genyen yo, e yo te boule yo devan tout moun.” — Travay 19:19.

7. Ki sa nou ka fè si demon ap toumante nou?

7 Kèk nan moun ki vin sèvi Jewova e ki te gen rapò dirèk ak lougawou, fetich, oswa pratik ki gen rapò ak maji ka gen pwoblèm ak demon k ap toumante yo. Si sa rive w, priye Jewova awotvwa, site non l. L ap ede w. — Pwovèb 18:10; Jak 4:7.

8. Ki jan kretyen yo konsidere zidòl, imaj ak foto ki te konn sèvi nan fo adorasyon?

8 Moun ki vle sèvi Jewova pa dwe konsève okenn zidòl, imaj, oswa foto ki te konn sèvi nan fo adorasyon, nitou yo pa dwe sèvi ak bagay sa yo. Vrè kretyen yo “ap mache selon lafwa, [yo] pap mache selon sa [yo] wè”. (2 Korentyen 5:7.) Yo respekte lwa Bondye a ki entèdi moun sèvi ak imaj nan adorasyon y ap ba li. — Egzòd 20:4, 5.

Vin asosye ak pèp Jewova a

Yon manman ak tipitit fi l k ap fè manje ansanm

9. Ki konsèy Labib bay sou fason pou yon moun vin saj?

9 Labib di: “Moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès.” ​(Pwovèb 13:20). Si nou vle vin saj, nou bezwen mache ak Temwen Jewova yo oswa vin asosye ak yo. Se yo menm k ap mache sou wout lavi a. — Matye 7:14.

10. Ki jan Temwen Jewova yo ka ede w pou w sèvi Bondye?

10 Temwen yo vrèman pran ka moun. Travay yo se ede moun ki gen kè sensè konprann verite ki nan Bib la, yon seri verite k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an. Yo ka etidye Labib gratis avè w pou yo ede w. Y ap reponn kesyon ou genyen e y ap montre w ki jan pou w aplike konesans ou jwenn nan Bib la nan lavi w. — Jan 17:3.

11. Ki jan reyinyon Temwen Jewova yo fè yo ap ede w?

11 Nan reyinyon yo fè yo, jeneralman se nan yon Sal Wayòm yo fè yo, w ap aprann plis bagay sou chemen Jewova yo. W ap vin gen plis anvi pou w pratike vrè adorasyon an. Epitou, w ap resevwa fòmasyon sou fason pou w ede lòt moun aprann verite ki nan Bib la. — Ebre 10:24, 25.

Yon reyinyon k ap fèt nan yon Sal Wayòm

12. Ki jan lapriyè ka ede w sèvi Bondye?

12 Ofiramezi w ap aprann plis bagay sou volonte Jewova ak sou objektif li, sandout w ap vin gen plis rekonesans pou chemen l yo ki se chemen lanmou. Ou ta dwe vin gen plis dezi tou pou w fè sa ki fè l plezi e pou w rejte sa k pa fè l plezi. Sonje ou ka pwoche bò kote Jewova nan lapriyè pou w mande l ede w pou w fè sa ki dwat e pou w rejte sa ki mal. — 1 Korentyen 6:9, 10; Filipyen 4:6.

Yon fanmi k ap li Labib ansanm

Ki jan w ka pratike vrè relijyon an?

13. Ki jan w ka fè kè Jewova kontan?

13 Rive yon lè, toutpandan w ap amelyore relasyon w ak Bondye, se sèten w ap wè nesesite pou w vin yon Temwen Jewova ki vwe lavi w e ki batize. Si w vin fè pati pèp Jewova a, w ap fè kè Jewova kontan (Pwovèb 27:11). W ap pami moun ki gen kè kontan Bondye te pale de yo, lè l te di: “M ap abite pami yo e m ap mache pami yo, m ap vin Bondye yo e y ap vin pèp mwen.” — 2 Korentyen 6:16.

Mwen soti anba pouvwa demon yo

Josephine Ikezu ansanm ak kèk nan pitit li yo

Yon nuit pandan mwen t ap dòmi nan kabann ak mari m, mwen tande yon vwa ki nonmen non m twa fwa. Apre sa, mwen wè plafon kay la ouvè de bò, epi yon bagay ki tankou yon boul dife tonbe sou lestomak mwen. Natirèlman, mari m pa t wè anyen. Men, mwen te santi yon chalè terib ki te dire plizyè mwa.

Sis mwa apre, vwa a rele m ankò. Menm moman an, tout kay la sanble plonje anba dlo. Yon gwo sèpan sot nan dlo a vin vlope men m. Mwen eseye fè l lage m, men mwen pa reyisi. Mwen te pè anpil. Apre sa, ni dlo a ni koulèv la disparèt, gen yon bagay ki lage m atè byen fò. Mwen fè plizyè èdtan san konesans. Apre sa, vwa a di m pou m retounen nan yon peristil nan bouk la kote yo fè gerizon. Lè m mande espri a non l, li di m yon non ki siyifi “moun ki posede richès men ki pa gen pitit”. Li te pwomèt mwen l ap ban m pouvwa pou m fè gerizon pou m ka vin rich.

Moun malad te konn sot toupatou vin kote m. Anvan yo rive lakay mwen, yo te parèt nan glas espesyal mwen an. Epi, kou yon moun rive, mwen frape pla men m nan pla men l, e tousuit espri a fè m konnen ki maladi oswa ki pwoblèm moun nan genyen e ki sa m dwe fè pou li. Espri a te fè m konnen tou konbyen kòb moun nan dwe peye.

Moun yo te bay anpil lajan ak anpil kado paske gerizon yo te fèt vre. Mwen te vin “posede richès”, men m te aprann tou sa sa vle di “pa gen pitit”. Chak fwa mwen te ansent, timoun mwen te fè anvan an mouri. Sa te boulvèse m anpil. Pandan 12 ane mwen te fè ap sèvi espri sa a, sis nan pitit mwen yo mouri.

Mwen te kòmanse priye Bondye pou l ede m. Mwen te priye ak tout kè m. Yon jou, Temwen Jewova yo te vin frape pòt mwen. Byenke mwen te konn abitye kouri dèyè yo, jou sa a mwen te deside koute. Nan ti pale nou te fè a, mwen te aprann se yon demon m ap sèvi. Mwen te deside sispann pran kontak ak movèzespri.

Lè m di espri a sa, li ban m pinga kont desizyon m pran an. Men, mwen te di l: “Mwen fini avè w.”

Mwen te boule tout bagay mwen te konn itilize nan fè divinò. Mwen te etidye Labib ak Temwen yo, mwen vin yon sèvitè Jewova e mwen batize an 1973. Kounye a, mwen gen senk pitit e yo an sante. Mari m vin yon Temwen batize tou. — Dapre Josephine Ikezu.

Kare: Ki jan yon dam te soti anba pouvwa demon yo?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje